gid paran pou chwa lekòl daprè lwa okenn timoun pa dwe rete dèyè (nclb)

28
Gid paran pou Chwa Lekòl daprè lwa Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB) Distri lekòl rejyon Palm Beach - 2011

Upload: conor

Post on 24-Feb-2016

90 views

Category:

Documents


0 download

DESCRIPTION

Gid paran pou Chwa Lekòl daprè lwa Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB). Distri lekòl rejyon Palm Beach - 2011. Pwogrè anyèl adekwa (AYP). AYP detèmine ki lekòl ak elèv Tit l ki kalifye pou chwa lekòl NCLB . Pwogrè anyèl adekwa (AYP). - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Gid paran pou Chwa Lekòl daprè lwa

Okenn timoun pa dwe rete dèyè(NCLB)

Distri lekòl rejyon Palm Beach - 2011

Page 2: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Pwogrè anyèl adekwa (AYP)

AYP detèmine ki lekòl ak elèv Tit l ki kalifye pou chwa lekòl

NCLB

Page 3: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Pwogrè anyèl adekwa (AYP) • Mezire Pwogrè tout elèv yo nan lekti,

matematik ak konpozisyon • Mezire to gradyasyon

• Lekòl la dwe fè omwen yon mwayèn “C” oswa yon pi bon nòt

• Si lekòl la pa fè AYP nan tout domèn yo ak nan tout sougwoup yo, l ap peye konsekans yo

Page 4: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Pwogrè anyèl adekwa (AYP)

Pwogram NCLB a egzije tout lekòl pou mezire Pwogrè anyèl adekwa (AYP)

TOUT lekòl piblik resevwa pwen AYP yoLekòl ki pa gen-Tit I Lekòl Tit ILekòl semiprive

AYP a mezire pwogrè nèf sougwoup

Page 5: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Nèf sougwoup yo Tout Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen etazini

Elèv ki soti nan fanmi ki defavorize ekonomikman

Elèv ki pa pale anglè byen

Elèv ki gen andikap (SWD)

Page 6: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Pou atenn AYP a Lekòl la dwe fè yon mwayèn ki omwen “C” EPI95% nan chak sougwoup dwe evalye EPIChak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj ki tabli

pou “lòt” endikatè yo mande (ekriti ak gradyasyon) EPIChak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj

konpetans ki tabli pou lekti ak matematik.

Page 7: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Objektif konpetans

Ane

Lekti Matematik

% Konpetans

RevizeOgmantasyon % Konpetans

Revize Ogmantasyon

2009-10 72 7 74 62010-11 79 7 80 6

2011-12 86 7 86 62012-13 93 7 93 72013-14 100 7 100 7

Page 8: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Rapò pwogrè anyèl adekwa distri a

Page 9: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Si pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP)Sa k ap rive aprè? Malgre TOUT lekòl jwenn yon mwayèn

pou AYP yo, se sou lekòl Tit l yo sèlman li gen konsekans epi se lekòl sa yo ke yo idantifye kòm “lekòl ki bezwen fè pwogrè” Lekòl (SINI)

Aprè 2 ane konsekitif san pwogrè adekwa (AYP), y ap konsidere lekòl sa a kòm “lekòl ki bezwen fè pwogrè” (SINI)

Page 10: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Konsekans NAYP

1 Ane NAYP Revize plan ameliorasyon lekòl –Adrès sougwoup ki pa fè AYP

2 Ane NAYP - SINI 1 *Sèvis edikasyonèl siplemantè3 Ane NAYP - SINI 2 * Chwa transfè NCLB ak

transpòtasyon4 Ane NAYP - SINI 3 *Aksyon korektiv (Plan AAA) 5 Ane NAYP - SINI 4 *Plan pou Restriktirasyon 6 Ane NAYP - SINI 5 *Aplike Plan Restriktirasyon

*Konsekans yo kimilativ. Yo aplike menm konsekans yo chak ane, plis yo ajoute nouvo konsekans yo.

Page 11: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Chwa paran yo nan rejyon Palm Beach

Yo bay tout paran ki gen timoun nan yon lekòl Tit l ki pa fè pwogrè adekwa pandan omwen de ane yon seri chwa pou edikasyon pitit yo

Lekòl la pa fè pwogrè adekwa (AYP) pandan

Chwa NCLB

2 aneRete nan lekòl ou ye a oswa

Resevwa Sèvis edikasyon siplemantè (SES)(si w elijib)

3 ane oswa plisRete nan lekòl ou ye a oswa

Resevwa Sèvis edikasyon siplemantè (SES)(si w elijib) oswa

Transfè nan yon lòt lekòl

Page 12: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Chwa lekòl NCLB Poukisa pitit mwen kalifye pou

chwa lekòl?Timoun yo kalifye pou chwazi lòt lekòl lè lekòl ki gen pwogram Tit l yo ye a pa fè pwogrè adekwa (AYP) pandan omwen de ane konsekitif jan lwa Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè a (NCLB) mande li a.

Page 13: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Sèvis edikatif siplemantè (SES)

Kisa sèvis edikatif siplemantè a ye?“Sèvis edikatif siplemantè” bay leson patikilye ak lòt sèvis akademik adisyonèl nan lekti, syans ak matematik. Se ajans prive ki bay sèvis adisyonèl sa yo aprè lekòl, anvan lekòl oswa nan wikenn.

Page 14: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Sèvis edikasyon siplemantè (SES) Kijan m ap fè konnen si pitit mwen

an kalifye pou SES? Pitit ou a elijib si li:

ale nan yon lekòl Tit I ki pa fè pwogrè anyèl adekwa pandan omwen twa (3) ane oswa plis

te kalifye pou jwenn manje gratis oswa nan pri rabè

Page 15: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Sèvis edikasyon siplemantè (SES) Kijan pou m chwazi pwogram SES

pou pitit mwen?Ou dwe chwazi opsyon SES nan fòm “NCLB Choice Options Application” la. Epi voye fòm nan retounen nan lekòl pitit ou a.

Page 16: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Sèvis edikatif siplemantè (SES) Èske tout timoun ki kalifye ap

resevwa èd SES si paran yo chwazi SES? Sa posib. Genyen yon kantite lajan byen detèmine pou pwogram sa a. Elèv ki elijibi yo ap gen priyorite pou jwenn èd nan pwogram la anvan.

Page 17: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Sèvis edikatif siplemantè (SES) Kijan pou m chwazi yon bon ajans

ki ofri sèvis SES?Distri lekòl la ap: voye enfòmasyon ba ou sou chak ajans Eta

Florid la apwouve nan zòn ou fè “reyinyon pou ajan” nan tout rejyon Palm

Beach la pou sa kapab rankontre ak ajan yo

Page 18: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Kesyon anplis Kijan pou m chwazi pwogram

SES pou pitit mwen?Lòt kesyon pou w konsidere:

◘ Ki distans lakay mwen a nouvo lekòl la?◘ konbyen tan pitit mwen ap fè nan otobis lekòl la?◘ Ki avantaj pitit mwen an kab tire nan LESON

PATIKILYE a?◘ Èske pitit mwen an renmen lekòl li ye kounye a?

Page 19: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Kesyon anplis Èske yo kab pran pitit mwen an

nan SES, ak toujou kalifye pou chwazi lekòl?Non. Ou kapab fè yon chwa sèlman.

SI W CHWAZI SES OU PA KAPAB CHWAZI POU TRANSFERE NAN YON LÒT LEKÒL.

Page 20: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Kisa mwen kab fè si mwen pa

vle pitit mwen kite lekòl li ye kounye a?

Pitit ou pa oblije transfere nan yon lòt lekòl. Si w ta renmen li rete nan menm lekòl la, make chwa w fè a sou fòm nan epi voye l tounen nan lekòl pitit ou a ye kounye a.

Page 21: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Èske m kapab chwazi nenpòt

lekòl nan rejyon Palm Beach la?

Non. Distri a responsab pou ba w lis lekòl pou w chwazi. Lè l ap plase pitit ou nan yon lekòl, Distri a ap fè tout posib li pou respekte premye chwa ou te fè kòm paran. Daprè lwa okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB), se yon lòt lekòl piblik sèlman ou kab chwazi, oswa yon lekòl semiprive.

Page 22: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Èske tout pitit mwen yo kapab

ale nan menm lekòl?Sa posib. Y ap fè efò pou kenbe frè ak sè nan menm lekòl. Sepandan, daprè nivo akademik chak timoun, sa kapab nesesè pou mete frè ak sè nan lekòl separe.

Page 23: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Èske y ap bay mwayen transpò?

Wi, toutotan gen lajan kòm fon disponib.

Page 24: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Konbyen tan pitit mwen an kab

fè nan nouvo lekòl la? Pitit ou kab rete nan nouvo lekòl la

jiskaske li rive nan dènye klas lekòl la genyen.

Page 25: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Èske pitit mwen an ap toujou

jwenn transpòtasyon?Sa posib. Men li pa obligatwa pou Distri a bay mwayen transpò ankò depi lekòl pitit ou a te ye avan an vin reyalize pwogrè anyèl adekwa nòmal pandan de (2) ane konsekitif.

Page 26: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Transfè chwa lekòl NCLB Kisa k ap rive si mwen ta demenaje

al abite nan yon lòt zòn nan rejyon Palm Beach la…Èske m dwe deplase pitit mwen an mete l nan yon lòt lekòl?

Non. Sepandan, si ou demenaje al abite andeyò limit zòn lekòl la sèvi a, w ap oblije chèche pwòp mwayen transpò pa w.

Page 27: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Dat enpòtan pou paranYo fè paran an konnen chwa NCLB

yo 6 me 2011

Paran yo retounen fòm ki gen chwa NCLB yo a 2 jen 2011

Distri a poste lèt ak enfòmasyon sou transfè lekòl la

Dat previ 20 jen 2011

Page 28: Gid paran pou  Chwa Lekòl daprè lwa   Okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB)

Kesyon anplis Kijan m kapab jwenn plis

enfòmasyon konsènan chwa yo pou pitit mwen an?

Ou kapab kontakte lekòl pitit ou a pou plis

enfòmasyonAle sou sit entènèt distri lekòl rejyon Palm

Beach la: http://www.palmbeachschools.org