enstale panno nan fenèt yo - university of florida · 2020. 8. 28. · figi 1. panno ki ka desann...

3
ABE375HAI Enstale Panno Nan Fenèt yo 1 Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A Lenfesty ak Barbara Haldeman 2 1. Dokiman sa a se AE419, youn nan senk nan yon seri de Depatman Jeni Agrikilti ak Byolojik, UF / IFAS ekstansyon. Dat piblikasyon orijinal novanm 2005. Revize Jiye 2007, Jiye 2010, ak mwa Dawou 2020. Vizite sitweb EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vesyon an kounye a sipote nan piblikasyon sa a. 2. Hal S. Knowles III, konferansye epi chaje misyon, devlòpman dirab ak anviwònman nan batiman epi Depatman Ibanism ak Amenajman teritwa, College of Design, Construction and Planning; Craig Miller, asosye nan Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Kathleen C. Ruppert, pwofesè emerit, Pwogram Efikas pou Resous Kominote ; Karla A. Lenfesty, ajan syans lafanmi ak konsomasyon, rerete, UF/IFAS Ekstansyon konte St. Lucie ak Barbara Haldeman, asistan editè, Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Ekstansyon UF/IFAS, Gainesville, FL 32611 The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal Opportunity Institution authorized to provide research, educational information and other services only to individuals and institutions that function with non-discrimination with respect to race, creed, color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital status, national origin, political opinions or affiliations. For more information on obtaining other UF/IFAS Extension publications, contact your county’s UF/IFAS Extension office. U.S. Department of Agriculture, UF/IFAS Extension Service, University of Florida, IFAS, Florida A & M University Cooperative Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Nick T. Place, dean for UF/IFAS Extension. Zòn ki pi fasil pou sibi domaj lè siklòn se fenèt ki pa pwoteje yo. Jan nou te diskite nan dokiman nou an, Èske Kay nou Pare?, Fenèt ki kraze yo gen dwa kite van ak lapli rantre nan kay la epi petèt lakòz do kay la rache. Ki Sa Ki Fè yon Fenèt Solid? Gen moun ki kole mòso adezif sou vit fenèt yo pou pwoteje yo. Lè w kole adezif sou fenèt la, li pa fè vit la vin pi solid epi li pap pwoteje kay la kont debri van an ap pote. Menm vit ki fèt pou reziste ak gwo van gen dwa kraze lè presyon van an fò nan enkadreman fenèt la. Menm jan an, papye plastik espesyal ke moun mete sou vit yo pa yon mezi pou byen pwoteje fenèt yo. Sèl jan pou pwoteje fenèt yo se pou w enstale panno ladan yo. Kouman Pou Mwen Chwazi Bon Panno? Chak mèt kay ta dwe enstale panno ki satisfè bezwen pèsonèl yo oswa ki pi bon pou yo. Kèk faktè enpòtan pou nou konsidere se pri a, fasilite nan enstalasyon an epi nan ki nivo li pwoteje kay la. Panno kapab pwoteje kont bagay kap vole nan lari a oswa kont presyon van an fè nan fenèt yo, gwo pòt ki genyen vit, pòt vit ki gen koulis ak tout lòt ouvèti. Kelkeswa kalite panno ou chwazi, fòk ou byen enstale li pou w jwenn bon jan pwoteksyon. Lòt Bagay Pou Nou Konsidere Si objektif ou se bon jan pwoteksyon, chwazi pwodwi ke konte Miami Dade di ke w ka itilize (gade sit entènèt pwodwi nou bay anba a). Men enstale panno yo sèlman pa ase. Li enpòtan anpil pou w itilize bon jan teknik konstriksyon pou panno yo ret solid/fèm epi diminye chans pou lòt bagay pa vole vinn frape yo. Bagay pou nou gade: • Retire tout bagay ki deyò nan lakou yo kankou chèz, tab, bwat fatra/bwat resiklaj, plant, elatriye. • Boulonnen panno yo nan strikti kay la, PA nan fenèt oswa enkadreman pòt. • Itilize materyèl ki paka wouye nan tout sistèm nan tankou panno yo ak boulon yo. Lòt Resous Konte Miami-Dade | Miami-Dade County: Permit- ting, Environment and Regulatory Affairs – Product Control Search: http://www.miamidade.gov/building/ pc-search_app.asp National Oceanographic and Atmospheric Administra- tion (NOAA), Atlantic Oceanographic and Meteorologi- cal Laboratory (AOML) Hurricane Research Division: Flyers. Instructions for building plywood hurricane shutters: https://www.aoml.noaa.gov/hrd/flyers/Building- WoodenShutters.pdf

Upload: others

Post on 22-Mar-2021

0 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Enstale Panno Nan Fenèt yo - University of Florida · 2020. 8. 28. · Figi 1. Panno ki ka desann otomatik. Kredi: UF/IFAS Estansyon Konte St Lucie Figi 2. Panno ki gen fòm akòdeyon

ABE375HAI

Enstale Panno Nan Fenèt yo1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A Lenfesty ak Barbara Haldeman2

1. Dokiman sa a se AE419, youn nan senk nan yon seri de Depatman Jeni Agrikilti ak Byolojik, UF / IFAS ekstansyon. Dat piblikasyon orijinal novanm 2005. Revize Jiye 2007, Jiye 2010, ak mwa Dawou 2020. Vizite sitweb EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vesyon an kounye a sipote nan piblikasyon sa a.

2. Hal S. Knowles III, konferansye epi chaje misyon, devlòpman dirab ak anviwònman nan batiman epi Depatman Ibanism ak Amenajman teritwa, College of Design, Construction and Planning; Craig Miller, asosye nan Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Kathleen C. Ruppert, pwofesè emerit, Pwogram Efikas pou Resous Kominote ; Karla A. Lenfesty, ajan syans lafanmi ak konsomasyon, rerete, UF/IFAS Ekstansyon konte St. Lucie ak Barbara Haldeman, asistan editè, Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Ekstansyon UF/IFAS, Gainesville, FL 32611

The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal Opportunity Institution authorized to provide research, educational information and other services only to individuals and institutions that function with non-discrimination with respect to race, creed, color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital status, national origin, political opinions or affiliations. For more information on obtaining other UF/IFAS Extension publications, contact your county’s UF/IFAS Extension office. U.S. Department of Agriculture, UF/IFAS Extension Service, University of Florida, IFAS, Florida A & M University Cooperative Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Nick T. Place, dean for UF/IFAS Extension.

Zòn ki pi fasil pou sibi domaj lè siklòn se fenèt ki pa pwoteje yo. Jan nou te diskite nan dokiman nou an, Èske Kay nou Pare?, Fenèt ki kraze yo gen dwa kite van ak lapli rantre nan kay la epi petèt lakòz do kay la rache.

Ki Sa Ki Fè yon Fenèt Solid?Gen moun ki kole mòso adezif sou vit fenèt yo pou pwoteje yo. Lè w kole adezif sou fenèt la, li pa fè vit la vin pi solid epi li pap pwoteje kay la kont debri van an ap pote.

Menm vit ki fèt pou reziste ak gwo van gen dwa kraze lè presyon van an fò nan enkadreman fenèt la. Menm jan an, papye plastik espesyal ke moun mete sou vit yo pa yon mezi pou byen pwoteje fenèt yo. Sèl jan pou pwoteje fenèt yo se pou w enstale panno ladan yo.

Kouman Pou Mwen Chwazi Bon Panno?Chak mèt kay ta dwe enstale panno ki satisfè bezwen pèsonèl yo oswa ki pi bon pou yo. Kèk faktè enpòtan pou nou konsidere se pri a, fasilite nan enstalasyon an epi nan ki nivo li pwoteje kay la.

Panno kapab pwoteje kont bagay kap vole nan lari a oswa kont presyon van an fè nan fenèt yo, gwo pòt ki genyen vit, pòt vit ki gen koulis ak tout lòt ouvèti. Kelkeswa kalite panno ou chwazi, fòk ou byen enstale li pou w jwenn bon jan pwoteksyon.

Lòt Bagay Pou Nou KonsidereSi objektif ou se bon jan pwoteksyon, chwazi pwodwi ke konte Miami Dade di ke w ka itilize (gade sit entènèt pwodwi nou bay anba a). Men enstale panno yo sèlman pa ase. Li enpòtan anpil pou w itilize bon jan teknik konstriksyon pou panno yo ret solid/fèm epi diminye chans pou lòt bagay pa vole vinn frape yo. Bagay pou nou gade:

• Retire tout bagay ki deyò nan lakou yo kankou chèz, tab, bwat fatra/bwat resiklaj, plant, elatriye.

• Boulonnen panno yo nan strikti kay la, PA nan fenèt oswa enkadreman pòt.

• Itilize materyèl ki paka wouye nan tout sistèm nan tankou panno yo ak boulon yo.

Lòt ResousKonte Miami-Dade | Miami-Dade County: Permit-ting, Environment and Regulatory Affairs – Product Control Search: http://www.miamidade.gov/building/pc-search_app.asp

National Oceanographic and Atmospheric Administra-tion (NOAA), Atlantic Oceanographic and Meteorologi-cal Laboratory (AOML) Hurricane Research Division: Flyers. Instructions for building plywood hurricane shutters: https://www.aoml.noaa.gov/hrd/flyers/Building-WoodenShutters.pdf

Page 2: Enstale Panno Nan Fenèt yo - University of Florida · 2020. 8. 28. · Figi 1. Panno ki ka desann otomatik. Kredi: UF/IFAS Estansyon Konte St Lucie Figi 2. Panno ki gen fòm akòdeyon

2Enstale Panno Nan Fenèt yo

Ki Opsyon Panno Ke Nou Genyen?Foto Panno Kalite Panno Ak Detay Pri

Panno ki ka desann otomatik (Automatic Rolldown)

Panno sa yo ka woule desann, yo sòti nan yon bwat ki anwo chak kote yo bezwen pwoteje. Yo jeneralman fèt ak bon jan metal epi yo ka lòk li nan pati anba a.

Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize, vini ak motè tou.

Kont: chè anpil

Akòdeyon (Accordion)

Pri $$$

Yo rale panno sa yo sou kote de bò ouvèti fenèt nou bezwen pwoteje a. Yo fèt jeneralman ak bon jan metal epi yo ka lòk li ansanm oswa nan mitan sou yon pyès ki divize yo divize yo.

Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize.

Kont: yon ti jan chè, pa twò bèl sou yon plan achitekti.

Ònenn (Awning)

Pri $$$

Panno sa yo desann tou dwat sou miray la epi yo fèmen yo ak kadna sou miray la. Yo fè yo ak metal oswa faybèglas epi yo bay bon jan lonbraj lè yo pap itilize yo.

Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize.

Kont: yon ti jan chè, pa twò bèl sou yon plan achitekti.

Ònenn Bahama ak Panno Kolonyal

Pri $$$

Ou gen dwa itilize panno sa yo tankou Ònenn (Ki bay lonbraj lè ou pap itilize li) oswa nan stil Kolonyal.

Figi 1. Panno ki ka desann otomatik.Kredi: UF/IFAS Estansyon Konte St Lucie

Figi 2. Panno ki gen fòm akòdeyon.Kredi: www.hurricaneshuttercompany.com

Figi 3. Panno.Kredi: Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfè (NOAA), Laboratwa Oseyanografik ak Meteyowolojik Atlantik (AOML), Divizyon Rechèch Siklòn (HRD)

Figi 4. Ònenn Bahama ak Panno.Kredi: www.stormshutters.com

Page 3: Enstale Panno Nan Fenèt yo - University of Florida · 2020. 8. 28. · Figi 1. Panno ki ka desann otomatik. Kredi: UF/IFAS Estansyon Konte St Lucie Figi 2. Panno ki gen fòm akòdeyon

3Enstale Panno Nan Fenèt yo

Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize, bèl sou yon plan achitekti.

Kont: yon ti jan chè, Fòs yo depann de fòm yo.

Kadran pou Siklòn

Pri $$–$$$

Panno sa yo fèt ak yon twal ki solid anpil epi ki ka redwi domaj van an ak fòs enpak debri.

Pou: pa twò chè, kite limyè pase, fasil pou sere yon kote.

Kont: yon ti jan modèn, enpak debri yo gen dwa kraze vit fenèt ki gen kontak ak kadran an. Li pi bon pou ouvèti ki pa genyen vit.

Panno pou Siklòn

Pri $$

Panno sa yo ou dwe sere yo epi enstale yo sèlman lè gen siklòn. Yo fèt an fè/asye oswa aliminyòm ki kapab fèmen/lòk nan yon kanal ki deja enstale ki anwo oswa anba kote (ouvèti) ki bezwen pwoteksyon an oswa nou kapab boulon-nen ak vis dirèkteman nan kay la.

Pou: bon mache, solid.

Kont: anpil fwa yo lou, difisil pou enstale epi sere

Playwoud

Pri $

Pou plis enfòmasyon, gade piblikasyon Protect with Plywood (https://edis.ifas.ufl.edu/ae412).Figi 5.

Kredi: www.stormshutters.com

Figi 6.Kredi: Pwogram ki Monitè Kòt Laflorid