1 2 3 4 5 kandida a kisa ki anje? kandida f

4
Nan dat 22 jen, rezidan New York yo pral vote nan yon Eleksyon Primè enpòtan nan tout vil la. Eleksyon Primè mwa jen an pral fè enpak sou rezilta yon kantite kous elektoral enpòtan pou Majistra, Defansè Piblik, Kontwolè, Prezidan Minisipalite, ak yon majorite nan 51 syèj Konsèy Minisipal yo. Pòs gouvènmantal kle sa yo pral afekte lavi chak jou nou epi detèmine fason nou rezoud pwoblèm ki pi enpòtan pou rezidan New York yo, tankou lojman, edikasyon, djòb, fason Vil la depanse lajan li, ak sekirite piblik. Lè rezidan New York yo vote nan eleksyon lokal yo, yo kapab prezève demokrasi a, asire yo tande vwa nou, epi ede fòme kominote nou yo. Lè n konnen dwa nou, lè n enskri elektè yo, lè n fè plan pou nou vote, ak lè n fòme kominote nou yo sou nouvo sistèm vòt yo, nou kapab pwoteje demokrasi nou an pou n ale nan direksyon yon angajman sivik ki ranfòse nan toule senk (5) minisipalite yo. Sistèm Vòt Chwa Klase (Ranked Choice Voting, RCV) a Disponib! Kisa ki Anje? Sistèm Vòt Chwa Klase a se yon nouvo sistèm vòt kote ou kapab klase jiska senk (5) kandida nan lòd ou pito a. Ale sou nyc.gov/democracynyc pou jwenn yon bilten vòt entèyaktif ki nan plizyè lang epi pou jwenn plis enfòmasyon sou sistèm Vòt Chwa Klase a. Enskri pou patisipe nan yon Atelye Fòmasyon sou Sistèm Vòt Chwa Klase a, yo ofri nan plizyè lang sou on.nyc.gov/VoterWorkshops. Jwenn plis enfòmasyon sou eleksyon Vil New York yo, sistèm Vòt Chwa Klase a, ki kandida ki sou bilten vòt la, ak dwa w genyen pou vote sou voting.nyc. Pou itilize Sistèm Vòt Chwa Klase a pou vote, ranpli oval ki sou bilten vòt ou a nèt soti agòch rive adwat nan lòd ou pito a. Apati 2021, Vil New York ap sèvi ak sistèm Vòt Chwa Klase a nan eleksyon primè ak eleksyon espesyal yo. 1 2 3 4 5 Kandida A Kandida B Kandida C Kandida D Kandida E Kandida F

Upload: others

Post on 17-Oct-2021

6 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: 1 2 3 4 5 Kandida A Kisa ki Anje? Kandida F

Nan dat 22 jen, rezidan New York yo pral vote nan yon Eleksyon Primè enpòtan nan tout vil la. Eleksyon Primè mwa jen an pral fè enpak sou rezilta yon kantite kous elektoral enpòtan pou Majistra, Defansè Piblik, Kontwolè, Prezidan Minisipalite, ak yon majorite nan 51 syèj Konsèy Minisipal yo. Pòs gouvènmantal kle sa yo pral afekte lavi chak jou nou epi detèmine fason nou rezoud pwoblèm ki pi enpòtan pou rezidan New York yo, tankou lojman, edikasyon, djòb, fason Vil la depanse lajan li, ak sekirite piblik.

Lè rezidan New York yo vote nan eleksyon lokal yo, yo kapab prezève demokrasi a, asire yo tande vwa nou, epi ede fòme kominote nou yo. Lè n konnen dwa nou, lè n enskri elektè yo, lè n fè plan pou nou vote, ak lè n fòme kominote nou yo sou nouvo sistèm vòt yo, nou kapab pwoteje demokrasi nou an pou n ale nan direksyon yon angajman sivik ki ranfòse nan toule senk (5) minisipalite yo.

Sistèm Vòt Chwa Klase (Ranked Choice Voting,

RCV) a Disponib!

Kisa ki Anje?

Sistèm Vòt Chwa Klase a se yon nouvo sistèm vòt kote ou kapab klase jiska senk (5) kandida nan lòd ou pito a.

Ale sou nyc.gov/democracynyc pou jwenn yon bilten vòt entèyaktif ki nan plizyè lang epi pou jwenn plis enfòmasyon sou sistèm Vòt Chwa Klase a.

Enskri pou patisipe nan yon Atelye Fòmasyon sou Sistèm Vòt Chwa Klase a, yo ofri nan plizyè lang sou on.nyc.gov/VoterWorkshops.

Jwenn plis enfòmasyon sou eleksyon Vil New York yo, sistèm Vòt Chwa Klase a, ki kandida ki sou bilten vòt la, ak dwa w genyen pou vote sou voting.nyc.

Pou itilize Sistèm Vòt Chwa Klase a pou vote, ranpli oval ki sou bilten vòt ou a nèt soti agòch rive adwat nan lòd ou pito a.

Apati 2021, Vil New York ap sèvi ak sistèm Vòt Chwa Klase a nan eleksyon primè ak eleksyon espesyal yo.

1 2 3 4 5Kandida A

Kandida B

Kandida C

Kandida D

Kandida E

Kandida F

Page 2: 1 2 3 4 5 Kandida A Kisa ki Anje? Kandida F

Ki diferans ki genyen ant eleksyon primè ak eleksyon jeneral?

Eleksyon jeneral la detèmine ki kandida ki pral eli. Ou pa bezwen enskri nan yon pati politik pou vote nan yon eleksyon jeneral.

Yon eleksyon primè detèmine ki kandida nan chak pati ki pral afiche sou bilten vòt eleksyon jeneral la. Ou dwe enskri nan yon pati politik pou vote nan yon eleksyon primè.

Eleksyon Primè yo:

Eleksyon Jeneral:

Pwochen Dat Enpòtan yo

Eleksyon pou: Majistra Vil New York; Defansè Piblik; Kontwolè; Konsèy Minisipal; Prezidan Minisipalite; ak Pwokirè Distri Manhattan.

• 8 oktòb - Dat Limit pou Enskri pou Vote nan Eleksyon Jeneral la

• 2 novanm - Jou Eleksyon Jeneral la

Pou Majistra Vil New York; Defansè Piblik; Kontwolè; Konsèy Minisipal; Prezidan Minisipalite; ak Pwokirè Distri Manhattan (se pa yon eleksyon RCV).

• 28 me - Dat limit pou enskri pou vote an pèsòn oswa pou mete tenm sou yon fòm enskripsyon elektè

• 15 jen - Dat Limit pou Demann Fòm Vòt pa Korespondans pou Eleksyon Primè

• 12 rive 20 jen - Vòt Bonè pou Eleksyon Primè

• 22 jen - Jou Eleksyon Primè

Page 3: 1 2 3 4 5 Kandida A Kisa ki Anje? Kandida F

Enskri pou Vote:

• Ale nan Depatman Veyikil Amotè (Department of Motor Vehicle, DMV) pou enskri pou vote sou entènèt nan on.nyc.gov/DMVVoterReg (si w gen yon pyès idantite Eta New York).

• Ale sou democracynyc.turbovote.org pou fè yo voye yon fòm enskripsyon ki deja ranpli dirèkteman ba ou nan kourye lapòs.

• Rele Konsèy Elektoral (Board of Elections) la nan 1-866-868-3692 pou mande yon fòm enskripsyon elektè; Konsèy Elektoral la pral voye ba ou yon fòm ki gen yon anvlòp ki deja gen tenm sou li.

Èske w enskri deja?

• Asire w enskripsyon w lan ajou sou nycvotersearch.com.

• Dekouvri kote biwo vòt bonè w la ak biwo kote w ap vote Jou Eleksyon an ye epi gade egzanp bilten vòt ou a sou findmypollsite.vote.nyc.

Genyen twa (3) fason pou asire w yo tande vwa ou nan bwat bilten an: chwazi opsyon ki pi bon pou a!

Vote pa Lapòs:

Si w ta renmen vote pa lapòs, ou kapab mande yon bilten vòt pa korespondans sou entènèt nan nycabsentee.com oswa rele nan 1-866-868-3692.

Vote Jou Eleksyon an:

Ou kapab vote an pèsòn Jou Eleksyon an. Biwo vòt yo ap louvri soti 6è a.m. rive 9è p.m.

Vote Bonè:

Kounye a, chak eleksyon pral genyen 9 jou youn dèyè lòt pou vote bonè, apati 10 jou anvan Jou Eleksyon an! Sa gen ladan de (2) jou wikenn, bonè nan maten, epi ta nan aswè.

Enskripsyon Elektè

Fè Plan Ou pou Vote

Page 4: 1 2 3 4 5 Kandida A Kisa ki Anje? Kandida F

Pou mande yon bilten vòt pa korespondans ki aksesib, ale sou nycabsentee.com/accessibility. Pou jwenn plis enfòmasyon sou aksesibilite pou elektè ak fason pou itilize aparèy pou make bilten vòt la, ale sou on.nyc.gov/VoteAccess.

Nou se yon inisyativ minisipal ki pa nan paspouki. Objektif nou se ogmante patisipasyon elektè yo ak angajman sivik la. DemocracyNYC ap travay tou pou li atake epi elimine baryè istorik ki genyen nan zafè vote a grasa edikasyon piblik la, sansibilizasyon, ak jefò refòm politik yo. Jwenn plis enfòmasyon sou nyc.gov/democracynyc.

Konsèy Elektoral la bay asistans lenguistik nan sèten biwo vòt nan lang Bengali, Chinwa (Kantonè ak Mandaren), Indi, Koreyen, Pendjabi ak Panyòl. Komisyon Angajman Sivik Vil New York (NYC Civic Engagement Commission) ofri asistans lenguistik nan kèk biwo vòt nan lang Arab, Bengali, Chinwa (Kantonè ak Mandaren), Fransè, Kreyòl Ayisyen, Italyen, Koreyen, Polonè, Ris, Oudou, ak Yidich. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou on.nyc.gov/PollLangAssist.

Si w bezwen èd pou li bilten vòt ou an, yon moun ou chwazi (ki pa patwon w ni reprezantan sendika w la) ka ede ou lè w al vote.

New York pa egzije yon pyès idantite pou vote? Si w ap vote pou premye fwa oswa si w pa t ranpli 4 dènye chif Nimewo Sekirite Sosyal ou an oswa nimewo DMV Eta a ki sou fòm enskripsyon elektè w la, nou konseye w pote yon pyès idantite ofisyèl ki gen foto nan biwo vòt yo.

Osijè DemocracyNYC

Aksesibilite nan Biwo Vòt yo

Aksè nan Lang

Èske m bezwen yon pyès idantite pou m vote?