leson 6

6
Leson 6: Onn sizmik Nan Leson 1 a 5 a nou te montre kouman moun save (syantis) nan tan lontan yo te obzѐve tranbleman de tѐ avan yo te ka dekri korekteman nati tranbleman de tѐ yo oswa kòz fondamantal yo, jan nou konnen yo jodia. Jan nou te wѐ nan leson 5, tranbleman de tѐ rive lѐ enѐji elastik akimile piti piti anndan kwout Latѐ a akoz de mouvman plak yo, epi tout enѐji sa lage sibitman nan frakti ki nan kwout la, ke yo rele Fay. Enѐji sa ki lage a vwayaje sou fòm vag key o rele onn Sizmik. Se menm enѐji sa a ki mete lavi moun, kay moun yo an danje. Pa konsekan, li enpòtan anpil ke nou konprann ki kote enѐji sa a lage epi sou ki fòm li lage. Nan leson sa a, elѐv yo pwal aprann diferan tip onn sizmik yo ak konsantrasyon sou ki kote onn yo soti ak kijan yo bouje. Met sou sa, elѐv yo pwal diskite kijan moun save yo itilize tranbleman de tѐ yo pou yo ka fѐ envestigasyon sou strikti andedan Latѐ a. Akitivite sa dwe dire in ѐ de tan. Materyѐl • Kѐk “slinkies” • 2.54 CM Tep blan obyen Tep ak koulѐ viv • Yon kòd ki mezire 2 mѐt • Yon Brik • Yon Mato Entwodiksyon 1. Mande youn nan elѐv ou yo pou yo defini kisa yon tranbleman de tѐ ye avѐk enfòmasyon yo aprann nan leson 5. Raple elѐv yo ke tranbleman de tѐ rive lѐ enѐji elastik akimile dousman apre yon bon ti tan nan kwout Latѐ a akoz de mouvman plak yo e ki apre lage yon sѐl kou nan frakti ki nan kwout la ke yo rele fay. Di 1

Upload: teachers-without-borders

Post on 17-Jul-2016

17 views

Category:

Documents


7 download

TRANSCRIPT

Page 1: Leson 6

Leson 6: Onn sizmik

Nan Leson 1 a 5 a nou te montre kouman moun save (syantis) nan tan lontan yo te obzѐve tranbleman de tѐ avan yo te ka dekri korekteman nati tranbleman de tѐ yo oswa kòz fondamantal yo, jan nou konnen yo jodia.

Jan nou te wѐ nan leson 5, tranbleman de tѐ rive lѐ enѐji elastik akimile piti piti anndan kwout Latѐ a akoz de mouvman plak yo, epi tout enѐji sa lage sibitman nan frakti ki nan kwout la, ke yo rele Fay. Enѐji sa ki lage a vwayaje sou fòm vag key o rele onn Sizmik. Se menm enѐji sa a ki mete lavi moun, kay moun yo an danje. Pa konsekan, li enpòtan anpil ke nou konprann ki kote enѐji sa a lage epi sou ki fòm li lage.

Nan leson sa a, elѐv yo pwal aprann diferan tip onn sizmik yo ak konsantrasyon sou ki koteonn yo soti ak kijan yo bouje. Met sou sa, elѐv yo pwal diskite kijan moun save yo itilize tranbleman de tѐ yo pou yo ka fѐ envestigasyon sou strikti andedan Latѐ a.

Akitivite sa dwe dire in ѐ de tan.

Materyѐl

• Kѐk “slinkies”• 2.54 CM Tep blan obyen Tep ak koulѐ viv• Yon kòd ki mezire 2 mѐt• Yon Brik• Yon Mato

Entwodiksyon

1. Mande youn nan elѐv ou yo pou yo defini kisa yon tranbleman de tѐ ye avѐk enfòmasyon yo aprann nan leson 5. Raple elѐv yo ke tranbleman de tѐ rive lѐ enѐji elastik akimile dousman apre yon bon ti tan nan kwout Latѐ a akoz de mouvman plak yo e ki apre lage yon sѐl kou nan frakti ki nan kwout la ke yo rele fay. Di elѐv yo menm enѐji sa ki lage a vwayaje andedan Latѐ a ansanm ak sou tout sifas Latѐ, e ke se enѐji sa a ki mete lavi moun ak kay moun bati an danje.

2. Ankouraje elѐv yo pou yo diskite kijan yo panse enѐji elastik sa a vwayaje rive sou sifas Latѐ a oubyen ѐske yo panse ke enѐji sa a pase atravѐ tout Latѐ a. Itilize yon senp egzamp: mande etidyan yo kisa yo panse ki pwal rive si yon manyen yon bò nan brik la avѐk yon men epi yo frape lòt bò brik la avѐk yon mato. Si ou genyen yon brik avèk yon mato, kite elѐv yo eksperimante avѐk yo. Elѐv yo ta sipoze santi enèji mato a kreye nan pwent dwѐt yo. Ankouraje elѐv yo devine poukisa yo ka santi enèji sa a. Eksplike yo ke yo ka santi’l paske enèji kout mato yo vwayaje rive sou pwent dwèt yo sou fòm yon onn.

3. Eksplike elѐv yo ke enèji tranbleman de tè yo vwayaje sou fòm vag. Vag sa yo rele Onn sizmik oubyen onn tranbleman de tè. Genyen diferan tip onn tranbleman de tè: onn sifas, ak onn kò. Onn kò yo pase atravè andedan Latè alòske onn sifas yo vwayaje sou sifas Latè a. Eksplike

1

Page 2: Leson 6

yo ke onn tranbleman de tè yo bouje patikil materyѐl nan diferan fason: tandiske, onn konpresyonѐl yo kreye yon mosyon de devan dèyѐ ki parallel a direksyon onn yo, Onn Sizayman yo kreye yon mouvman devan dèyѐ ki pèpandikilѐ a direksyon onn yo.

4. Mande elѐv ou yo ki kote yo panse onn sizmik yo orijine. Se posib ke elѐv yo reponn: sou tout longè yon fay oswa nan yon sѐl pwent sou fay la. Entwodui de nouvo mo sa yo bay elѐv yo: Hypocenter (fokis) ak epicenter. Fokis la se kote wòch yo dekoupe epi glise e epicenter a se pwent nan sifas Latѐ a ki dirѐkteman sou tѐt fokis la.

Atansyon: Premye onn sizmik yo soti nan fokis la, men apre sa onn yo ka soti nenpot ki kote sou zònn ki glise yo. Sa vle di ke tout enѐji tranbleman de tѐ yo pa nesesѐman soti dirѐktman nan fokis la, ki vle di ke fokis yon tranbleman de tѐ pa sѐl sous pou onn sizmik. (Wampler, 2002).

5. Ankouraje elѐv yo panse a diferan enѐji ki vwayaje sou fòm onn (egzamp: son, limyѐ). Eksplike elѐv yo ke lѐ souflѐt yon tren sonnen, son yo tande a vwayaje nan lѐ a de souflѐt la a zòrѐy yo sou fòm onn. Eksplike yo ke onn yo se pѐtibans ki tranzmѐt enѐji de yon pwent a yon lòt pa pwodi mosyon (devan dѐyѐ) peryodikman. Souflѐt la lakòz molikil ki nan lѐ a vibre. Lѐ molikil yo konmanse vibre, yo frappe youn lòt ki lakòz molikil ki a kote yo vibre tou. Nou tande son souflѐt la fѐ lѐ molikil ki toupre zòrѐy yo vibre. Mande elѐv yo si yo panse ke yo ka tande son nan Lespas ki se yon kote ki pa gen Lѐ. Repons la se non. Enѐji son yo paka vwayaje si pa gen Lѐ ki gen molikil yo bezwen pou yo pѐtibe ki fѐ yo vibre. Mande elѐv yo si enѐji son ka pase atravѐ matyѐ ki solid ak likid. Repons la se wi. Enѐji son ka lakòz molikil ki nan matyѐ solid ak likid vibre. Mande elѐv yo poukisa enѐji son yo vwayaje pi vit atravѐ matyѐ ki solid ke likid. Eksplike yo ke molikil ki nan matyѐ solid yo pi pre youn lòt ki vle di ki yo frape youn lòt pi vit.

Nòt: Kѐk moun ka tande tranbleman de tѐ yo lѐ onn tranbleman de tѐ yo vwayaje nan tѐ a (son an tankou yon gwondman avan epi tout swit apre yon boom). Se paske tranbleman de tѐ yo dѐfwa ka jenere son ki gen frekans ke zorѐy moun ka tande. Enѐji son vwayaje atravѐ tѐ a men li ka transmѐt a lѐ a tou.

Pwosede

1. Divize elѐv yon an gwoup 2 ou 4. Pase chak group yon “slinky” ak tep.

2. Dirije elѐv yo nan chak gwoup pou yo mete de pwen nan slinky yo toupre sant la avѐk tep plastik yo ak sou tèt ano ki adjasan an. Elèv yo make ano yo pou yo ka wѐ mouvman enѐji sou longѐ slinky a.

3. Fѐ de elѐv kenbe chak bò slinky a pou gwoup yo a. Fѐ yo rale slinky a anviwon 3 mѐt de atѐ a, tab yo, oubyen nenpòt sifas ki plat. Kite chak elѐv nan gwoup la pran tou pou yo konpresse 10 a 20 ano epi lage yo rapidman pandan yap kenbe bout fen slinky a, asire ou ki yap gade onn enѐji a vwayaje sou tout longѐ slinky a.

4. Apre kѐk repetisyon, mande elѐv yo pou yo dekri obsѐvasyon ke yo fѐ sou ano yo ak tep la: ano yo bouje devan dѐyѐ sou tout longѐ slinky a pandan yo konpresse e lage li. Mande elѐv yo ki tip onn tranbleman de tѐ mosyon slinky a reprezante? Repons la se “Onn konpresyonѐl”. Raple

2

Page 3: Leson 6

yo ke onn konpresyonѐl fѐ patikil yon materyѐl bouje nan yon mosyon devan dѐyѐ ki paralѐl a direksyon onn yo yo menm. Pandan onn konpresyonѐl yo ap pase, materyѐl la konprese anvan epi apre li detire. Onn-P yo (P a vle di Primѐ) se onn konpresyonѐl tranbleman de tѐ yo kreye ki pase atravѐ andedan Latѐ a. Onn-P yo chanje volim materyѐl ke yo vwayaje atrevѐ yo a.

Nòt: Lѐ Onn-P yo rive nan lѐ a yo fѐ son. Onn-P yo ka vwayaje atravѐ Latѐ a pi vit ke yo vwayaje atravѐ lѐ, men sa pa vle di ke moun ap ka tande enѐji sa a tout tan. Lѐ enѐji son an rive nan yon frekans ke zorѐy moun ka tande, kѐk moun ka tandel e gen moun ki pap kapab.

5. Kounye a , mare yon bout kòd 2 mѐt la nan manch pòt klass la. Mande youn nan elѐv ou yo pou yo kenbe lòt bout kòd la. Mande timoun nan pou li rekile juskaske kòd la detire men gen yon ti koub landanl ki pwal pѐmѐt li bat kòd la anwo anba. Bay chak timoun nan klass la yon chans pou fѐ menm bagay la. Apre kѐk repetisyon, mande elѐv yo pou yo dekri mosyon kòd la. Mande yo ki onn nan yon tranbleman de tѐ ke mosyon sa a reprezante. Repons la se Onn Sizayman (transvèsal). Raple yo ke patikikil materyѐl Onn Sizayman (transvèsal) yo afekte bouje devan dѐyѐ yon mosyon ki pѐpandikilѐ a direksyon ke vag yo yo menm bouje. Onn-S yo ( S la vle di Segondѐ) se onn Sizayman (transversal) yon tranbleman de tѐ ki pase atravѐ andedan Latѐ a. Onn-S yo pa chanje volim materyѐl ke yo vwayaje atravѐ yo, yo sizaye yo (deplase yo, fe yo glise).

Nòt: Li pi fasil pou rekonѐt mouveman kòd la avѐk Onn sizayman ke onn konpresyonѐl, men Onn sizayman yo vwayaje pi dousman ke onn kompresyonѐl yo. Pandan yon tranbleman de tѐ syantis yo ka obzѐve vonn konpresyonѐl yo avan ke yo ka detekte Onn sizayman yo an itilizan yon machin ki rele yon Sizmograf. Ou ka chwazi pou montre timoun yo kisa yon sizmograf anrejistre pandan yon sѐl tranbleman de tѐ, epi mande elѐv yo pou yo idantifye diferan onn sizmik yo. An plis, se Onn Sizayman yo ki detwi plis strikti moun kreye paske li pi fasil pou ou souke yon wòch pase ou konprese’l (plati’l).

6. Ankouraje elѐv ou yo critically evaluate their slinky and rope setup. Mande yo si yo wѐ nenpòt limitasyon ke yo ka asosye ak plasman sa a. Mande yo pou yo konpare plasman senp yo a ak vibrasyon aktyѐl ke onn sizmik ki vwayaje atravѐ oubyen sou sifas Latѐ a. Pa egzamp, onn sizmik yo ka voye enѐji soti nan yon sous nan tout direksyon konpare ak plasman pa yo a ki ka sѐlman fѐ yon mosyon a la fwa.

7. (Opsyonѐl) Onn Primѐ yo ak Onn Segondѐ yo se onn kò yo ye ( yo pase atravѐ Latѐ a). Onn sifas yo vwayaje sou sifas Latѐ a. De egzamp onn sifas se Onn Rayleigh yo ak Onn Love yo. Eksplike elѐv ou yo ke Onn Rayleigh yo lakòz atѐ a bouje anwo anba ( tankou mouvman dlo lѐ ou voye yon wòch ladanl) alòs ke Onn Love yo lakòz atѐ a bouje devan dѐyѐ tankou yon koulѐv.

8. Fѐ elѐv yo sonje kijan syantis yo itilize onn sizmik yo pou yo ka fѐ envestigasyon sou strikti andedan Latѐ a. Pwosѐ envestigasyon sa trѐ pwòch ak pwosѐ ke yon moun fѐ pou yo ka wѐ si yon melon mi lѐ yo frape sou li. Pou nou konprann kijan syantis yo itilize vibrasyon pou yo ka wѐ andedan Latѐ a, fòk on moun konprann kijan onn oubyen vibrasyon kominike ak tout kalite wòch ki fѐ Latѐ a. Entwodwi etidyan ou yo a 2 tip kominikasyon onn ak wòch ki pi senp yo: Refleksyon, Refraksyon. Mande elѐv yo pou yo define refleksyon. Yo ta sipoze ba ou kѐk egzamp tankou eko oubyen refleksyon nan yon miwa. Eksplike elѐv ou yo ke eko se onn son ki

3

Page 4: Leson 6

reflekte epi sa yo wѐ nan miwa se refleksyon onn limyѐ. Di elѐv yo ke refleksyon onn sizmik yo rive lѐ onn nan touche yon tip wòch ki diferan. Yon pati nan enѐji sa a ke onn nan ap pote a al transmѐt atravѐ yon materyѐl (onn refraksyon yo) epi lòt pati enѐji sa al reflekte nan materyѐl ke onn nan ap travѐse landan’l lan. Yon egzamp refraksyon se lѐ ou lage yon pyѐs kòb nan yon boutѐy dlo ki plen. Pyѐs kòb sa chanje direksyon lѐ li rive nan dlo a e li pap rive touche anba boutѐy la tou dwat (vѐtikalman). Se ki vle di ke, direksyon pyѐs kòb la refrakte (chanje direksyon) lѐ lap vwayaje de lѐ a dlo.

9. Eksplike elѐv ou yo ke onn sizmik yo vwayaje vit, nan lòd kilomѐt pa segonn. Vitѐs onn sizmik yo depann sou anpil bagay. Mande elѐv yo pou yo panse a kѐk faktѐ ki ka chanje vitѐs onn sizmik yo (egzamp: konpozisyon wòch, tanperati, presyon). Mande yo pou yo eksplike kijan faktѐ sa yo ka chanje vitѐs onn sizmik yo. Elѐv yo ta sipoze reponn kestyon sa yo baze sou sa yo aprann nan leson sa a. Onn sizmik yo vwayaje pi vit a trave wòch ki pi dans; tanperati gen tandans abese vistѐs onn sizmik yo; epi presyon gen tandans akselere vitѐs onn yo.

Atansyon: Vitѐs onn sizmik yo akselere ak pwofondѐ, menm lѐ tanperati a ap ogmante avѐkpwofondѐ ki ta sipoze abese vitès onn yo.

Referans

Wampler, J. M. Misconceptions: A column about errors in geoscience textbooks. Journal ofGeoscience Education 50, 620–623 (2002).

4