leson 4

11
Leson 4: Deplasman plak ak fòt Jan nou te ouè nan leson 3-a, lè presion ba, si tanperatu-a ba tou, ròch ka kase facil si ou peze kont sou li. Lè gen yon deplasman sou kote nan yon bagay ki kase, yo rele sa yon fòt. Tranblemen de tè gen yon relasyon ak deplasman nan fòt. Nan leson sa-a, elèv-yo aprann tout tip de fòt ke deplasman plak nou te etidie nan Leson 2-a kap fe. Yo aprann tou relasyon-yo ak tranblemen de tè. Activite sa-a fèt poul dire inèdtan nan clas-la. Aktivite sa-a baze sou yon leson ke Todd avèk lot moun te kreye an 2004. Materyel Yon boul pat farinn Yon ti kantite farinn Plizyè moso katon (youn pou chak group) Kreyon koulè Sizo Yon kopi fèy nimero 4 (youn atache pou chak elèv a la fin leson-an) Introdiksyon 1. Fe elèv-yo sonje sa yo te aprann nan Leson 3-a. Mande yon elèv sa ak foule vle di. 2. Eksplike ke genyen 3 tip de strès: konpresyon, tansyon, ak chire. Bay ekzanp ke yo ka comprann. Mande elèv-yo pou yo predi sa kap pase yon boul pat pitza si yo peze-l entre de men. Apre sa, bay yon elèv yon boul pat, epi mande-l pou li montre sa kap pase (se yon bon ide pou ta pase yon ti farinn nan men elèv-la pou pat-la pa kole nan men-l. Pat-la vinn kwence nan mwens espas. Di elèv-yo strès sa-a rele konpresion. Li change fom pat-la. Li fe-l vinn pi kout. Mande elèv-yo pou yo predi sa kap pase si ou tire pat-la nan de pwent. Invite yon elèv pou-l vinn

Upload: teachers-without-borders

Post on 17-Jul-2016

239 views

Category:

Documents


2 download

TRANSCRIPT

Page 1: Leson 4

Leson 4: Deplasman plak ak fòt

Jan nou te ouè nan leson 3-a, lè presion ba, si tanperatu-a ba tou, ròch ka kase facil si ou peze kont sou li. Lè gen yon deplasman sou kote nan yon bagay ki kase, yo rele sa yon fòt. Tranblemen de tè gen yon relasyon ak deplasman nan fòt. Nan leson sa-a, elèv-yo aprann tout tip de fòt ke deplasman plak nou te etidie nan Leson 2-a kap fe. Yo aprann tou relasyon-yo ak tranblemen de tè.

Activite sa-a fèt poul dire inèdtan nan clas-la.

Aktivite sa-a baze sou yon leson ke Todd avèk lot moun te kreye an 2004.

Materyel

Yon boul pat farinnYon ti kantite farinnPlizyè moso katon (youn pou chak group)Kreyon koulèSizoYon kopi fèy nimero 4 (youn atache pou chak elèv a la fin leson-an)

Introdiksyon

1. Fe elèv-yo sonje sa yo te aprann nan Leson 3-a. Mande yon elèv sa ak foule vle di.

2. Eksplike ke genyen 3 tip de strès: konpresyon, tansyon, ak chire. Bay ekzanp ke yo ka comprann. Mande elèv-yo pou yo predi sa kap pase yon boul pat pitza si yo peze-l entre de men. Apre sa, bay yon elèv yon boul pat, epi mande-l pou li montre sa kap pase (se yon bon ide pou ta pase yon ti farinn nan men elèv-la pou pat-la pa kole nan men-l. Pat-la vinn kwence nan mwens espas. Di elèv-yo strès sa-a rele konpresion. Li change fom pat-la. Li fe-l vinn pi kout. Mande elèv-yo pou yo predi sa kap pase si ou tire pat-la nan de pwent. Invite yon elèv pou-l vinn demontre sa. Pat-la vinn pi mens e pi long. Strès sa-a rele tansyon. Li chanje fòm pat-la, li fè-l vinn pi long. Pou demontre twazyèm fòm strès-la, mande 2 elèv pou yo kanpe youn tou pre lot la pandan ke you tou le de kembe pat-la. Mande youn pou-l fe fas ak tablo-a, pandan ke lot-la fe fas ak rès class-la. Mande klas-la sa kap pase si de elèv sa-yo kòmanse mache. Pat-la chire, epi li koupe en de. Yo rele sa strès chire.

3. Mande elèv-yo ki tip de mouvman plak koze konpresyon nan ròch, ki tip koze tansyon nan ròch, e ki tip koupe ròch. Elèv-yo dwe sevi ak enfomasyon ke yo pran nan leson 2-a ansanm ak sa yo aprann nan egzècis ak pat-la pou yo reponn kesyon sa-yo. Eksplike elèv-yo ke diferan tip de mouvman plak fe diferan tip de strès, e ke diferan tip de strès fe diferan tip de defomasyon nan ròch. Mouveman plak ki konvèjan koze konpresyon nan ròch. Mouveman plak ki divèjan koze tansyon nan ròch, e mouvman plak ki transfòme chire ròch. Tou sa sipoze fasil pou konprann apre eksperyans ak pat-la. Pat-lat reprezante ròch la nan eksperyans la.

Page 2: Leson 4

4. Fe elèv yo sonje sa yo te aprann nan leson 3-a. Pati sou deyo Te-a on ti jan frèt, e le yo mete strès sou li, li gen tandans kase (tankou si ou kase yon moso mastike ki frèt). Esplike elèv-yo ke frakti sa-yo, kote gen bagay ki deplase, yo rele yo fòt. Di yo ke gen diferan tip de fòt (frape-glise, nòmal, e fòt an revè). Si ou gen foto fòt ak foto ki montre kote fòt kase, se yon bon lè pou montre yo. Di elèv-yo ke yo pral fè modèl fòt sa-yo nan leson-an.

Pwosedi

1. Divize elèv-yo an 3 group (group 1, 2, 3). Bay chaq group yon moso katon, yon sizo, ak kreyon koulè.

2. Nan group nimero 1, fè yon elèv pase koulè sou yon rout avèk pliziè kay sou yon moso katon. Moso sa a reprezante jan ou ouè Tè a de an lè. Mande yon elèv pou-l trase yon ling vetikal nan mitan katon an. Ling nan sipoze koupe katon an an de e kwaze rout an koulè a. Fè yon elèv koupe katon an sou ling sa a. Gade figi 1.

Nan group 2, mande yon elèv pou-l fe desen kouch ròch orizontal an koulè sou moso katon an. (Se yon bon ide pou montre yo foto sou kote yon mòn ak couch ròch ladann). Moso katon sa a reprezante yon seksyon Tè a (menm jan sou te koupe yon gato pou te ka gade kouch an dedan l). Fe elèv yo make yon pwen nan mitan katon an, fe yo tire yon ling a 45 degre de kouch ròch yo, de pwen nan mitan an jiska rebò katon an, divize katon an an de. Fe yo koupe katon an so ling sa a. Gade figi 2.

Bay elèv nan group 3 yo menm lòd ke ou te bay elèv nan Group 2 yo. E pi tou, gade Figi 2.

3. Fe yon reyinion ak chak group a pa. Eksplike elèv nan Group 1 yo ke sa yo fè a se modèl yon fòt frape-glise, kote yon blòk ròch glise orizontalman, li pase a kote yon lot blòk ròch (Figi 3). Mande yo pou yo sèvi ak katon an pou yo montre deplasman sa a. Mande yo sak pase rout fòt la koupe a. Mande yo ki tip de strès koze fòt la (konpresyon, tensyon, ou bien chire). Mande yo tou pre ki tip de kontou plaq (konvèjan, divèjan ou byen transfòme) ou fèt pou ouè tip de fòt sa a. Eksplike yo ke syantis ki etidye Te a distingue ant de tip de fòt frape-glise, baze sou mouvman yon bò fòt la pa rapò ak lòt bò a. Si yo kanpe en fas fòt la, yo ka di ke li se yon fòt lateral goch si blòk ki pi lwen an glise a goch, e ke li se yon fòt lateral dwat si li glise a dwat.

Eksplike elèv nan Group 2 yo ke sa yo kreye a se modèl yon fòt nòmal. Fòt la chita kote katon an koupe a. Nan yon fòt nòmal, ròch an lè plan fòt la desann so pant fòt la (Figi 4). Mande yon elèv pou-l demontre sa ak katon an. Fe elèv yo sonje ke katon yo reprezante Tè a. Li ta bon pou yo kinbe katon yo pepanndikilè ak sifas tab la, e pou yo imajine ke yap gade yon rout ki traverse sou kote yon mòn. Mande yo ki tip de strès ki koze fòt sa a. Mande yo bò kote ki kontou plak yo sipose ouè tip de fòt sa a.

Esplike elèv nan Group 3 yo ke sa yon pwodui a se yon fòt an revè. Fòt la situe kote katon an coupe a. Nan yon fòt an revè, ròch an lè fòt la desann sou pant fòt la. Poze elèv yo menm

Page 3: Leson 4

kesyon ou te poze Group 1 ak Group 2 yo. Di elèv yo ke fòt pouse se fòt an revè ki devlope sou yon ang plat.

4. Invite yon elèv nan chak group pou yo vinn bay klas la yon rapo sou deplasman fòt yo diskite nan group yo a. Chak elèv kap prezante fet pou yo demontre sans deplasman nan fòt yo ak katon pa yo, yo fèt pou yo nonmen strès ki kreye yo, e nonmen deplasman plak ki ede yo fòme.

5. Bay elèv yo pèmisyon pou yo chanje modèl fòt yo. Ankouraje chak elèv pou yo eseye tout modèl yo. Bay chak elèv yon kopy fèy nimero 4 la. Mande yo pou yo ranpli fèy la e pou yo retounin-l nan fen leson an.

6. Esplike elèv yo ke tranbleman de te rive nan fòt. Tranbleman de te frape-glise rive nan fòt frape-glise, tranblemen de te nòmal rive nan fòt nòmal, e tranbleman de te pouse rive nan fòt pouse ou bien fòt an revè. Lè yon tranbleman de tè rive nan youn nan fòt sa yo, ròch nan yon bò fòt la glise pa rapò ak lòt bò a, menm jan yo obsève nan eksperyans ak modèl fòt yo.

7. Pou fini leson sa a, mande elèv yo si mouvman sou ling fòt yo pase byen san problem. Ankouraje yo pou yo sèvi ak modèl an katon yo pou yo etidye kesyon sa a. Elèv yo fèt pou yo kap obsève ke pafwa 2 moso katon yo kole, e yo oblige fè fòs pou yo separe yo. Eksplike yo ke fòt tou kap entre youn nan lot e ke gen yon deplasman ki fèt lè strès nan fòt la monte sifizaman pou-l koupe fòt la.

8. Mande elèv yo pou yo pote fèy yo ba ou.

Referans

Todd, J., Straten, M., Zarske, M.S., Yowell, J., 2004, Move mouvman, ki sou Intenet nan adres sa a: http://nsdl.org/resource/2200/20070917003749908T

Bush, R.M., (edite), 2006, Manuel laboratwa pou geyoloji fizik (setyem edisyon), Pearson Education, New Jersey, 302 p.

Page 4: Leson 4

Figi 1: Jan ou ouè sifas Tè a de an lè

Figi 2: Yon Tranch Tè a

Page 5: Leson 4

Figi 3: Demonstrasyon fòt frape-glise avèk yon moso katon

Page 6: Leson 4

Figi 4: Demonstrasyon fòt nòmal avèk yon moso katon

Figi 5: Demonstrasyon fòt an revè avèk yon moso katon

Page 7: Leson 4

Fèy No. 4 Non: _____________

Sa se yon tablo pou konpare tip de fòt avèk strès, avèk foule, e avèk tip de kontou plak. Tablo sa a se yon adaptasyon Bush ak lot moun (2006).

Demonstrasyon ak katon Eske kwout la Vin pi kout? Vin pi long? Pa change?

Eske strès la se te: Chire? Konpresyon? Tansyon?

Tip de Fòt Ki tip de kontou plak: Divèjan?Konvèjan?Transfòme?

Fòt frape-glise

Fòt nòmal

Fòt an revè

Page 8: Leson 4

REPONS YO

Fèy No. 4 Non: _____________

Sa se yon tablo pou konpare tip de fòt avèk strès, avèk foule, e avèk tip de kontou plak. Tablo sa a se yon adaptasyon Bush ak lot moun (2006).

Demonstrasyon ak katon Eske krout la Vin pi kout? Vin pi long? Pa change?

Eske strès la se te: Chire? Konpresyon? Tansyon?

Tip de fòt Ki tip de kontou plak: Divèjan?Konvèjan?Transfòme?

Pa chanje Chire Fòt Frape-Glise

Transfòme

Vin pi long Tansyon Fòt nòmal Divèjan

Vin pi kout Konpresyon Fòt an revè Konvèjan

Page 9: Leson 4