centers plan for fida care complete (medicare-medicaid plan) · 2017-10-11 · centers plan for...

264
Centers Plan for FIDA Care Complete (Medicare-Medicaid Plan) Manyèl Pasipan 2017 H3018_16707_CY2017_HBv2_HC Approved Heart. Health. Home.

Upload: others

Post on 17-Jun-2020

0 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

  • Centers Plan for FIDA Care Complete (Medicare-Medicaid Plan)

    Manyèl Patisipan 2017

    H3018_16707_CY2017_HBv2_HC Approved

    Heart. Health. Home.

  • Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou w jwenn plis enfòmasyon, vizite www.centersplan.com/fida/participants. 1 ?

    Centers Plan for FIDA Care Complete Manyèl Patisipan

    Tabdèmatyè

    Chapit 1: Pou kòmanse antanke Patisipan .................................................................. 6

    Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan ............................................................ 17

    Chapit 3: Itilize pwoteksyon plan an pou swen sante w ansanm avèk lòt sèvis ak atik ki kouvri ................................................................................................ 34

    Chapit 4: Atik ak Sèvis ki Kouvri ................................................................................ 55

    Chapit 5: Jwenn medikaman preskripsyon pasyan ekstèn ou ansanm avèk lòt medikaman ki kouvri atravè plan an ........................................................................................................ 122

    Chapit 6: Konprann kouvèti plan medikaman an ..................................................... 142

    Chapit 7: Mande nou pou nou peye yon fakti ou te jwenn ou sèvis ki kouvri, atik, oswa medikaman ................................................................................................... 148

    Chapit 8: Dwa ak responsablite ou genyen ............................................................. 154

    Chapit 9: Sa pou w fè si w gen yon pwoblèm oswa plent (desizyon sou kouvèti, apèl, doleyans) ................................................................................................................. 180

    Chapit 10: Fason pou sispann patisipasyon ou nan Plan FIDA nou an ................... 232

    Chapit 11: Avi legal ............................................................................................... 242

    Chapit 12: Definisyon mo enpòtan ......................................................................... 248

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 2 ?

    Notifikasyon Sèvis Asistans Lang

    ATTENTION: If you speak English, language assistance services, free of charge, are available to you. Call 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220). KUJDES: Nëse flitni shqip, për ju ka në dispozicion shërbime të asistencës gjuhësore, pa pagesë. Telefononi në 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    )رقم 2745-466-800-1ا كنت تتحدث اذكر اللغة، فإن خدمات المساعدة اللغوية تتوافر لك بالمجان. اتصل برقم ملحوظة: إذ (.1220-421-800-1هاتف الصم والبكم:

    লক্ষ্য করুনঃ যদি আপদন বাাংলা, কথা বলতে পাতেন, োহতল দনঃখেচায় ভাষা সহায়ো পদেতষবা উপলব্ধ আতে। ফ ান করুন ১-800-466-2745 (TTY: ১-800-421-1220)।

    注意:如果您使用繁體中文,您可以免費獲得語言援助服務。請致電 1-800-466-2745(TTY:1-800-421-1220)。

    ATTENTION : Si vous parlez français, des services d'aide linguistique vous sont proposés gratuitement. Appelez le 1-800-466-2745 (ATS : 1-800-421-1220).

    ΠΡΟΣΟΧΗ: Αν μιλάτε ελληνικά, στη διάθεσή σας βρίσκονται υπηρεσίες γλωσσικής υποστήριξης, οι οποίες παρέχονται δωρεάν. Καλέστε 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ATANSYON: Si w pale Kreyòl Ayisyen, gen sèvis èd pou lang ki disponib gratis pou ou. Rele 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ATTENZIONE: In caso la lingua parlata sia l'italiano, sono disponibili servizi di assistenza linguistica gratuiti. Chiamare il numero 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    주의: 한국어를 사용하시는 경우, 언어 지원 서비스를 무료로 이용하실 수 있습니다. 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220)번으로 전화해 주십시오.

    UWAGA: Jeżeli mówisz po polsku, możesz skorzystać z bezpłatnej pomocy językowej. Zadzwoń pod numer 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ВНИМАНИЕ: Если вы говорите на русском языке, то вам доступны бесплатные услуги перевода. Звоните 1-800-466-2745 (телетайп: 1-800-421-1220).

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 3 ?

    ВНИМАНИЕ: Если вы говорите на русском языке, то вам доступны бесплатные услуги перевода. Звоните 1-800-466-2745 (телетайп: 1-800-421-1220).

    ATENCIÓN: si habla español, tiene a su disposición servicios gratuitos de asistencia lingüística. Llame al 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    PAUNAWA: Kung nagsasalita ka ng Tagalog, maaari kang gumamit ng mga serbisyo ng tulong sa wika nang walang bayad. Tumawag sa 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    -800-1خبردار: اگر آپ اردو بولتے ہیں، تو آپ کو زبان کی مدد کی خدمات مفت میں دستیاب ہیں ۔ کال کریں 466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    זענען פארהאן פאר אייך שפראך הילף סערוויסעס פריי פון , אויב איר רעדט אידיש: אויפמערקזאםרופט . אפצאל 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220)

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 4 ?

    1 Janvye 2017 – 31 Desanm 2017

    Kouvèti Sante ak Medikaman ou dapre Centers Plan for FIDA Care Complete Manyèl sa pale w de kouvèti ou dapre Centers Plan for FIDA Care Complete (Plan Medicare-Medicaid) depi dat ou te enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete la jouk rive 31 desanm 2017. Li eksplike kijan Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri sèvis Medicare ak Medicaid yo, ki enkli kouvèti preskripsyon medikaman, san ou pa peye. Li eksplike sèvis swen sante, sèvis sante konpòtmantal, medikaman sou preskripsyon, epi sèvis ak sipò alontèm ke Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri yo. Sèvis ak sipò alontèm yo enkli swen alontèm nan etablisman epi sèvis ak sipò alontèm nan kominote yo. Sèvis ak sipò alontèm nan kominote yo bay swen ou bezwen lakay ou ak nan kominote ou, e yo ka ede redwi chans pou w ale nan yon etablisman swen enfimye oswa nan lopital.

    Sa se yon dokiman legal enpòtan. Tanpri kenbe l yon kote ki an sekirite.

    Centers Plan for FIDA Care Complete se yon Plan Avantaj Konplè pou Moun ki Gen Doub Kalifikasyon (FIDA, Fully Integrated Duals Advantage) ke Centers Plan for Healthy Living ofri. Lè Manyèl Patisipan sa di “nou,” “noumenm,” oswa “pou nou,” li vle di Centers Plan for Healthy Living. Lè li di “plan an” oswa “plan nou an,” li vle di Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Ou ka jwenn enfòmasyon sa a gratis nan lòt lang. Rele 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis.

    您可以免費獲得我們用其他語言提供的該資訊。請致電 1-800-466-2745(TTY/TDD 使用者請致電:1-800-421-1220 或 711),該電話每週 7 天、每天早 8 點至晚 8 點開通。此電話免費。

    Ou ka jwenn enfòmasyon sa a gratis nan lòt lang. Rele 1-800-466-2745, (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou sou sèt, soti 8 am rive 8 pm. Koutfil la gratis.

    Queste informazioni sono disponibili gratuitamente in altre lingue. Chiamare il numero 1-800-466-2745 (o i numeri per utenti TTY/TDD 1-800-421-1220 e 711) sette giorni su sette, tra le ore 8:00 e le 20:00. La telefonata è gratuita.

    이 정보를 무료로 다른 언어로 받을 수 있습니다. 1-800-466-2745 (TTY/TDD 사용자 전화: 1-800-421-1220 또는 711) (연중 무휴, 오전 8시 부터 오후 8시까지)로 전화하십시오. 무료전화입니다.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 5 ?

    Эту информацию можно получить бесплатно на других языках. Позвоните по номеру 1-800-466-2745 (если Вы пользуетесь телетайпом/телефоном с текстовым набором, позвоните по номеру 1-800-421-1220 или 711), с 08:00 до 20:00, в любой день недели. Звонок бесплатный.

    Puede obtener esta información en otros idiomas de manera gratuita. Llame al 1-800-466-2745 (usuarios TTY/TDD llamar al 1-800-421-1220 o al 711), siete días a la semana, de 8 a.m. a 8 p.m. La llamada es gratuita.

    Ou ka jwenn manyèl sa gratis nan lòt fòma yo, tankou gwo karaktè, bray oswa odyo. Rele 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    Ou ka mande tou pou jwenn tout materyèl ou yo nan yon lòt lang. Pou fè demann sa, tanpri rele 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Di reprezantan Sèvis Patisipan lang ou pi pito pou li, epitou ou ta renmen jwenn tout materyèl yo nan lang sa.

    Avètisman Centers Plan for FIDA Care Complete (Plan Medicare-Medicaid) se yon plan jesyon swen ki gen kontra alafwa avèk Medicare e Depatman Sante Eta New York (Medicaid) pou bay benefis toulède pwogram yo a patisipan yo atravè Demonstrasyon Avantaj Konplè pou Moun ki Gen Doub Kalifikasyon (FIDA, Fully Integrated Duals Advantage).

    Yo ka aplike limit ak restriksyon. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete oswa li Manyèl Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete la. Sa a vle di ke ou bezwen swiv sèten règleman nan fason pou Centers Plan for FIDA Care Complete peye pou sèvis ou yo.

    Lis Medikaman ki Kouvri yo ak/oswa rezo famasi ak founisè yo ka chanje pandan tout ane a. Nap voye ba w ou yon avi anvan nou fè yon chanjman kap afekte ou.

    Avantaj yo ka chanje nan dat 1ye Janvye chak ane.

    Eta Nouyòk kreye yon pwogram medyatè patisipan ki rele Rezo pou Defans Dwa Konsomatè Endepandan (ICAN), pou bay Patisipan yo asistans gratis konfidansyèl sou nenpòt sèvis yo ofri nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Ou ka kontakte ICAN gratis nan 1-844-614-8800 oswa sou entènèt nan icannys.org. (Itilizatè TTY yo rele 711, apresa swiv enstriksyon pou konpoze 844-614-8800.)

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 6 ?

    Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Tabdèmatyè

    A. Byenveni nan Centers Plan for FIDA Care Complete ..................................................................... 7

    B. Kisa Medicare ak Medicaid ye?....................................................................................................... 7

    Medicare ......................................................................................................................................... 7

    Medicaid .......................................................................................................................................... 7

    C. Kisa avantaj Plan FIDA sa genyen? ................................................................................................ 8

    D. Nan ki zòn Centers Plan for FIDA Care Complete bay sèvis? ...................................................... 10

    E. Kisa ki fè ou kalifye pou vin yon Patisipan nan plan an? ............................................................... 10

    F. A kisa pou w atann ou lè w fèk antre nan yon plan FIDA .............................................................. 11

    G. Kisa yon Plan Sèvis ki Santre sou Moun ye? ................................................................................ 12

    H. Èske Centers Plan for FIDA Care Complete gen yon kotizasyon mansyèl? ................................. 12

    I. Konsènan Manyèl Patisipan an ..................................................................................................... 12

    J. Ki lòt enfòmasyon w ap jwenn nan men nou? ............................................................................... 12

    Kat Idantifikasyon Patisipan w nan Centers Plan for FIDA Care Complete .................................. 13

    Ànyè Founisè ak Famasi ............................................................................................................... 13

    Lis Medikaman ki Kouvri ............................................................................................................... 14

    Eksplikasyon Benefis yo................................................................................................................ 15

    K. Kijan ou kapab kenbe dosye Patisipan ou ajou? ........................................................................... 15

    Èske nou kenbe enfòmasyon sante pèsonèl ou yo konfidansyèl? ................................................ 16

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 7 ?

    A. Byenveni nan Centers Plan for FIDA Care Complete Centers Plan for FIDA Care Complete se yon Plan Avantaj Konplè pou Moun ki Gen Doub Kalifikasyon (FIDA, Fully Integrated Duals Advantage). Yon Plan FIDA se yon òganizasyon ki gen ladan doktè, lopital, famasi, founisè sèvis ak sipò alontèm, ak lòt founisè. Li genyen tou Kowòdonatè Swen ak Ekip Entè-Disiplinè (IDT, Interdisciplinary Teams) pou ede w jere tout founisè ak sèvis ou yo. Yo tout travay ansanm pou bay swen ou bezwen yo.

    Centers Plan for FIDA Care Complete te apwouve pa Eta New York State ak Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo (CMS, Centers for Medicare & Medicaid Services) pou ba ou sèvis nan kad Demonstrasyon FIDA a.

    FIDA se yon pwogram demonstrasyon Eta New York ak gouvènman federal la jere ansanm pou bay pi bon swen sante pou moun ki gen alafwa Medicare ni Medicaid. Daprè demonstrasyon sa, eta ak gouvènman federal la vle teste nouvo fason pou amelyore fason kijan ou jwenn sèvis swen sante Medicare ak Medicaid ou. Nan moman an, demonstrasyon sa prevwa dire jiska 31 desanm 2017.

    B. Kisa Medicare ak Medicaid ye?

    Medicare Medicare se pwogram asirans sante federal pou:

    moun ki gen 65 an oswa plis, kèk moun ki gen mwenske 65 an ki gen sèten andikap, ak moun ki nan estad final maladi ren (ensifizans renal).

    Medicaid Medicaid se yon pwogram gouvènman federal la ak Eta New York jere ki ede moun ki gen revni ak resous limite peye pou sèvis ak sipò alontèm ak pou depans medikal. Li kouvri sèvis ak medikaman anplis ke Medicare pa kouvri.

    Chak eta deside kisa ki konte kòm revni ak resous e kilès ki kalifye. Chak eta deside tou ki sèvis ki kouvri ak depans pou sèvis yo. Eta yo ka deside egzekite pwòp pwogram yo depi yo swiv règleman federal yo.

    Medicare ak Eta New York dwe apwouve Centers Plan for FIDA Care Complete chak ane. Ou ka jwenn sèvis Medicare ak Medicaid pa lentèmedyè plan nou an osi lontan:

    Ou kalifye pou patisipe nan Demonstrasyon FIDA a,

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 8 ?

    Nou chwazi ofri Plan FIDA a, epi Medicare ak Eta New York apwouve Centers Plan for FIDA Care Complete

    pou patisipe nan Demonstrasyon FIDA a.

    Si kenpòt lè plan nou an sispann fonksyone, kalifikasyon w pou sèvis Medicare ak Medicaid pa pral afekte.

    C. Kisa avantaj Plan FIDA sa genyen? Nan Demonstrasyon FIDA, w ap jwenn tout sèvis Medicare ak Medicaid ki kouvri yo nan Centers Plan for FIDA Care Complete, ki gen ladan sèvis ak sipò alontèm (LTSS, long-term services and supports) ak medikaman preskripsyon. Ou pa peye anyen pou rantre oswa jwenn sèvis nan plan sa a. Toutfwa, si ou gen Medicaid avèk yon “spend-down” oswa “excess income,” w ap gen pou kontinye peye pou spend-down ou an nan Plan FIDA.

    Centers Plan for FIDA Care Complete ap ede rann benefis Medicare ak Medicaid yo travay pi byen ansanm epi mache pi byen pou ou. Men kèk avantaj lè w genyen Centers Plan for FIDA Care Complete:

    W ap genyen yon Ekip Entè-Disiplinè ke w ap ede fòme. Yon Ekip Entè-Disiplinè (IDT, Interdisciplinary Team) se yon gwoup moun k ap vin konnen bezwen ou yo epi travay ansanm avèk ou pou devlope epi reyalize yon Plan Sèvis Ki Santre Sou Moun (PCSP, Person-Centered Service Plan) espesyalman pou bezwen ou yo. IDT ou an ka genyen ladan, yon Kowòdonatè Swen, doktè, founisè sèvis, oswa lòt pwofesyonèl lasante ki la pou ede w jwenn swen ou bezwen an.

    Ou pral gen yon Kowòdonatè Swen. Se yon moun ki travay ak ou, ak Centers Plan for FIDA Care Complete, epi ak founisè swen ou yo pou asire ke ou jwenn swen ou bezwen an.

    W ap kapab dirije pwòp swen ou avèk èd IDT w lan epi Kowòdonatè Swen ou an.

    IDT ak Kowòdonatè Swen an pral travay ansanm avèk ou pou jwenn yon Plan Sèvis ki Santre sou Moun ki deziyen espesyalman pou reponn a bezwen ou yo. IDT a ap gen chaj pou kowòdone sèvis ou bezwen yo. Sa vle di, pa egzanp:

    » IDT ou an ap asire ke doktè ou yo okouran de tout medikaman w ap pran pou yo ka redui tout efè segondè.

    » IDT ou an ap asire ke yo pataje rezilta tès ou yo ak tout doktè yo epi lòt founisè ou yo.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 9 ?

    » IDT ou an ap ede w planifye epi fikse randevou ak doktè yo e lòt founisè yo.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 10 ?

    D. Nan ki zòn Centers Plan for FIDA Care Complete bay sèvis? Zòn sèvis nou an gen ladan konte sa yo nan New York: Bronx, Kings (Brooklyn), New York (Manhattan), Queens, ak Richmond (Staten Island).

    Se sèlman moun ki abite nan zòn sèvis nou ki ka antre nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Si ou demenaje lwen zòn sèvis nou an, ou paka rete nan plan sa a.

    E. Kisa ki fè ou kalifye pou vin yon Patisipan nan plan an? Ou kalifye pou plan nou an depi:

    w ap viv nan zòn sèvis nou an; ou gen dwa a Medicare Pati A, ou enskri nan Medicare Pati B, epi ou kalifye

    pou Medicare Pati D;

    ou kalifye pou Medicaid; ou se yon sitwayen Etazini oswa wap viv legalman nan Etazini; ou gen 21 an oswa piplis nan moman enskripsyon an; ou bezwen 120 oswa plis jou LTSS ki baze sou yon etablisman oswa kominote

    oswa yo se etablisman enfimyè ki kalifye klinikman epi jwenn sèvis sipò alontèm ki baze sou etablisman an ; e

    ou pa eskli nan enskripsyon sou baz yonn nan eksklizyon ki site anba a.

    Y ap eskli w pou pa antre nan plan nou an si:

    ou se yon rezidan yon etablisman Biwo Sante Mantal Eta New York (OMH, Office of Mental Health) oswa yon etablisman sikyatrik;

    wap resevwa sèvi nan sistèm Biwo Eta pou Moun ki gen Andikap nan Devlopman (OPWDD) – keseswa wap jwenn sèvis nan yon etablisman OPWDD oswa sant tretman, jwenn sèvis atravè yon egzansyon OPWDD, keseswa ou te ka jwenn sèvis yo nan yon ICF/IID men ou te chwazi pou pa pran sèvis la, oswa otreman;

    ou ka atann ou pou w kalifye nan Medicaid pou mwens pase sis mwa; ou kalifye pou benefis Medicaid sèlman pou sèvis ki gen rapò ak tibèkiloz,

    sèvis pou kansè nan tete, oswa sèvis pou kansè nan kòl matris;

    wap jwenn sèvis ospis (nan moman enskripsyon an); ou kalifye pou pwogram ekspansyon planin familyal la;

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 11 ?

    ou se yon rezidan yon pwogram trètman alontèm rezidansyèl pou abi alkòl/sibstans;

    ou kalifye pou Ijans Medicaid; ou enskri nan pwogram egzanpsyon 1915(c) pou Twomatis Serebral (TBI,

    Traumatic Brain Injury);

    ou patisipe epi rezide nan yon Pwogram Asistans Pou Viv; oswa ou nan yon Demonstrasyon Swen Fanmi Dakèy

    F. A kisa pou w atann ou lè w fèk antre nan yon plan FIDA Lè ou premye antre nan plan an, wap gen yon evalyasyon konplè sou bezwen ou yo nan premye 90 jou yo, oswa nan lespas sis mwa de dènye evalyasyon w lan si ou te antre nan Centers Plan for FIDA Care Complete apati Centers Plan pou Jesyon Swen Plan Alontèm Healthy Living. Evalyasyon an ap fèt pa yon Enfimye Otorize nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Si Centers Plan for FIDA Care Complete nouvo pou ou, ou ka kontinye wè doktè w ap wè kounye a epi resevwa sèvis kounye a yo pandan yon sèten tan. Sa rele "peryòd tranzisyon." Nan pifò ka yo, peryòd tranzisyon an ap dire 90 jou oswa jiskaske Plan Sèvis ki Santre sou Moun nan fin fèt epi aplike, selon sa ki rive an dènye a.

    Apre peryòd tranzisyon an, w ap bezwen wè doktè ak lòt founisè nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete yo. Yon founisè rezo se yon founisè ki kolabore ak Centers Plan for FIDA Care Complete. Gade Chapit 3 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou jwenn swen.

    Gen de eksepsyon nan peryòd tranzisyon an ki dekri anwo a:

    Si ou se yon rezidan yon etablisman swen enfimye, ou ka kontinye viv nan etablisman swen enfimye sa pandan peryòd Demonstrasyon FIDA a, menmsi etablisman swen enfimye a pa patisipe nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete la.

    Si wap jwenn sèvis nan yon founisè sante konpòtman nan moman enskripsyon w lan, ou ka kontinye jwenn sèvis nan men founisè sa jiskaske tretman an fini, men pa pou plis pase dezan. Se sa ki fèt menmsi founisè a pa patisipe nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 12 ?

    G. Kisa yon Plan Sèvis ki Santre sou Moun ye? Nan 90 premye jou apre dat efektif enskripsyon w lan, w ap rankontre avèk manm yo nan ekip entèdisiplinè ou (IDT) pale sou bezwen ou yo epi devlope Plan Sèvis Moun-Santre ou a (PCSP). Yon PCSP se yon plan konsènan ki sèvis sante, sèvis ak sipò alontèm ak medikaman preskripsyon ou pral jwenn epi kijan w ap jwenn yo.

    W ap genyen yon re-evalyasyon konplè lè li nesesè, men omwen chak sis mwa. 30 jou apre re-evalyasyon konplè a, IDT ou an pral travay ak ou pou mete PCSP w lan ajou. A nenpòt kilè, ou ka mande pou yon nouvo evalyayson oswa yon mizajou nan PCSP ou lè ou rele Kowòdonatè Swen ou.

    H. Èske Centers Plan for FIDA Care Complete gen yon kotizasyon mansyèl?

    Non. Pa gen kotizasyon plan pa mwa ni pa gen lòt depans pou patisipe nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Toutfwa, si ou gen Medicaid avèk yon “spend-down” oswa “excess income,” w ap gen pou kontinye peye pou spend-down ou an nan Plan FIDA.

    I. Konsènan Manyèl Patisipan an Manyèl Patisipan sa fè pati kontra nou avèk ou. Sa vle di ke ou dwe swiv tout règleman ki nan dokiman sa. Si ou panse nou te fè yon bagay ki ale kont règleman sa yo, ou ka fè apèl oswa konteste aksyon nou an. Pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou w fè apèl, gade Chapit 9, rele 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227), oswa rele Rezo Endepandan pou Defans Dwa konsomatè (ICAN) nan 1-844-614-8800. Ou ka depoze plent tou sou kalite sèvis yo nap bay lè ou rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele 1-800-421-1220 oswa 711).

    Kontra a antre anvigè pou mwa yo ou enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete ant 1ye janvye 2017 ak 31 desanm 2017.

    J. Ki lòt enfòmasyon w ap jwenn nan men nou? Ou ta dwe deja jwenn yon Kat ID Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete, yon Anyè Founisè ak Famasi, ak yon a Lis Medikaman ki Kouvri.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 13 ?

    Kat Idantifikasyon Patisipan w nan Centers Plan for FIDA Care Complete Dapre plan nou an, w ap gen yon kat pou sèvis Medicare ak Medicaid ou yo, ki enkli sèvis ak sipò alontèm epi preskripsyon. Ou dwe montre kat sa lè w resevwa nenpòt sèvis oswa preskripsyon. Men yon modèl pou montre w kijan pa w la ap sanble:

    Si kat ou andomaje, pèdi oswa yo vòlè li, rele Sèvis pou Patisipan an imedyatman epi n ap voye yon nouvo kat pou ou.

    Depi ou se yon patisipan nan plan nou an, ou pa bezwen itilize kat Medicare wouj, blan ak ble ou an oswa kat Medicaid ou an pou w jwenn sèvis. Kenbe kat sa yo nan yon kote ki gen sekirite, pou sizoka ou bezwen yo pi devan.

    Ànyè Founisè ak Famasi Anyè Founisè ak Famasi a se yon lis founisè ak famasi ki nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete. Pandan ou se yon Patisipan nan plan nou an, ou dwe itilize founisè ki nan rezo a pou w jwenn sèvis ki kouvri yo. Gen kèk eksepsyon lè ou fèk antre nan plan nou an (gade nan paj 11). Gen kèk eksepsyon si ou paka jwenn yon founisè nan plan nou an ki ka reponn a bezwen ou yo. W ap gen pou diskite sou sa a ak Ekip Entè-Disiplinè w lan (IDT).

    Ou ka mande pou yon Anyè Founisè ak Famasi anyèl lè ou rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele 1-800-421-1220 oswa 711). Ou ka gade tou Anyè Founisè ak Famasi a nan www.centersplan.com/fida/participants oswa telechaje l nan sitwèb sa a.

    Anyè Founisè ak Famasi Centers Plan for FIDA Care Complete la liste non, espesyalis, adrès ak nimewo telefòn founisè ak famasi yo ki nan rezo nou an. Kote li disponib li gen ladan sa ki annaprè a: lang yo pale nan biwo founisè a; keseswa founisè a ap aksepte nouvo pasyan; eksperyans speysal founisè a; si biwo founisè a aksesib pa transpò piblik; ak/oswa chèz woulant aksesib; ak si founisè a sètifye.

    MODÈL MODÈL

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 14 ?

    Kisa "founisè rezo" yo ye?

    Rezo founisè Centers Plan for FIDA Care Complete la gen ladan: o Doktè, enfimyè, ansanm avèk lòt pwofesyonèl swen sante ke ou ka ale

    lakay yo antanke yon Patisipan nan plan nou an;

    o Klinik, lopital, etablisman enfimyè, ansanm avèk lòt kote ki bay sèvis sante nan plan nou an; ak

    o Ajans Sante nan kay, founisè ekipman medikal dirab, ansanm avèk lòt moun ki bay sèvis ak machandiz ke ou jwenn atravè Medicare oswa Medicaid.

    o Rezo nou an gen ladan tou Sipò ak Sèvis Alontèm tankou: Swen Sante Lajounen pou Adilt; Sèvis Anviwonmantal; Livrezon a domisil, Rasanble Manje; Sistèm Repons Ijans Pèsonèl (PERS); Sipò Anviwonmantal ak Sosyal; ak Transpòtasyon.

    Founisè rezo yo dakò aksepte pèman nan plan nou an pou sèvis ki kouvri yo kòm pèman konplè. Lè w wè founisè sa yo, ou p ap gen pou peye anyen pou sèvis ki kouvri yo.

    Kisa "famasi rezo" yo ye?

    Famasi rezo yo se famasi (magazen medikaman) ki dakò pou egzekite preskripsyon pou Patisipan plan nou yo. Itilize Anyè Founisè ak Famasi a pou w jwenn famasi rezo ou vle itilize a.

    Sof pandan yon ijans, ou dwe egzekite preskripsyon ou yo nan yonn nan famasi rezo nou yo si ou vle plan nou an peye pou yo. Ou pa peye lè ou resevwa preskripsyon yo nan famasi rezo yo.

    Rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele 1-800-421-1220 oswa 711) pou jwenn plis enfòmasyon. Toulède sitwèb Sèvis Patisipan ak Centers Plan for FIDA Care Complete ka ba ou enfòmasyon ki pi ajou sou chanjman yo nan rezo famasi ak founisè nou yo.

    Lis Medikaman ki Kouvri Plan an gen yon Lis Medikaman ki Kouvri. Nou rele li "Lis Medikaman" pou pi kout. Li di ki medikaman sou preskripsyon ki kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Lis Medikaman an di w tou si gen nenpòt règleman oswa restriksyon sou nenpòt medikaman, pa egzanp yon limit sou kantite ou ka resevwa a. Gade Chapit 5 pou jwenn plis enfòmasyon sou règleman ak restriksyon yo.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 15 ?

    Chak ane, n ap voye yon kopi Lis Medikaman an pou ou, men gen kèk chanjman ki ka fèt pandan ane a. Pou jwenn enfòmasyon ki pi ajou osijè ki medikaman ki kouvri, vizite www.centersplan.com/fida/participants oswa rele 1-888-266-7460 (itilizatè TTY/TDD yo rele 1-800-421-1220 oswa 711).

    Eksplikasyon Benefis yo Lè w itilize benefis preskripsyon medikaman Pati D ou yo, n ap voye yon rapò rezime pou ede w konprann epi swiv pèman medikaman preskripsyon Pati D ou yo. Rapò rezime sa rele Eksplikasyon Benefis (oswa EOB, Explanation of Benefits).

    Eksplikasyon Benefis la di w montan nou te peye pou chak nan medikaman preskripsyon Pati D ou yo pandan mwa a. Chapit 6 la bay plis enfòmasyon sou Eksplikasyon Benefis yo ak sou fason li ka ede w swiv kouvèti medikaman ou.

    Wap jwenn yon disponib yon Eksplikasyon Benefis yo lè ou mande youn. Pou w jwenn yon kopi, tanpri kontakte Sèvis pou Patisipan an.

    K. Kijan ou kapab kenbe dosye Patisipan ou ajou? Ou ka kenbe dosye Patisipan ou an ajou si w fè nou konnen lè enfòmasyon ou yo chanje.

    Founisè ak famasi yo nan rezo plan an dwe gen bon jan enfòmasyon sou ou. Yo itilize dosye Patisipan w lan pou konnen ki sèvis ak ki medikaman ou resevwa. Poutèt sa, li trè enpòtan pou w ede nou kenbe enfòmasyon ou yo ajou.

    Fè nou konnen sa ki annapre la yo:

    Si ou gen nenpòt chanjman nan non, adrès, oswa nimewo telefòn ou Si ou genyen nenpòt chanjman nan nenpòt lòt kouvèti asirans sante pa

    egzanp nan travay ou, nan travay mari/madanm ou, oswa konpansasyon travayè

    Si ou gen nenpòt reklamasyon pou responsablite, pa egzanp reklamasyon nan yon aksidan machin

    Si ou antre nan yon etablisman swen enfimye oswa nan lopital Si ou pran swen nan yon lopital oswa sal ijans ki pa nan zòn nan oswa ki pa

    nan rezo a

    Si ou chanje moun k ap ba w swen oswa nenpòt moun ki responsab ou Si ou fè pati yon etid rechèch klinik

    http://www.centersplan.com/fida/participants%20or%20call%201-888-266-7460

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 1: Kòmanse antanke yon Patisipan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 16 ?

    Si nenpòt enfòmasyon chanje, tanpri fè nou konnen lè ou rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711).

    Èske nou kenbe enfòmasyon sante pèsonèl ou yo konfidansyèl? Wi. Lalwa egzije ke nou kenbe dosye medikal ak enfòmasyon sante pèsonèl ou yo konfidansyèl. Nou asire nou ke enfòmasyon sante ou yo pwoteje. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason nou pwoteje enfòmasyon sante pèsonèl ou yo, gade Chapit 11, Seksyon D, “Konfidansyalite patisipan ak avi sou pratik pwoteksyon enfòmasyon prive”.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 17 ?

    Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Tab Dèmatyè

    A. Kijan pou kontakte Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete .................................. 19

    Kontakte Sèvis Patisipan pou:....................................................................................................... 19

    Kesyon sou plan an ............................................................................................................. 19

    Kesyon sou reklamasyon, bòdwo, oswa Kat Idantifikasyon Patisipan ................................ 19

    Desizyon sou kouvèti konsènan sèvis ak atik ou yo ........................................................... 19

    Apèl konsènan sèvis ak atik ou yo ...................................................................................... 20

    Doleyans konsènan sèvis ak atik ou ................................................................................... 20

    Desizyon sou kouvèti konsènan medikaman w yo .............................................................. 20

    Apèl konsènan medikaman ou yo ....................................................................................... 20

    Plent pou medikaman ou yo ................................................................................................ 21

    Peman pou swen sante oswa pou medikaman ou peye deja ............................................. 21

    B. Fason pou kontakte Kowòdonatè Swen ou ................................................................................... 22

    Kontakte Kowòdonatè Swen ou pou: ............................................................................................ 23

    Kesyon sou swen ak sèvis, atik, ak medikaman ki kouvri ................................................... 23

    Asistans pou pran randevou ak pou jwenn yo ..................................................................... 23

    Kesyon sou fason pou jwenn sèvis sante konpòtmantal, transpòtasyon, ak sèvis ak sipò alontèm (LTSS)............................................................................................................ 23

    Demann pou sèvis, atik, ak medikaman .............................................................................. 23

    Demann pou yon Re-evalyasyon Konplè oswa chanjman nan yon Plan Sèvis Ki Santre Sou Moun ................................................................................................................ 23

    C. Fason pou Kontakte Liy Apèl pou Konsèy Enfimye ...................................................................... 24

    Kontakte Liy Apèl pou Konsèy Enfimye a pou: ............................................................................. 24

    Kesyon ijan sou sante ou .................................................................................................... 24

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 18 ?

    D. Fason pou kontakte Liy Kriz Sante Konpòtmantal la ..................................................................... 25

    Kontakte Liy Kriz Sante Konpòtmantal la pou: .............................................................................. 25

    Kesyon konsènan sèvis sante konpòtmantal ...................................................................... 25

    Nenpòt pwoblèm ou ta ka genyen ....................................................................................... 25

    E. Fason pou kontakte Koutye Enskripsyon an ................................................................................. 26

    Kontakte New York Medicaid Choice pou: .................................................................................... 26

    Kesyon konsènan opsyon Plan FIDA ou yo ........................................................................ 26

    F. Fason pou kontakte Pwogram Asistans Asirans Sante Eta a (SHIP, State Health Insurance Assistance Program) ......................................................................................................... 27

    Kontakte HIICAP pou: ................................................................................................................... 27

    Kesyon sou asirans sante Medicare ou .............................................................................. 27

    G. Fason pou kontakte Òganizasyon Amelyorasyon Kalite a (QIO, Quality Improvement Organization) ..................................................................................................................................... 29

    Kontakte Livanta pou: ................................................................................................................... 29

    Kesyon konsènan swen sante ou ........................................................................................ 29

    H. Fason pou kontakte Medicare ....................................................................................................... 30

    I. Fason pou kontakte Medicaid ....................................................................................................... 31

    J. Fason pou kontakte Rezo Endepandan pou Defans Dwa Konsomatè (ICAN, Independent Consumer Advocacy Network) .......................................................................................................... 32

    K. Fason pou kontakte Medyatè Swen Alontèm Eta New York la ..................................................... 33

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 19 ?

    A. Kijan pou kontakte Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete

    RELE

    1-800-466-2745 Apèl sa a gratis.

    Sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    Nou gen sèvis entèprèt gratis pou moun ki pa pale Angle.

    TTY 1-800-421-1220 oswa 711 Apèl sa gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    Sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    FAKS 1-347-505-7095

    EKRI Centers Plan for FIDA Care Complete Participant Services

    75 Vanderbilt Avenue, 7th Floor

    Staten Island, NY 10304-2604

    IMÈL [email protected]

    SITWÈB www.centersplan.com/fida/participants

    Kontakte Sèvis Patisipan pou:

    Kesyon sou plan an

    Kesyon sou reklamasyon, bòdwo, oswa Kat Idantifikasyon Patisipan

    Desizyon sou kouvèti konsènan sèvis ak atik ou yo Yon desizyon sou kouvèti se yon desizyon ki di si w ap ka resevwa sèten sèvis ak atik ki kouvri oswa konbyen ou ka resevwa nan sèten sèvis ak atik ki kouvri sa yo.

    Rele noumenm oswa Kowòdonatè Swen ou an si w gen kesyon sou yon desizyon pou kouvèti ke Centers Plan for FIDA Care Complete oswa Ekip Entè-Disiplinè (IDT) ou an te pran osijè sèvis oswa atik ou yo.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou desizyon sou kouvèti, gade Chapit 9.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 20 ?

    Apèl konsènan sèvis ak atik ou yo Yon apèl se yon fason ofisyèl pou mande nou egzaminen yon desizyon ke noumenm oswa IDT ou an te pran konsènan kouvèti ou epi mande nou pou chanje li si w panse noumenm oswa IDT ou an te fè yon erè.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou fè yon apèl, gade Chapit 9.

    Doleyans konsènan sèvis ak atik ou Ou ka depoze yon doleyans (ki rele "fè yon plent" tou) pou noumenm oswa pou nenpòt founisè (ankontan yon founisè andeyò rezo ak founisè rezo). Yon founisè rezo se yon founisè ki kolabore ak Centers Plan for FIDA Care Complete. Epitou ou ka depoze yon plent sou kalite swen ou te resevwa yo bòkote nou oswa bòkote Òganizasyon Amelyorasyon Kalite a (gade Seksyon G ki anba a).

    Remake: Si ou pa dakò avèk yon desizyon pwoteksyon asirans ke Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou te pran osijè sèvis oswa atik ou yo, ou ka depoze yon plent (gade seksyon anwo a, “Plent osijè atik ak sèvis ou ”).

    Epitou ou ka depoze yon plent pou Centers Plan for FIDA Care Complete dirèkteman bòkote Medicare. Ou ka itilize yon fòm sou entènèt nan https://www.medicare.gov/MedicareComplaintForm/home.aspx. Oswa ou ka rele 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227) pou mande èd.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou depoze yon plent, gade Chapit 9.

    Desizyon sou kouvèti konsènan medikaman w yo Yon desizyon sou kouvèti se yon desizyon ki di si w ap ka resevwa sèten medikaman ki kouvri oswa konbyen ou ka resevwa nan yon sèten medikaman ki kouvri. Sa a se pou medikaman Pati D, medikaman sou preskripsyon Medicaid, ak medikaman Medicaid ki pa bezwen preskripsyon jan yo kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Gade nan Chapit 5 ak nan Lis Medikaman Ki Kouvri yo pou jwenn plis enfòmasyon sou benefis medikaman ou yo ak fason ou ka jwenn medikaman ki kouvri yo.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou desizyon sou kouvèti pou medikaman sou preskripsyon ou yo, gade Chapit 9.

    Apèl konsènan medikaman ou yo Yon apèl se yon fason pou mande nou chanje yon desizyon sou kouvèti.

    Pou depoze yon plent Medicaid ak/oswa Medikaman Pati D, tanpri rele Manadjè Benefis Famasi a (PBM), MedImpact nan 1-888-266-7460, 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn (itilizatè TTY/TDD yo rele 1-800-421-1220 oswa 711). Apèl sa a gratis.

    https://www.medicare.gov/MedicareComplaintForm/home.aspx

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 21 ?

    Ou ka fakse tou plent ou a nan 1-855-790-6060, oswa voye plent ou alekri bay MedImpact nan:

    MedImpact Healthcare Systems, Inc. Attention: Appeals/Grievance Department

    10181 Scripps Gateway Ct San Diego, CA 92131

    Pou aprann plis sou fason pou depoze yon apèl sou medikaman sou preskripsyon, gade Chapit 9.

    Plent pou medikaman ou yo Ou ka depoze yon plent (ki rele "fè yon plent" tou) sou noumenm oswa sou nenpòt famasi. Sa gen ladan plent pou medikaman sou preskripsyon w yo.

    Remake: Si ou pa dakò avèk yon desizyon pwoteksyon asirans osijè preskripsyon medikaman ou yo, ou ka depoze yon plent (gade seksyon anwo a, “ REF _Ref455153802 \h \* MERGEFORMAT Plent osijè medikamna ou ”).

    Epitou ou ka depoze yon plent pou Centers Plan for FIDA Care Complete dirèkteman bòkote Medicare. Ou ka itilize yon fòm sou entènèt nan https://www.medicare.gov/MedicareComplaintForm/home.aspx. Oswa ou ka rele 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227) pou mande èd.

    Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou depoze yon plent konsènan medikaman sou preskripsyon w yo, gade Chapit 9.

    Peman pou swen sante oswa pou medikaman ou peye deja Pou w konnen fason pou w mande nou ranbouse w, gade Chapit 7.

    https://www.medicare.gov/MedicareComplaintForm/home.aspx

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 22 ?

    B. Fason pou kontakte Kowòdonatè Swen ou Kowòdonatè Swen an (CM, Care Manager) se yon nès otorize, ki alatèt Ekip Entè-Disiplinè a (IDT, Interdisciplinary Team). Chak Patisipan ki enskri ap gen yon Kowòdonatè Swen (CM). CM ke yo deziyen pou ou an pral:

    a. Apwopriye pou satisfè preferans ou sou plan kiltirèl ak lang, epi b. Deziyen pou zòn jeyografik jeneral kote ou abite a

    Ou ka kontakte Manadjè Swen w lè ou rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 epi mande pou pale avèk Manadjè Swen ou (itiizatè TTY/TDD yo ta dwe rele 1-800-421-1220 oswa 711).

    Patisipan yo, ak/oswa moun k ap ba yo swen, gen dwa ki garanti pou chwazi ak/oswa mande chanje Kowòdonatè Swen yo kenpòt lè. Pou chanje Manadjè Swen ou, tanpri rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itiizatè TTY/TDD yo ta dwe rele 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    RELE

    1-800-466-2745 Apèl sa a gratis.

    Sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    Nou gen sèvis entèprèt gratis pou moun ki pa pale Angle.

    TTY 1-800-421-1220 oswa 711 Apèl sa gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    Sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    FAKS 1-347-505-7095

    EKRI Centers Plan for FIDA Care Complete Participant Services

    75 Vanderbilt Avenue, 7th Floor

    Staten Island, NY 10304-2604

    IMÈL [email protected]

    SITWÈB www.centersplan.com/fida/participants

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 23 ?

    Kontakte Kowòdonatè Swen ou pou:

    Kesyon sou swen ak sèvis, atik, ak medikaman ki kouvri

    Asistans pou pran randevou ak pou jwenn yo

    Kesyon sou fason pou jwenn sèvis sante konpòtmantal, transpòtasyon, ak sèvis ak sipò alontèm (LTSS)

    Demann pou sèvis, atik, ak medikaman

    Demann pou yon Re-evalyasyon Konplè oswa chanjman nan yon Plan Sèvis Ki Santre Sou Moun

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 24 ?

    C. Fason pou Kontakte Liy Apèl pou Konsèy Enfimye Liy Apèl pou Konsèy Enfimye a se yon gwo resous yo founi Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete yo Si w gen kesyon sou sante, ou ka pale ak yon nès diplome lè w rele Liy Apèl pou Konsèy Enfimye Centers Plan for FIDA Care Complete la, 24 sou 24, sèt jou sou sèt. Apèl yo nan Liy Apèl Konsèy Enfimyè a gratis.

    RELE

    1-800-466-2745 Apèl sa a gratis.

    Liy Apèl pou Konsèy Enfimye a disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.

    Nou gen sèvis entèprèt gratis pou moun ki pa pale Angle.

    TTY 1-800-421-1220 oswa 711 Apèl sa gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    Liy Apèl pou Konsèy Enfimye a disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.

    Kontakte Liy Apèl pou Konsèy Enfimye a pou:

    Kesyon ijan sou sante ou

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 25 ?

    D. Fason pou kontakte Liy Kriz Sante Konpòtmantal la

    RELE

    1-844-265-7588 Apèl sa a gratis.

    Kouvèti 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou kriz sante konpòtmantal.

    Nou gen sèvis entèprèt gratis pou moun ki pa pale Angle.

    TTY 1-866-727-9441 Apèl sa a gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    Kouvèti 24 sou 24, 7 jou sou 7 pou kriz sante konpòtmantal.

    Kontakte Liy Kriz Sante Konpòtmantal la pou:

    Kesyon konsènan sèvis sante konpòtmantal

    Nenpòt pwoblèm ou ta ka genyen

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 26 ?

    E. Fason pou kontakte Koutye Enskripsyon an New York Medicaid Choice se Koutye Enskripsyon pou pwogram FIDA a. New York Medicaid Choice ofri konsèy gratis sou opsyon Plan FIDA ou yo epi ede w enskri oswa soti nan yon Plan FIDA.

    New York Medicaid Choice pa gen koneksyon ak okenn konpayi asirans, ni plan swen kowòdone, oswa Plan FIDA.

    RELE 1-855-600-FIDA Apèl sa a gratis.

    Koutye Enskripsyon an disponib Lendi jiska Vandredi, soti 8:30 am pou rive 8:00 pm, epi Samdi soti 10:00 am pou rive 6:00 pm.

    TTY 1-888-329-1541 Apèl sa a gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    EKRI New York Medicaid Choice P.O. Box 5081 New York, NY 10274

    SITWÈB http://www.nymedicaidchoice.com

    Kontakte New York Medicaid Choice pou:

    Kesyon konsènan opsyon Plan FIDA ou yo Konseye New York Medicaid Choice ka:

    » ede ou konprann dwa ou yo,

    » ede ou konprann chwa Plan FIDA ou yo, epi

    » reponn kesyon w sou fason pou chanje pou w ale nan yon nouvo Plan FIDA.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 27 ?

    F. Fason pou kontakte Pwogram Asistans Asirans Sante Eta a (SHIP, State Health Insurance Assistance Program)

    Pwogram Asistans Asirans Sante Eta a (SHIP) bay konsèy gratis sou asirans sante pou moun ki gen Medicare. Nan Eta New York, yo rele Pwogram SHIP la Pwogram Enfòmasyon, Konsèy ak Asistans sou Asirans Sante (HIICAP, Health Insurance Information, Counseling, and Assistance Program).

    HIICAP pa gen koneksyon ak ankenn konpayi asirans, ni plan swen kontwole, oswa Plan FIDA.

    RELE 1-800-701-0501 Apèl sa a gratis.

    SITWÈB http://www.aging.ny.gov/healthbenefits

    Ou kapab rele biwo HIICAP lokal ou an dirèkteman tou.

    BIWO LOKAL RELE EKRI

    Konte Nassau 516-485-3754 Office of Children and Family Services 400 Oak Street Garden City, New York 11530

    New York City 212-602-4180 Department for the Aging Two Lafayette Street, 16th Floor New York, NY 10007-1392

    Suffolk County 631-979-9490 RSVP Suffolk 811 West Jericho Turnpike, Suite 103W Smithtown, NY 11787

    Westchester County

    914-813-6651 Department of Senior Programs & Services 9 South First Avenue, 10th Floor Mt. Vernon, NY 10550

    Kontakte HIICAP pou:

    Kesyon sou asirans sante Medicare ou Konseye HIICAP yo ka:

    » ede ou konprann dwa ou yo,

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 28 ?

    » ede ou konprann chwa Plan Medicare ou yo, epi

    » reponn kesyon w sou fason pou chanje pou w ale nan yon nouvo plan Medicare.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 29 ?

    G. Fason pou kontakte Òganizasyon Amelyorasyon Kalite a (QIO, Quality Improvement Organization)

    Eta nou an gen yon òganizasyon ki rele Livanta. Sa a se yon gwoup doktè ak lòt pwofesyonèl swen sante ki ede amelyore kalite swen pou moun ki gen Medicare. Livanta pa gen koneksyon ak plan nou an.

    RELE 1-866-815-5440 Apèl sa a gratis. Livanta disponib Lendi jiska Vandredi, soti 9:00 am rive 5:00 pm, epi Samdi jiska Dimanch soti 11:00 am rive 3:00 pm.

    TTY 1-866-868-2289 Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    EKRI BFCC-QIO Program 9090 Junction Dr., Suite 10 Annapolis Junction, MD 20701

    IMÈL [email protected]

    SITWÈB http://bfccqioarea1.com

    Kontakte Livanta pou:

    Kesyon konsènan swen sante ou Ou ka depoze yon plent osijè swen ou te jwen si:

    » Ou gen yon pwoblèm ak kalite swen an,

    » Ou panse y ap fè w kite lopital la twò bonè, oswa

    » Ou panse sèvis swen sante lakay, etablisman swen enfimye kalifye, oswa sant reyabilitasyon konplè pou pasyan ki pa entène yo ap fini twò bonè.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 30 ?

    H. Fason pou kontakte Medicare Medicare se pwogram asirans sante federal pou moun ki gen 65 ane oswa ki pi gran, pou sèten moun ki poko gen 65 an ki gen andikap, ak pou moun ki gen maladi ren nan estad tèminal (ensifizans renal pèmanan ki bezwen dyaliz oswa yon grèf ren).

    Ajans federal ki responsab Medicare se Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid, oswa CMS (Centers for Medicare & Medicaid Services).

    RELE 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227) Li gratis pou rele nimewo sa a, 24 sou 24, 7 jou pa semèn.

    TTY 1-877-486-2048 Apèl sa a gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

    SITWÈB http://www.medicare.gov Sa a se sit entènèt ofisyèl Medicare. Li ba ou enfòmasyon ajou konsènan Medicare. Epitou li gen enfòmasyon sou lopital, etablisman swen enfimye, doktè, ajans sante adomisil, ak sant dyaliz. Li genyen tiliv ou ka enprime dirèkteman sou òdinatè ou. Epitou ou ka jwenn kontak pou Medicare nan eta ou an; pou fè sa chwazi “Forms, Help & Resources” (Fòm, Ed ak Resous) apre sa klike sou “Phone numbers & websites” (Nimewo telefòn ak sitwèb)."

    Sit entènèt Medicare a gen zouti sa a pou ede w jwenn plan nan zòn ou an:

    Zouti Pou Chèche Plan Medicare: Bay enfòmasyon pèsonalize sou plan medikaman sou preskripsyon Medicare, plan sante Medicare, ak asirans Medigap (Asirans Siplemantè Medicare) nan zòn ou. Chwazi “Find health & drug plans” (Jwenn plan sante ak medikaman).

    Si w pa gen yon òdinatè, bibliyotèk zòn lan oswa sant pou moun aje w lan ka ede w ale sou sit entènèt sa a ak òdinatè pa yo. Sinon, ou ka rele Medicare nan nimewo ki anwo a epi di yo ki enfòmasyon w ap chèche. Y ap jwenn enfòmasyon an sou sit entènèt la, enprime li, epi voye li ba ou.

    http://www.medicare.gov/

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 31 ?

    I. Fason pou kontakte Medicaid Medicaid ede ak frè pou sèvis ak sipò medikal ak alontèm pou moun ki gen revni ak resous ki limite.

    Ou enskri nan Medicare ak nan Medicaid. Si ou genyen kesyon sou èd ou resevwa nan men Medicaid, rele Liy Èd Medicaid la.

    RELE 1-800-541-2831 Apèl sa a gratis. Liy Èd Medicaid la disponib Lendi jiska Vandredi soti 8:00 am rive 8:00 pm epi Samdi soti 9:00 am rive 1:00 pm.

    TTY 1-877-898-5849 Apèl sa a gratis. Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pwoblèm pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou itilize li.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 32 ?

    J. Fason pou kontakte Rezo Endepandan pou Defans Dwa Konsomatè (ICAN, Independent Consumer Advocacy Network)

    Rezo Endepandan pou Defans Dwa Konsomatè (ICAN), ede moun ki enskri nan yon Plan FIDA jwenn aksè nan sèvis ak atik ki kouvri yo, li ede yo nan kesyon sou bòdwo, oswa lòt kesyon ak pwoblèm. ICAN ka ede w depoze yon plent oswa yon apèl bòkote plan w lan.

    RELE 1-844-614-8800 Apèl sa a gratis. ICAN disponib Lendi pou rive Vandredi soti 8:00 am rive 8:00 pm.

    TTY Rele 711, apresa swiv enstriksyon pou konpoze 844-614-8800.

    IMÈL [email protected]

    SITWÈB http://www.icannys.org

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 2: Nimewo telefòn ak resous enpòtan

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèll la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 33 ?

    K. Fason pou kontakte Medyatè Swen Alontèm Eta New York la Pwogram Medyatè Swen Alontèm nan ede moun jwenn enfòmasyon sou etablisman swen enfimye yo ak lòt kote ki ofri swen alontèm. Epitou li ede moun rezoud pwoblèm ant sant sa yo ak rezidan oswa fanmi yo.

    RELE 1-800-342-9871 Apèl sa a gratis.

    SITWÈB http://www.ltcombudsman.ny.gov

    Epi ou ka rele medyatè swen alontèm pou zòn ou an dirèkteman tou. Ou ka jwenn enfòmasyon sou medyatè nan konte w lan nan lis ki sou sit entènèt annapre la a: http://www.ltcombudsman.ny.gov/Whois/directory.cfm.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 34 ?

    Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Tabdèmatyè

    A. Enfòmasyon sou "sèvis ak atik," "sèvis ak atik ki kouvri" "founisè," ak "founisè rezo" .................. 36

    B. Règ jeneral pou jwenn swen sante, sante konpòtmantal, ak sèvis ak sipò alontèm ki kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete ................................................................................... 36

    C. Ekip Entè-Disiplinè ou (IDT, Interdisciplinary Team) ..................................................................... 38

    D. Kowòdonatè Swen ou ................................................................................................................... 39

    Kisa yon Kowòdonatè Swen ye? ................................................................................................... 39

    Kilès ki gen yon Kowòdonatè Swen? ............................................................................................ 39

    Kijan mwen ka kontakte Kowòdonatè Swen mwen an? ................................................................ 39

    Kijan mwen ka chanje Kowòdonatè Swen mwen an? ................................................................... 40

    E. Fason pou jwenn swen nan men Founisè Swen Prensipal, espesyalis, lòt founisè nan rezo a ak founisè deyò rezo a ............................................................................................................... 40

    Fason pou jwenn swen nan men yon Founisè Swen Prensipal (PCP) ......................................... 40

    Fason pou jwenn swen nan men espesyalis ak lòt founisè rezo ................................................... 41

    E si yon founisè nan rezo a kite plan nou an?............................................................................... 41

    Fason pou jwenn swen nan men founisè deyò rezo a .................................................................. 42

    F. Fason pou jwenn apwobasyon pou sèvis ak atik ki mande otorizasyon alavans .......................... 43

    G. Fason pou jwenn sèvis ak sipò alontèm (LTSS, Long-Term Services and Supports) .................. 44

    H. Fason pou jwenn sèvis sante konpòtmantal ................................................................................. 45

    I. Fason pou jwenn swen ou dirije oumenm ..................................................................................... 45

    J. Fason pou jwenn sèvis transpò ..................................................................................................... 47

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 35 ?

    K. Fason pou jwenn sèvis ki kouvri lè ou gen yon ijans medikal oswa bezwen ijan pou swen, oswa pandan yon katastwòf .......................................................................................................... 47

    Fason pou jwenn swen sante lè ou gen yon ijans medikal ........................................................... 47

    Fason pou jwenn swen ki nesesè nan fason ijan .......................................................................... 49

    Fason pou jwenn w swen pandan yon dezas ................................................................................ 49

    L. E si ou resevwa yon bòdwo dirèkteman pou tout pri sèvis ak atik Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri?.................................................................................................................. 50

    Kisa ou dwe fè si plan nou an pa kouvri sèvis oswa atik? ............................................................. 50

    M. Kijan yo kouvri sèvis swen sante ou lè ou nan yon etid rechèch klinik? ....................................... 50

    Kisa ki yon etid rechèch klinik? ..................................................................................................... 51

    Lè ou nan yon etid rechèch klinik, kiyès ki peye e pou ki bagay? ................................................. 51

    Fason pou jwenn plis enfòmasyon ................................................................................................ 52

    N. Kijan yo kouvri sèvis swen sante lè ou nan yon enstitisyon swen sante relijye non medikal? ........................................................................................................................................ 52

    Kisa ki yon enstitisyon swen sante relijye non medikal? ............................................................... 52

    Ki swen yon enstitisyon swen sante relijye non-medikal plan nou an kouvri? .............................. 52

    O. Règ pou posede ekipman medikal dirab ....................................................................................... 53

    Èske ou pral posede ekipman medikal dirab ou an? ..................................................................... 53

    Kisa k ap pase si ou pèdi pwoteksyon Medicaid ou a? ................................................................. 53

    Kisa k ap pase si ou chanje Plan FIDA ou oswa ou kite FIDA epi antre nan yon Plan MLTC? .......................................................................................................................................... 54

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 36 ?

    A. Enfòmasyon sou "sèvis ak atik," "sèvis ak atik ki kouvri" "founisè," ak "founisè rezo"

    Sèvis ak atik yo se swen sante, sèvis ak sipò alontèm, founiti, sante konpòtmantal, medikaman sou preskripsyon ak san preskripsyon, ekipman ak lòt sèvis. Sèvis ak atik ki kouvri yo se nenpòt nan sèvis sa yo Centers Plan for FIDA Care Complete peye pou yo. Swen sante ak sèvis ak sipò alontèm ki kouvri yo gen ladan sa yo ki nan lis Atik ak Sèvis ki Kouvri ki nan Tablo nan Chapit 4 la ak nenpòt lòt sèvis ke Centers Plan for FIDA Care Complete, IDT ou, oswa yon founisè otorize deside yo nesesè pou swen ou.

    Founisè yo se doktè, enfimyè, ak lòt moun ki ba ou sèvis ak swen. Tèm founisè a gen ladan tou lopital yo, ajans sante adomisil yo, klinik yo ak lòt kote ki ba w sèvis, ekipman medikal ak sèvis ak sipò alontèm.

    Founisè rezo yo se founisè ki kolabore ak plan sante a. Founisè sa yo te dakò pou aksepte peman nou an kòm peman konplè. Founisè rezo yo voye bòdwo ban nou dirèkteman pou swen yo ba ou. Lè w alw kay yon founisè rezo, ou pa gen anyen pou peye pou sèvis oswa atik ki kouvri yo.

    B. Règ jeneral pou jwenn swen sante, sante konpòtmantal, ak sèvis ak sipò alontèm ki kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete

    Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri tout sèvis ak atik ki kouvri nan Medicare ak Medicaid plis kèk sèvis adisyonèl ak atik ki disponib nan Pwogram FIDA a. Sa yo gen nan yo sante konpòtmantal, sèvis ak sipò alontèm, ak medikaman sou preskripsyon.

    Jeneralman Centers Plan for FIDA Care Complete pral peye pou sèvis ak atik ou bezwen yo si ou swiv règ plan an sou fason pou w jwenn yo. Pou yo kapab kouvri:

    Swen ou jwenn yo dwe yon sèvis oswa atik ki kouvri nan plan an. Sa vle di li dwe nan Tablo Atik ak Sèvis ki Kouvri nan plan an. (Tablo a nan Chapit 4 manyèl sa a). Lòt sèvis ak atik ki pa nan lis nan tablo a kapab kouvri tou si Ekip Entè-Disiplinè ou (IDT, Interdisciplinary Team) detèmine yo nesesè pou ou.

    Swen an dwe nesesè medikalman. Nesesè medikalman vle di sèvis ak atik sa yo ki nesesè pou anpeche, dyagnostike, korije oswa geri kondisyon ou genyen ki koze soufrans egi, mete lavi andanje, lakoz maladi oswa enfimite, entèfere

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 37 ?

    avèk kapasite w pou aktivite nòmal, oswa menase kèk andikap enpòtan. Sa a gen ladan swen kap kenbe w pou pa ale lopital oswa nan etablisman enfimyè. Li vle di tou sèvis, founiti oswa medikaman ki reponn a nòm akseptab nan pratik medikal la.

    Ou pral gen pou kolabore ak yon Ekip Entè-Disiplinè (IDT, Interdisciplinary Team) epi ou dwe fè li. IDT ou ap evalye bezwen ou, travay avèk ou ak/oswa moun ou chwazi pou planifye swen ak sèvis ou, epi asire ke ou jwenn swen ak sèvis ki nesesè. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou IDT a nan Seksyon C.

    » Nan pifò ka, ou dwe jwenn otorizasyon Centers Plan for FIDA Care Complete, IDT ou an oswa yon founisè otorize anvan ou kapab jwenn aksè nan sèvis ak atik ki kouvri yo. Se sa yo rele otorizasyon alavans. Pou jwenn plis enfòmasyon sou otorizasyon alavans, gade nan paj 43.

    » Ou pa bezwen otorizasyon alavans pou swen ijans oswa swen ki nesesè nan fason ijan oswa pou wè yon founisè sante pou fanm. Ou ka jwenn lòt kalite swen san pran otorizasyon alavans. Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa, gade nan paj 43.

    W ap gen yon Kowòdonatè Swen k ap sèvi kòm pwen kontak prensipal ou ak IDT w lan. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou Kowòdonatè Swen an nan Seksyon D.

    Ou dwe chwazi yon founisè nan rezo a pou sèvi kòm Founisè Swen Prensipal ou (PCP, Primary Care Provider). Ou ka chwazi tou pou gen PCP kòm yon manm nan IDT ou. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou chwazi oswa pou chanje yon PCP, gade nan paj 40.

    Ou dwe resevwa sèvis ak atik yo nan men founisè yo ki nan rezo a. Anjeneral, Centers Plan for FIDA Care Complete pa pral kouvri sèvis oswa atik ki soti nan yon founisè ki pa nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete la. Men kèk ka kote ou pa bezwen respekte règ sa a:

    » Plan an kouvri ijans ak swen ki bezwen nan yon fason ijan nan men yon founisè ki deyò rezo a. Pou jwenn plis enfòmasyon ak pou wè kisa ijans oswa swen ki nesesè nan fason ijan vle di, gade paj 47.

    » Si w bezwen swen ke plan nou an kouvri epi founisè nou yo paka ba ou li, ou ka resevwa swen sa nan men yon founisè ki pa nan rezo a. Nan sitiyasyon sa a, nou pral kouvri swen an kòmsi ou te resevwa li nan men yon founisè rezo ak san sa pa koute ou anyen. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou resevwa otorizasyon pou wè yon founisè ki pa nan rezo a, gade paj 42.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 38 ?

    » Plan an kouvri sèvis ak atik ki soti nan founisè ak famasi ki pa nan rezo a lè yon founisè oswa famasi pa disponib nan yon distans rezonab ak kay ou.

    » Plan an kouvri sèvis dyaliz pou ren lè ou deyò zòn sèvis plan an pou yon ti tan. Ou ka jwenn sèvis sa yo nan yon sant dyaliz Medicaid sètifye.

    » Lè ou fèk rantre nan plan an, ou ka kontinye wè founisè w ap wè kounye a pandan "peryòd tranzisyon" an. Nan pifò ka yo, peryòd tranzisyon an ap dire 90 jou oswa jiskaske Plan Sèvis ki Santre sou Moun nan fin fèt epi aplike, selon sa ki rive an dènye a. Men, founisè ki pa nan rezo w lan dwe dakò bay tretman kontini ak aksepte peman nou yo. Apre peryòd tranzisyon an, nou p ap kouvri swen ou si ou kontinye wè founisè ki pa nan rezo yo.

    » Si ou se rezidan yon etablisman swen enfimye, ou ka kontinye viv nan etablisman swen enfimye sa pandan peryòd Pwogram FIDA a, menmsi etablisman swen enfimye a pa patisipe nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete la.

    » Si wap jwenn sèvis bò kote yon founisè sante konpòtman nan moman enskripsyon an, ou ka kontinye jwenn sèvis yo nan men founisè sa jiskaske tretman an fini, men pa pou plis pase dezan.

    C. Ekip Entè-Disiplinè ou (IDT, Interdisciplinary Team) Chak Patisipan gen yon Ekip Entè-Disiplinè (IDT). IDT w lan ap gen moun sa yo ladan: Oumenm ak reprezantan ou (yo) ak Kowòdonatè Swen ou

    Ou ka chwazi tou pou gen youn nan moun annapre yo patisipe nan youn oswa tout reyinyon IDT w yo: Founisè Swen Prensipal ou (PCP), ki gen ladan yon doktè, enfimyè pratisyen,

    asistan doktè, oswa espesyalis ki te dakò sèvi kòm PCP ou, oswa yon reprezantan PCP ou an ki gen eksperyans klinik (pa egzanp yon nès diplome (RN), enfimyè pratisyen oswa asistan doktè) e ki konnen bezwen ou yo;

    Pwofesyonèl Sante Konpòtmantal ou (BH, Behavioral Health), si ou gen yonn, oswa yon reprezantan nan kabinè (oswa pratik) Pwofesyonèl BH ou an ki gen eksperyans klinik e ki konnen bezwen ou yo;

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 39 ?

    Èd swen nan kay ou(yo), oswa yon moun yo chwazi ki gen eksperyans klinik nan yon ajans swen nan kay ki gen konesans sou bezwen ou yo, si wap resevwa swen nan kay;

    Yon reprezantan klinik nan etablisman enfimyè ou, si wap resevwa swen nan etablisman enfimyè; ak

    Plis lòt moun tankou: » Lòt founisè yo keseswa se oumenm ki mande oswa moun ou chwazi a,

    oswa jan li rekòmande pa manm IDT yo jan sa nesesè pou planfiye swen adekwat ke oumenm oswa moun ou chwazi a apwouve; oswa

    » Enfimyè otorize (RN, Registered Nurse) ki te fè evalyasyon ou an.

    Kowòdonatè Swen Plan FIDA a ap antèt IDT a. IDT w lan fè planifikasyon sèvis ou epi li devlope Plan Sèvis Ki Santre Sou Moun ou an (PCSP). IDT ou otorize kèk oswa tout sèvis yo nan PCSP ou, selon keseswa PCP ou te patisipe nan pwosesis pou devlope PCSP ou. Centers Plan for FIDA Care Complete paka chanje desizyon sa yo.

    D. Kowòdonatè Swen ou Kisa yon Kowòdonatè Swen ye? Kowòdonatè Swen Plan FIDA a kowòdone Ekip Entèdisiplinè ou an (IDT). Kowòdonatè Swen an pral asire entegrasyon swen medikal, swen konpòtmantal ou, abi sibstans, sèvis ak sipò alontèm ki baze nan kominote oswa nan sant (LTSS, long-term services and supports), ak bezwen sosyal ou. Kowòdonatè Swen an pral kowòdone sèvis sa yo jan sa espesifye nan Plan Sèvis Ki Santre Sou Moun ou an.

    Kilès ki gen yon Kowòdonatè Swen? Tout patisipan yo gen yon Kowòdonatè Swen. Plasman oswa chwa Kowòdonatè Swen ou ap fèt lè w ap enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Kijan mwen ka kontakte Kowòdonatè Swen mwen an? Lè yo chwazi yon Kowòdonatè Swen, Centers Plan for FIDA Care Complete ap ba ou enfòmasyon pou kontakte Kowòdonatè Swen ou an. Sèvis Patisipan kapab ba ou enfòmasyon sa a nenpòt lè pandan patisipasyon w nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 40 ?

    Kijan mwen ka chanje Kowòdonatè Swen mwen an? Ou ka chanje Kowòdonatè Swen ou an kenpòt lè, men ou pral gen pou chwazi nan yon lis Kowòdonatè Swen Centers Plan for FIDA Care Complete. Si ou deja gen yon Kowòdonatè Swen (nan Swen Kontwole Alontèm, oswa MLTC, pa egzanp), ou ka mande pou menm moun nan Kowòdonatè Swen Plan FIDA ou an. Si Kowòdonatè Swen an disponib nan Plan FIDA a tou epi chaj travay Kowòdonatè Swen an pèmèt sa, Centers Plan for FIDA Care Complete dwe aksepte demann ou an. Pou chanje Manadjè Swen yo, kontakte Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    E. Fason pou jwenn swen nan men Founisè Swen Prensipal, espesyalis, lòt founisè nan rezo a ak founisè deyò rezo a

    Fason pou jwenn swen nan men yon Founisè Swen Prensipal (PCP) Ou dwe chwazi yon Founisè Swen Prensipal (PCP) pou ba ou swen ak jere swen ou. Centers Plan for FIDA Care Complete pral ofri w chwa omwen twa Founisè Swen Prensipal pou ou chwazi ladan. Si ou pa chwazi yon PCP, nou pral chwazi youn pou ou. Ou ka chanje PCP ou a nenpòt kilè lè ou kontakte Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm.

    Kisa yon "PCP" ye, ak kisa PCP a fè pou ou?

    Founisè Swen Prensipal ou (PCP) se doktè prensipal ou, epi li pral responsab pou bay anpil nan sèvis swen prevantif ak swen primè ou bezwen yo. PCP ou an ap fè pati Ekip Entè-Disiplinè (IDT, Interdisciplinary Team) ou an, si w chwazi sa. Si PCP w fè pati IDT w la, PCP ou an ap patisipe nan devlopman Plan Sèvis ki Santre sou Moun ou an, nan pran desizyon sou kouvèti kòm yon manm nan IDT ou an, ak nan rekòmande oswa mande anpil nan sèvis ak atik IDT ou an oswa Centers Plan for FIDA Care Complete ap otorize.

    Kijan mwen pral jwenn yon PCP?

    Nou pral ba ou yon chwa omwen twa PCP. Si ou pa chwazi yon PCP, nou pral chwazi youn pou ou. Lè n ap plase yon PCP pou ou, n ap konsidere distans PCP a ak kay ou, nenpòt ki bezwen swen sante espesyal ou genyen, ak nenpòt bezwen lang espesyal ou genyen.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 41 ?

    Si ou deja gen yon PCP lè ou enskri nan plan an, ou pral kapab kontinye wè PCP sa a pandan peryòd tranzisyon an (gade nan paj 42 pou jwenn plis enfòmasyon). Apre peryòd tranzisyon an, ou ka kontinye wè PCP sa a si li nan rezo nou an.

    Èske yon klinik ka PCP mwen?

    Non. PCP ou pa kapab yon klinik epi li dwe yon kalite founisè presi ki ranpli sèten kondisyon. Si PCP a ap travay nan yon klinik epi li ranpli tout lòt kritè, yo ka chwazi founisè sa a kòm yon PCP.

    Pou Chanje PCP ou

    Ou ka chanje PCP ou an pou nenpòt ki rezon, nenpòt lè. Senpleman rele Centers Plan for FIDA Care Complete epi mande pou yon nouvo PCP. Plan an pral travay sou demann ou an epi di ou dat chanjman an ap anvigè, ki va nan lespas senk jou ouvrab apre demann ou an.

    Si PCP ou gen kounye a kite rezo nou an oswa li vin pa disponib, Centers Plan for FIDA Care Complete ap ofri ou yon opòtinite pou chwazi yon nouvo PCP.

    Fason pou jwenn swen nan men espesyalis ak lòt founisè rezo Yon espesyalis se yon doktè ki bay swen sante pou yon maladi presi oswa yon pati presi nan kò a. Gen plizyè kalite espesyalis. Men kèk egzanp:

    Onkolojis bay swen pou pasyan ki gen kansè. Kadyològ bay swen pou pasyan ki gen pwoblèm kè. Òtopedis bay swen pou pasyan ki gen pwoblèm nan zo, jwenti, oswa nan misk.

    Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT w la ap otorize vizit kay espesyalis ki apwopriye pou pwoblèm ou yo. Aksè nan espesyalis yo dwe gen otorizasyon Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou pa lentèmedyè yon otorizasyon pèmanan oswa pa lentèmedyè otorizasyon davans pou yon kantite vizit fiks kay espesyalis la. Enfòmasyon sa a ap nan Plan Sèvis ki Santre Sou Moun ou an (PCSP).

    E si yon founisè nan rezo a kite plan nou an? Yon founisè rezo w ap itilize ka kite plan nou an. Si youn nan founisè ou kite plan nou an, ou gen sèten dwa ak pwoteksyon ki rezime pi ba a:

    Menmsi founisè rezo nou an ka chanje pandan ane a, nou dwe ba ou aksè nan founisè kalifye san enteripsyon.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 42 ?

    Lè sa posib, nou pral ba ou avi 15 jou omwen dekwa pou ou gen tan chwazi yon nouvo founisè.

    N ap ede ou chwazi yon nouvo founisè kalifye pou kontinye jere bezwen swen sante ou yo.

    Si wap swiv tretman medikal, ou gen dwa pou mande, e nou pral travay avèk ou pou asire, ke tretman wap pran ki nesesè medikalman pa entèwonp.

    Si ou kwè nou pa te ranplase founisè ou te gen anvan an avèk yon founisè ki kalifye oswa ou kwè swen ou pa jere byen, ou gen yon dwa pou fè yon apèl kont desizyon nou an.

    Si ou dekouvri youn nan founisè ou yo kite plan nou an, tanpri kontakte nou pou nou ka ede w jwenn yon nouvo founisè ak jere swen ou. Reprezantan Sèvis Patisipan nou yo disponib sèt jou pa semèn, apati 8am pou rive 8pm nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY yo rele 1-800-421-1220 oswa 711). Apèl sa a gratis.

    Fason pou jwenn swen nan men founisè deyò rezo a Si w bezwen swen ke plan nou an kouvri epi founisè rezo nou yo paka ba ou li, ou ka jwenn pèmisyon nan men Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou an pou resevwa swen sa nan men founisè deyò rezo a. Nan sitiyasyon sa a, nou pral kouvri swen an kòmsi ou te resevwa li nan men yon founisè rezo ak san sa pa koute ou anyen. Pou jwenn plis enfòmasyon osijè pou jwenn pèmisyon pou jwenn swen nan yon founisè ki andeyò rezo a, tanpri rele Manadjè Swen ou nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY yo rele 1-800-421-1220 oswa 711).

    Sonje byen, lè w ou fèk antre nan plan an, ou ka kontinye wè founisè w ap wè nan moman an pandan "peryòd tranzisyon" an. Nan pifò ka yo, peryòd tranzisyon an ap dire 90 jou oswa jiskaske Plan Sèvis ki Santre sou Moun nan fin fèt epi aplike, selon sa ki rive an dènye a. Pandan peryòd tranzisyon an, Kowòdonatè Swen ou ap kontakte ou pou ede w jwenn ak chanje pou ale nan founisè ki nan rezo nou an. Apre peryòd tranzisyon an, nou pa pral peye pou swen ou yo ankò si kontinye wè founisè deyò rezo a, sof si Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou an te otorize ou kontinye wè founisè deyò rezo a.

    Tanpri sonje: Si ou bezwen ale kay yon founisè ki pa nan rezo a, tanpri travay avèk Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou an pou jwenn otorizasyon pou wè yon founisè deyò rezo a ak pou jwenn yonn ki ranpli kondisyon ki aplikab pou Medicare oswa Medicaid. Si ou ale kay yon founisè ki pa nan rezo a san ou pa resevwa otorizasyon Plan an oswa IDT a anvan, ou ka gen pou peye pou tout frè sèvis ou jwenn yo.

  • MANYÈL PATISIPAN Centers Plan for FIDA Care Complete Chapit 3: Fason pou itilize kouvèti plan an pou swen sante ou ak lòt sèvis ak atik ki kouvri

    Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete na