leson 8

21
Leson 8: Glisman Danjere Tranbleman de tè se bagay ki koze gwo glisman. Glisman fèt akos lè yon kantite gwo ròch, materyèl tè’a, oubyen an seri de debri kap koule desann akos de otè yon pant. Glisman ka paret nan nenpòt ki teren si kondisyon yo pemet, e koze anpil gwo dega nan lakou e menm koze lanmò. Nan leson sa’a, elèv yo ap aprann kisa ki pwovoke glisman danjere sa yo lè genyen tranbleman de tè, kouman e pouki glisman sa yo paret. An plis, elèv yo gen pou yo diskite kisa yo ka fè pou redwi dega glisman dangere sayo. Tankou leson anvan yo, 8 e Leson an komanse avek yon Tablo Egzesis. Objektiv Tablo Egzesis la se pou moutre ki relasyon ki genyen nan plizye diferan sitiyasyon difisil anvan menm elèv yo pran tout konesans ki genyen nan fason leson sa’a ye. Rezon istorik ki fè li enpotan pou itilize Tablo Egzesis sa’a se akos de tsunami kite pase an 2004 la an Sidès Azi, e anplis istwa Tilly Smith la kite gen selman dizan. Li se yon touris Britanik kite an vakans ak paran’l an Tayland, li te rekonet kisa pou li fè akos de sa ke li te aprann nan klas li kelke semenn anvan trajedi’a nan ka ou genyen tsumani. Li te vit al di paran’l e yo menm byen vit al di tout mounn ki tap banyen yo e mounn ki tap travay nan otèl yo kisa ki ka rive si yon tsumani pwente. Li resevwa kredi pou aksyon’l e fenm konesans li ki te sove lavi plizyè santenn de mounn. Entwodiksyon 1. Mande elèv yo pou yo dekri kisa yon tranbleman de tè ye e kisa ki pemet yo. An plis sekous direk tranbleman de tè yo tankou lè tè’a sekoue, mande yo pou yo fe yon lis de lot danje tranbleman de tè pote. Lot danje kapab tankou glisman, likefaksyon, danje striktirel (imeb tonbe), danje ki pa striktirel (yon bibliotek oubyen yon fenet brize), e destriksyon de tout liyn kouran (gaz, dlo, elektrisite) e rout. 2. Di elèv ou yo yo pral aprann kisa ki pwovoke glisman danjere sa yo lè genyen tranbleman de tè e lot bagay danjere ki gen rapò ak leson sa’a. Moutre elèv yo foto glisman (pa egzamp foto ki nan fen leson sa’a) e mande yo pou yo fè yon lis de tout bagay an komen foto sa yo gen ansanm. Lis yo fè’a ka genyen tankou falèz, kret, pant, roch, pye

Upload: teachers-without-borders

Post on 17-Jul-2016

41 views

Category:

Documents


12 download

TRANSCRIPT

Page 1: Leson 8

Leson 8: Glisman Danjere

Tranbleman de tè se bagay ki koze gwo glisman. Glisman fèt akos lè yon kantite gwo ròch, materyèl tè’a, oubyen an seri de debri kap koule desann akos de otè yon pant. Glisman ka paret nan nenpòt ki teren si kondisyon yo pemet, e koze anpil gwo dega nan lakou e menm koze lanmò. Nan leson sa’a, elèv yo ap aprann kisa ki pwovoke glisman danjere sa yo lè genyen tranbleman de tè, kouman e pouki glisman sa yo paret. An plis, elèv yo gen pou yo diskite kisa yo ka fè pou redwi dega glisman dangere sayo.

Tankou leson anvan yo, 8e Leson an komanse avek yon Tablo Egzesis. Objektiv Tablo Egzesis la se pou moutre ki relasyon ki genyen nan plizye diferan sitiyasyon difisil anvan menm elèv yo pran tout konesans ki genyen nan fason leson sa’a ye. Rezon istorik ki fè li enpotan pou itilize Tablo Egzesis sa’a se akos de tsunami kite pase an 2004 la an Sidès Azi, e anplis istwa Tilly Smith la kite gen selman dizan. Li se yon touris Britanik kite an vakans ak paran’l an Tayland, li te rekonet kisa pou li fè akos de sa ke li te aprann nan klas li kelke semenn anvan trajedi’a nan ka ou genyen tsumani. Li te vit al di paran’l e yo menm byen vit al di tout mounn ki tap banyen yo e mounn ki tap travay nan otèl yo kisa ki ka rive si yon tsumani pwente. Li resevwa kredi pou aksyon’l e fenm konesans li ki te sove lavi plizyè santenn de mounn.

Entwodiksyon

1. Mande elèv yo pou yo dekri kisa yon tranbleman de tè ye e kisa ki pemet yo. An plis sekous direk tranbleman de tè yo tankou lè tè’a sekoue, mande yo pou yo fe yon lis de lot danje tranbleman de tè pote. Lot danje kapab tankou glisman, likefaksyon, danje striktirel (imeb tonbe), danje ki pa striktirel (yon bibliotek oubyen yon fenet brize), e destriksyon de tout liyn kouran (gaz, dlo, elektrisite) e rout.

2. Di elèv ou yo yo pral aprann kisa ki pwovoke glisman danjere sa yo lè genyen tranbleman de tè e lot bagay danjere ki gen rapò ak leson sa’a. Moutre elèv yo foto glisman (pa egzamp foto ki nan fen leson sa’a) e mande yo pou yo fè yon lis de tout bagay an komen foto sa yo gen ansanm. Lis yo fè’a ka genyen tankou falèz, kret, pant, roch, pye bwa, strikti, mounn, etc. Ankouraje elèv yo pou yo defini glisman base selman sou sa yo wè nan foto sa yo. Eksplike elèv yo ke glisman se toch, tè, oubyen debri ki arive deplase akos de otè yon pant.

3. (Sa depan) Eksplike elèv yo kisa gravite (pant) ye. Gravite se fòs ki dèyè e ki pemet gen glisman. Gravite se fòs atraktiv pami yout gwo bagay. Li pemet ponm sot tonbe nan pye bwa sou la tè, etwal pemet planet anter nan obit, e boul ke yo voye an lè ki retoune sou tè’a. Gravite pwodwi fos yon objè, ki ka pemet yon objè deplase devan. Lot fòs ki reziste yo se fos ki pemet materyel glisman reziste tonbe devan gravite. De fos an premye ki ka reziste nan egzamp sa’a se fòs friksyonel yo (deja diskite nan leson 6) e fòs ki gen rapò ak pwa materyel tankou (stres)

An jeneral, se pou tet anpil pwa ki koze fos glisman rive menm aksyon sa’a fè anpil lot bagay chanje direksyon, tankou li paret nan imaj. Lè yon bagay oubyen yon group bagay rete sou yon sifas orizontal avek yon direksyon ang de 0 degre, fòs gravite’a pa pwodwi oken glisman teren paske tout fos la rete pèpandikilè nan sifas la. Piwo direksyon ang la ye se pi dominan fos gravite’a vini nan pese pant la pi ba. Sa rive paske yon pati nan pwa’a komanse ap redi kelkeswa bagay ki ap pase nan menm direksyon sifas la, jan koulè ble’a moutre’l nan imaj 1 tankou ‘fos ki pemet glisman’. Glisman komanse fè aparisyon’l lè fòs ki pi fò’a rive nan yon limit akoz de pwisans matyè’a, lè gen frotman gwo ròch ak diferan materyel oubyen tou le de. Jan koulè rouj la moutre’l nan imaj 1 tankou ‘fòs ki pemet glisman’. Lè fòs ki pemet

Page 2: Leson 8

glisman an gen menm maginitid e gen yon lot dirreksyon ak fos ki pemet glisman an, bagay oubyen group bagay ki fè sa’a pap beplase. Lè fòs ki pemet glisman an vinn pi gwo pase fòs ki ka rete glisman an, bagay ki fè sa’a komanse deplase, sa vinn reprezante yon analog ki gen an rapò ak glisman fasèt sa’a. Lè gen evenman tankou tranbleman de tè, gwo lapli, oubyen lè mounn fouye tè’a trò fon sa ka vinn fè glisman paret, men se gravite an premye ki toujou lakoz ke genyen trenbleman de tè ki fèt, sa pa menm gen enpotans kijan mouvman sa’a te komanse.

Figi 1. Dyagram sa’a moutre relasyon ki genyen ant diferan pwa, fòs ki koze glisman teren, glisman ki ka reziste fòs, e enklinasyon.

4. Eksplke elèv yo ke genyen twa faz nan fason glisman reaji: pant ki mal aji, kijan pou pote materyel, e anfen kote pou al depoze tout pant materyel sa yo. Mande yo pou yo gade nan foto sa yo e pou yo di’w ki kote bagay sa yo rive. Ekspleke yo ke pant ki pa aji byen ka paret peti a peti oubyen san oken atansyon, e ou ka wè koman sa rive avek tout mak, efondreman, oubyen tout ti bri ou tande lè genyen anpe bagay ki separe yon de lòt espesyalman gwo ròch oubyen fondasyon kèk bagay. Pote bagay ale vini ka paret konsa ou sanzanatann, e ka kreye anbann lòt fason pou pote bagay tankou ròch oubyen lòt bagay ki tonbe, ròch oubyen ti moso lòt bagay, ti moso lòt bagay oubyen koulis, ekoulman, oubyen nenpòt ki melanj de bagay sa yo.

Tablo Egzesis: Twa Zanmi nan yon Vilaj

Not! Tablo Egzesis sa’a espesyalman gen rapò ak glisman danjere e avek tranbleman de tè yo, sepandan glisman teren dekri plizyè tip de fason de sab, tè, labou, ròch, e anpil lòt bagay an rapò ak tè’a. Glisman fè apirisyon’l akoz de anpil diferan bagay natirel oubyen lot diferan evenman lèzònm kreye tankou tranbleman de tè, gwo lapli san rete, deklanchman volkan, rout oubyen konstriksyon gwo kay. Gen plis bagay ki sipoze di nan jan glisman fonksyone ke yon klas premy ane pa finn kont. Sepandan, bagay ki pi enpotan nan kelkeswa leson sou glisman se deske elèv yo ap kapab develop kiryosite e anvi pou yo kapab konprann sa alantou yo di yo de glisman teren.

Li ti egzamp sa’a, e rete a chak fwa pou poze yo kesyon e diskite materyel la avek elèv ou yo a chak fwa li nesesè, oubyen lè yon elèv poze yon kesyon ki gen rapò avek diskisyon sou glisman danjere.

Page 3: Leson 8

Twa zanmi (Sara, Amira, e Gozen) yo rete nan yon ti vilaj ki rele Shahrabad ki sitye nan lamontay yon bèl ti kote.Anba vilaj la gen yon ti rivyè ki koule pase ladan’l. Tout alantou vilaj la gen bon tè, forè e jaden pou kiltive. Twa zanmi yo t’ap viv la depi yo te tou piti e yo konnen pafwa genyen tranbleman de tè pase nan vilaj la. Yo te santi yon ti sekous tranbleman de tè yon sel fwa, men yo tande istwa paran yo ak granparan yo rakonte yo a propo gwo tranbleman de tè ki te pase nan zonn la. Pafwa lè genyen move tan tankou gwo nej oubyen lapli, rout ki ant Shahrabad ak lot vil ki tou pre yo fèmen paske gen gwo ròch ki tonbe nan rout la oubyen dlo pote rout la ale.

Sara ak Amira rete tou pre len ak lòt nan jaden ki sitye anwo yon pant nan vilaj la. Jaden Sara’a te konn fè bon dlo klè pou bwè pou fanmi li ak fanmi Amira nan yon ti kwen ant de ròch, men ti sous la sispann bay dlo apeprè depi en an. Sa pa gen lontan depi yonn nan vwazen yo knomanse ap plenyen paske yon pati nan jaden li a vinn trè mou aloz de dlo, espesyalman tou pre anba vilaj la.

Kesyon 1: Kisa sous natirel yo ye, e pouki rezon sous nan jaden Sara’a pa bay bon dlo ankò?

Repons potansyèl: Sous fè aparisyon yo lè dlo soti nan mitan ti kwen anba tè’a. Pafwa dlo’a paret akoz lapli, dlo ki soti anba tè e ki kouri pase nan rivyè, oubyen dlo ki pompe soti byen fon anab tè’a dl osa yo pat janm rive sou sifas tè’a anvan sa. Pafwa sous ki trouve yo menm kote sou sifas tè’a konn soti kote ki byen diferan. Dlo kap souse jaden vwazen an ka ou pakab pa genyen oken relasyon avek dlo ki te konn soti nan sous la anvan, sepandan tou le de sitiyasyon sa yo moutre ke ni lakou Sara a, pa Amira e pa vwazen an ap travese you period ke yo paka wè sou sifas tè’a.

Sous la te ka rete akoz ti chanjman nan rout dlo’a akoz an seri de mouvman ki fèt sou tè’a, oubyen paske resevwa dlo a vid. Chanjman nan rout dlo’a te ka soti byen fon anba tè’a oubyen kelke mèt anba kote sous la soti’a. Lè dlo’a pase nan ti koridò sa yo, pa anpil bagay ki ka fèt sou tè’a pou anpeche dlo’a kouri.

Jaden Sara’a e pa Amira’a gen yon filfè ant yo pou anpeche bèt antre vinn fè dega andedan jaden yo. Byen souvan Sara ak Amira travèse filfè’a pou yo ale jwe nan forè ki tou pre jaden yo ‘a. Sa gen twa zan depi yo konmase wè bwa filfè yo ap chanje fason yo kanpe sito unan yon direksyon ki tou pre rout yo konn pran an pou yo ale nan forè’s, alò yo sispann moute filfè’a paske yo santi ke sa ap fel panche plis. Yo arive chanje rout yo paske yo pat vle kontinye ap moute sou filfè’a avek le tan yo konmanse bliye ke filfè’a panche. Men piti pa piti filfè’a kontinye ap panche, san oken mounn pa wè sa. Yon jou konsa, sa ka genyen yon mwa pase, yon bourik sove paske li travese filfè’a kite vinn twò ba. Ti moun yo ede papa yo ranje filfè’a ak yout lot bwa yo pouke bourik pa sove ankò.

Kesyon 2: Anpe rezon posib ki fè filfè’a tou dousman kontinye ap panche?

Repons potansyèl: Genyen anpil rezon posib men you tout pa finn an relasyon ak glisman danjere. Se petet paske filfè’a vye e bwa yo komanse ap dekale. Bourik yo petet apiye sou filfè’a pou yo kapab manje bon ti zèb ki pouse lòt bò filfè’a. Menm jan an tou tè’a kapab ap deplase tou dousman anba jaden an, sa vinn fè ke avek le tan bwa filfè yo ap chanje direksyon. Difèt ke sous la pa bay dlo ankò ka vinn an akò avek ide sa’a, sitou si rout dlo’a chanje direksyon akoz tè’a fè yon mouvman tou dousman.

Gozen rete nan yon kay pi ba vil al. Pafwa tou letwa zanmi yo chita la ansanm pou yo manje koute radio oubyen gade televisyon. Kote fanmi li chita’a pou yo manje yo ka wè rivyè’a. Papa’l ede ranje tiyo ki transpote dlo pou kiltivatè yo nan vilaj la, e li ede tou bati oubyen ranje kay. Yon nonm rich fek bati yon

Page 4: Leson 8

kay anwo mònn la kote ou ka wè kijan vilaj la bèl, e li menm peye responsab vil la pou yo pase bon fil elektrik pouki pemet li genyen kouran lakay li. Men ou ka wè anpe nan chanm yo gentan gen mak sou mi yo nan kay ki anwo mònn la. Anpe nan fenè ak pòt yo gentan komanse vinn trè difisyl pou ouvri menm pou femen yo tou. Papa Gozen komanse travay laba’a depi kelke jou e lii toujou ap fè blag sou nonm rich la paske li toujou ap pleyen paske bòs mason ki te fè kay li’a pa byen fè’l.

Kesyon 3: Ki kelke rezon posib ki fè genyen mak sou mi yo? Ki fason nou kap fè pou’n konprann sa èki ap pase la?

Repons potansyèl: Mesye rich la petet ka gen rezon ke mi kay la pat byen fèt. Pafwa, gen kay avek le tan paske yo vye yo komanse gen mak so yo pandan y’ap antre nan tè.

Sepandan, mak ki gen sou mi yo nan bò ki pi pre pant la ka endike ke yon pati nan kay la chita nan tè ki anwo mònn la e li sanble pa finn two bon paske tou dousman lap desann nan tè. Pòt ak fenèt ka vinn difisyl pou yo ouvè paske kay la ap chanje jan li ye a chak fwa tè’a deplase anba’l, sa pemet tou ke jan kad pòt ak fenèt yo ap chanje tou. Menm jan an si tè’a te pat deja bon anvan kay la te fèt tout bagay ki fè kay la vinn fè genyen plis fòs nan plasman sa’a e sa fè mouvman pant la ap ogmante. Tè ki pa bon oubyen tè ki finn two solid pi souvan pre pou yo lage lè genyen tranbleman de tè oubyen lè genyen gwo lapli.

Genyen anpil rezon on moun ka di kisa ki fè tout mak sa yo sou mi yo. Lòt endikasyon tankou pouki sa tiyo yo koube, filfè, chemen a pye, oubyen rout ke yon moun paka wè si tè’a deplase. Si tè’a ap fè mouvman poto fil kouran elektrik ki tou pre mònn yo ap vinn tres ere paske poto yo ap deplase menm jan ak tè’a

Yon jou konsa tou letwa zanmi deside pou yale jwe nan forè ansanm. Yo moute jous alè mònn nan pilewn yo pat janm rive anvan. Yo trouve anban fèy byen enteresan e byen long, rasin fèy bwa sa yo soti anba tè’a yon fason menm anvan pye bwa’a kanpe anlè, gade nan foto sa’a. Anpe nan pye bwa sa yo sanble yon fason inik nan direksyon yo pran’n ki fè ti twa timounn yo al chita sou pye baw’a tankou sete yon chèz byen konfòtab avek pye yo bay anba pant mònn la ! Plizyè nan pye bwa sa yo koube nan menm direksyon nan mitan. Tou letwa zanmi yo deside rele forè’a ‘Forè chemen Krochi’

Kesyon 4: Kisa ki ka fè pye bwa grandi konsa?

Repons potansyèl: Pye bwa toujou grandi nan direksyon solèy leve men tou li ka rive ke yo grandi nan yon direksyon diferan lè yo te pi piti. Menan reyalite tout pye bwa te koube nan menm direksyon, e yo tout te trouve yo nan menm pozisyo, sa ka sanble endike ke tè anba Forè chemen Krochia ap deplase nan menm direksyo. Tout pye bwa yo pi gran lontan pase twa timounn yo, sa prouve ke tè’a komanse deplase depi byen lontan. Sa ka vle di ke tènan jaden yo pa finn two bon, e yo ka depapiye si genyon bon gwo lapli, oubyen tranbleman de tè, oubyen menm bagay tankou konstriksyon rout. Foto nimewo 2 a moutre fason yon pye bwa ka vinn tounen si tè’a pa bon lè yon group pye bwa trouve yo nan menm pozisyon.

Yon jou konsa, pandan ke twa zanmi yo ap mache retounen lakay apre lekòl, genyon tranbleman de tè. Li te fò anpil jous opwen li arive souke anpil gwo imèb ki te bokote ti mounn yo, e konsa tranbleman de tè’a pase apre selman yon minit. Yo te selman pa tre lwen kay Gozen, e tou pre jaden Sara’a ak Amira’a.

Page 5: Leson 8

Figi 2. Fason yon pye bwa tounen tounen akoz tè ki pa bon.

Kesyon 5: Ki kote twa zanmi yo ta sipoze ale an premye?

Repons potansyèl: Genyen anpil pou ti mounn ta ale lakay Gozen an premye. Lakay Gozen gen radio ak televisyonla yap ka koute ki vale dega tranbleman de tè’a fè e si mounn yo jwenn sekou yo bezwen. Radio oubyen tevisyon an si yo travay jous apre tranble de tè’a pase’a, menm jan an tou yo ka koute kijan tan an ap develope si pita oubyen demen ap pi mal akoz tranbleman de tè’a, bagay ki ka rive tankou gwo lapli oubyen neyj.

An plis, tout lòt bagay twa timoun yo obzève yo, yo wè tou ke bò jaden Amira ak Sara a ke tè’a pa finn two stab e li kapab glise dessann si genyen yon lòt tranbeman de tè pase. Paske timoun konnen ke tè’a pa finn two stab li enpotan pou yo ke fanmi yo ak kay yo an tout sekirite. Nan moman sa’a li danje anpil pou nenpòt ki mounn ale bò kay sa yo paske ka gen chok apre tranbleman de tè’a. Paske timoun yo pa an danje, yo ta sipoze esye natre an kotak ak yon nan paran yo oubyen yon zanmi fanmi yo pou yo ka fè paran yo konnen ke yo an sekirite, e chache konnen kisa ki rive egzakteman anvan yo pran kelkeswa desisyonkisa pou yo fè apre, pandan ke yap koseve dlo, manje, e medikaman premye swen.

Tout fanmi yo byen, e yo tout reini lakay Gozen pou pale de sitiyasyon ki sot pase’a. Nan radio yo tande ke te genyen yon tranbleman de tè ki è anpil dega e anpil glisman teren nan tout vilaj la. Vwazen lakou li’a te komanse ap tranpe a ak dlo a di konsa ke, nan kek pati lakou li a gen kek pati nan tè’a ki fè mak, e kote pant la ye vinn pran yon fòm tankou yon eskalye. Rout la vinn bloke akoz an seri de gwo ròch ki tonbe ladan’l, men fanmi yo gen ase manje yo te sere pou lè rout la bloke. Papa Gozen di konsa ke genyen anpil tiyo ki kase se sa ki fè pa gen dlo nan Kika konseve nan resevwa vilaj la. Yo oblije voye yon twa zanmi yo nan rivyè’a al chache dlo pou tout fanmi yo ka bwè. Pandan ke twa zanmi yo nan rivyè’a, yo reyalize ke dlo’a vinn pi ba ke jan li te ye anvan an.

Kesyon 6: Kisa ki ka fè ked lo nan rivyè’a bese, e kisa twa ti medam yo ka fè nan sityasyon sa’a?

Repons potansyèl: Kote zònn rivyè ki gen anpil lapli zònn sa yo toujou genyen anpil glisman apre tranbleman de tè, konsa tou lè dlo nan rivyè’a desann as endike ke genyen yon baraj ki vinn fèt pou anpeche glisman teren anvayi vilaj la. Yon baraj glisman se lè yon glisman arive bloke rivyèoubyen kouran dlo pase, sa rive fè ke gen dlo dèyè baraj la. Sitiyasyon fè gen yon bò ki gen dlo e yon lòt bò ki pa

Page 6: Leson 8

genyen. Baraj glisman yo pafwa trè danjere paske byen souvan yo pa stab. Pandan ke dlo a ap moute dèyè baraj la glisman an vinn molas avek dloo e yo ka kase yon bagay ki ka vinn tounen yon katastwof paske dlo ka anvayi tout vilaj la san oken moun pa pote atansyon. Fè yon ti retounen sou sitiyasyon lè dlo vinn (uncosolidated materials observed during the liquefaction exercise in lesson 7)

Tou letwa zanmi yo ta sipoze fè paran yo oubyen lòt responsab vilaj yo konnen imediapman ki posibilite ki genyen e kisa yo ta bewzen oubyen pa bezwen fè si yon baraj glisman ta komanse. Si desizyon pran rapidman dlo ki dèyè baraj glisman an piti piti ralanti anvan li vinn tounen pwoblen pou vilaj la. Nan ka sa’a menm timoun ka sove yon vil antye.

Tou letwa zanmi yo te di paran yo byen vit de sitiyasyon dlo’a, e yo menm byen rapid te fè responsab vilaj yo konnen sa. Yon ti baraj glisman ki te komanse bò rivyè’a men li pat two gwo pou’l te enkiyete moun. Tou letwa fanmi yo te rete lakay paran Gozen pou kelke jou paske sekous tranbleman de tè’a te toujou la, men yo two danje tankou lè premye tranbleman de tè’a te pase’a. Pandan ke pat genyen two gwo glisman nan jaden paran timoun yo, men fanmi timoun yo komanse ap poze tet yo kesyon a pwopo si ta gen lot tranbleman de tè oubyen lot gwo move tan ki pemet ke yo pedi jaden yo ak kay yo. Se konsa yo konmanse ap diskite kijan yo ka fè pou yo anpeche glisman arive nan jaden yo.

Kesyon 7: Ki kelke bagay fanmi yo ka fè pou anpeche glisaman, oubyen pou anpeche glisman arive nan jaden yo

Repons potansyèl: Fè rekonet e kominike siyn ke tè’a pa stab ak responsab vil lae vwazen yo nan kominote’a oubyen anpeche moun bati kote ki pa solid sa ka ede sove lavi anpil mounoubyen epanye yo de danje ki genyen nan zonn sa yo (tankou bati imeb kote ki pa finn two stab) se bagay ki vinn an premye pou anpeche danje rive ankò.

Mande elèv yo pou fè yon de kimoun pou yo kontakte si yo ta sispek genyen yon ijens ki gen rapò ak glisman. Jwet sa’a se pou yo ranje yon lis an òd de ki moun yo sipoze kontakte an premye si yo ta santi oubyen wè yon siyn. Si yo gen tan oubyen ase resous jan yo ranje lis sa’a ta sipoze fèt tankou yon lèt pou yo voye bay yon resposab sèvis local pou verifye si jan yo fè lis la bon. Responsab emejensi sevis local yo ta sipoze ka bay kominote’a bon enfomasyon ak resous aditionel ke elèv yo pat idantifye, e koman repons ak aksyon elèv yo nan yon emejensi sitiyasyon ka ede oubyen fè pati aktivite kap bay ed yo.

Dezièm etap etap la se prepare yo pou si ta genyen yon evenman konsa ankòtankou prepare kote pou yo reyini oka genyen emèjensi nan komite’a. Tout moun sipoze sere manje, dlo, dra e bagay pou swen sante oka emèjensi sevis yo pa ka rive kote yo ye sitou apre anban jou apre glisman oubyen tranbleman de tè. Elèv yo pral aprann nan leson apre a koman ou yo prepare yo nan ka emèjensi.

Bagay ki pi difisil la se koman pou mete estabilite nan tè ki gentan komanse ap moutre move siyn. Plante pye bwa kote ki merite plante, pant ki gen espas ka ede diminye dlo nan tè ki petet ka vinn deklnache byen fasil glisman teren. Bon fondman rasyn pye bwa ka ede tè ki mou e tout lòt dedri ki te ka byen fasil soti nan tè’a pandan glisman. Genyen lòt bagay tou ki byen enpotan e ki merite pote atansyon tankou kreye baraj glisman e asire bon drenaj nan tout rout ke moun nan kominote a itilize nan yon nivo pou redwi risk glisman teren. A chak fwa li posib menm etap sa yo sipoze kòdone avek lòt manm nan kominote yo de fason pou redwi pri e asire ke chak moun konpran ki danje glisman sa yo pote.

Page 7: Leson 8

Tablo Egzèsis Resime e Diskisyon apre egzèsis la:

Anpil siyn danjere nan zonn ki pa estab se rezilta glisman ke tout moun ka wè ak de je yo nan sifas tè’a. Konye’a ke tout elèv fini ak egzèsis la, mande yo pou yo fè yon ti rezime de ki evidans yo bezwen pou yo ka konen kisa ki fè yon zonn reprezante dnaje pou’l gen glisman. Fè yo konpare e kontraste sa yo te konnen oubyen pat konnen anvan yo te komanse egzèsis la e kisa yo te aprann pandan egzèsis la. Fè yo konnen ke objektiv egzèsis la se pou’l te ka mete elèv yo nan yon sitiyasyon san oken bon repons anvan sitiyasyon an te komanse, ki se yon bagay veritab nan fason sitiyasyon ijens deroule.

Pant ki wo, vye mak glisman, e nouvo mak nan sifas tè a se siyn ki pi evidan pou ta gen lòt glisman teren ankò. Lòt endikasyon enpotan tankou deplase filfè, rout, oubyen fil poto elektrik, poto ki panche tankou yo pral tonbe, nouvo sous oubyen tras degout dlo nan zonn ki pat janm gen dlo anvan, fenèt ak pòt ki gen pwoblèm pou ouvri akoz chapant kay yo ki vinn panche, e menm plis oubyen mwens nivo ti sous dlo ki pa menm gen oken relasyon ak lapli oubyen kondisyon meteo yo.

Tablo Eksperiyans: Glisman lokal

Konye’a ke elèv yo gen ase konesans so usa glisman ye, yo pral gen opotinite ak pwòp men pa yo pou yo kreye, etidye e dekri yon glisman demonstrasyon. Senp exsperiyans sa’a ap pemet elèv yo obzève twa fason diferan kijan glisman develope (pant ki brize, transpò materyèl, e depozisyon final de kek moso matyè) e pou yo ka eksplore diferans ki genyen ant eksperiyans e glisman ki reyel.

Materyèl

Chodyè pou bonbon oubyen pen de gwosè 1-5 cm avek kkote byen wo, preske 40-60 cm an longè e lajèKrayonProtraktèSannTèGravyeRòch platTwal oubyen sèvyèt an papyeJounal pou kouvri sifas travay laKrich avek dlo (opsyon)Ti bwa pou dan (opsyon)

Not! Aktivite sa’a ka fèt selman nan yon klas avek yon sel chodyè oubyen plizyè depann si gen ase sipevisyon nan chak gwoup yo. Sepandan aktivite sa’a ka byen vit tounen bagay sal alò li ta bon pou klas la separe an plizyè gwoup. Fason sann nan, tè’a, gravye, etc. konpòtman yo vinn depann de diferan materyèl patikil ke yo te rasanble yo. Li byen rekomande ke yon pwofesè fè tout aktivite yo apeprè yon fwa anvan’l komanse moutre klas la kijan pou yo idantifye pwoblem ki genyen nan preparasyon an e detemine an seri de fason kijan yo ka diminye tout salte ki fèt yo pandan anpe pati aktivite sa’a. Li ta enpòtan pou aktivite sa’a fèt deyò oubyen fè baskile eksperiman an andedan yon gwo plato pou ranmanse dlo e lòt materyèl.

Pwosede

1. Kouvri kote ou panse ou pral itilize pou demonstarsyon an ak papye jounal. Kreye yon tablo pou make tout rezilta eksperiman ou fè’a (yon egzamp ki moutre sa nan fen tablo leson 1). Ankouraje elèv yo pou

Page 8: Leson 8

yo adisyone lòt ranje oubyen fè eksperiman ak lòt materyèl ki potko mansyone, oubyen pou yo fè remak de kijan konpòtman sistèm ki pa byen nan plas yo nan lòt kategori.

2. Responsabilite chak moun: Bay yon elèv responsabilite pouli leve yon bò nan chodyè’a de fason pou moutre sa ki paret nan foto 3 a, di elèv la pou’l leve’l dousman e lantman san li pa sekwe chodyè’a oubyen rete nan rout jous kaske materyèl ki ladan’l komanse soti anba. Bay yon lòt elèv responsabilite pou’l mezire ak yon pwotraktè nan ki ang chodyè’a ye. Elèv sa’a sipoze ap rele ogmantasyon ang la tankou 5° lè materyèl la pap fè mouvman e sipoze rele tou lè materyèl la ap fè mouvman ( egzamp : materyèl la pa fè oken mouvman jous kaske li rive a 23° kote li komanse brize, apre 27° li kraze : elèv la sipoze ap li fò tankou 5 degre…10 degre…15 degre…20 degre…brize nan 23 degre, 25 degre, kraze nan 27 degre. Elèv sa’a sipoze konsantre pou li ap repete nan ki ang travay la ye pandan ke mouvman yo ap fèt, e pandan tan sa’a lòt elèv yo sipoze ap pran not kap dekri koman sitiyasyon ap deroule.

Figi 3. Yon imaj konman pou prepare chodyè’a, pwotraktè, e pwodwi yon mouveman pou soulve aksyon glisman.

3. Komanse eksperiman an avek materiel sèch paske yo pi fasil pou netwaye (Egzamp: ròch plat, answit gravye, epi sann answit tè). Fè elèv yo ranpli enfomasyon yo nan tablo’a ki dekri koman glisman yo paret simile. Fè elèv yo ekri tout detay enstalasyon eksperiman yo anvan yo baskile chodyè’a, tanklu kijan de materyèl ki te itilize, ki dimansyon chodyè’a, ak ki pwofondè materyèl la te arive chita nan chodyè’a. Pandan materyèl la komanse ap fè mouvman lè chodyè’a panche ankouraje elèv yo pou yo dekri e pran not de sitiyasyon an nan tablo’a ak nan dieran ang, tankou yo wè li nan tablo 1 ki anba’a. Apre ke tout materyèl yo kraze fè elèv yo pran not de kijan materyèl yo kraze- eske yo te tounen tankou likid oubyen eske li te tounen tankou blok oubyen plak diskret? Eske li te vinn repoze tankou yon bagay fen oubyen yon pil oubyen si te genyen ti moso oubyen mak nan materyèl ki kraze’a.

Konplete premye tablo’a avek tout materièl yo e diskite yo. Si gen tan fè plis ke yon sel eksperiman pou chak materiel. Lè’w itilize yon lòt materiel itilize yon lòt tapi oubyen sèvyèt pou netwaye chodyè’a konsa li ap an bonn eta pou lòt eksperiman parèy.

Page 9: Leson 8

Not! Kle tout eksperiman siyantifik se repwodiktibilite. Si andan chodyè’a pa netwaye trè souvan pandan chak eksperiman yo, sinon rezilta yo ka pa soti egzak akoz de kras ki rete anba chodyè’a pandan eksperiman anvan yo.

Diskite avek elèv yo sitiyasyon ki sot pase’a e ankouraje yo pou yo poze nouvo kesyon sou enstalasyon an. Eske genyen modèl ? Ki ang materyèl ki te kraze pi piti oubyen pi gran anvan ? Ki materyèl ki te kraze pi vit oubyen pi lantman ? Eske se materyèl ki te itilize yo sanble ak lòt materyèl ki fè montay oubyen kolinn ki alantou zonn nan, mande yo pouki oubyen pouki pa ? Eske elèv yo ka idantifye mouvman oubyen konpotman diferan materyèl ki te kraze ki koresponn ak siyn twa zanmi yo te obzève nan senario egzesis ki te pase nan vil yo’a ?

4. Mande elèv yo pou yo predi kisa ki ka rive si yo repete menm eksperiman ankò avek menm materyèl yo eksepte fwa sa’a chodyè’a gen pou’l fè yon ti souke tout dousman pandan li panche a. Answit repete menm etap sa yo menm jan anvan an avek tout menm materyèl yo, men fwa sa’a mande elèv ki responsab la pou li panche chodyè’a tou dousman oubyen bay chodyè’a yon ti tap pandan lap moute a. Fè elèv responssab la konnen ke vitès chodyè’a leve se ape pre menm vitès ak sa anvan an. Fè elèv la konnen pou li kontinye ap souke menm jan an (nan yon magnitid mouvman e frekans) pandan lap panche tout materyèl yo. Ekri tout diferans elèv la obzève yo a pwopo tout ang ke materyèl yo kraze, ak ki vites yo kraze, fason ke yo kraze yo etc.

Rezilta global la ta dwe ke ang chodyè’a kraze a ta sipoze pi fèb pandan ke chodyè’a te panche. Mande elèv yo pou yo eksplike pouki rezon sa fet, senpleman baze sou konesans yo genyen sou pwa, direksyon gravite, friksyon, e ang enklinasyon. Yon repons se ke materyèl tankou sab, lè ou wè’l byen pre, li fèt ak anpil plizyè ti pwen tankou chak ti pwen ka konsidere tankou yon ti ròch ki chita sou anpil lòt ti ròch antoure de an seri de ti pòch lè ki rele pò (raple yo de likefaksyon nan leson 7 la). Lè elèv souke chodyè a avek ròch ki sou pant la, yo gen tandans swa roule pant la oubyen ki pouse yo lòt bò fas pant la direkteman, sa vinn fè ke yo ‘vole’ sou pant la. Lè ou mete kontribisyon tout ti moso ròch sa yo ansanm e yo tout vinn rebondi len sou lòt, se ke efet egsak de tout mas matyè yo vinn pran direksyon anba pant, sa vinn fè ke anpil ti ròch vinn gen yon ti distans anba pant la.

5. Finalman, pou chak materyèl chwazi yon ang ki trouve direkteman ant ang ki kraze a pou ka souke’l e yon ang ki kraze oka ou pata gen ajitasyon (egzamp : sab ki efondre a 15° pandan yap souke’l, 25° lè y opa souke’l, alò li ta bon pou chwazi yon ang de 20° pou ka sa’a). Prepare chak materyo nan yon chodyè e fè’l moute nan ang ki te chwazi a pou materyo sa’a. Mande elèv yo kisa yo panse ki pral rive si chodyè’a souke e pouki sa, repons yo ta dwe se paske li pral efondre, paske nou deplase materyo yo de yon kote ki te estab pou mete yo yon kote kip a estab sa vinn chanje anvironman yo. Sa se yon analog de yon tranbleman de tè ki fèt akoz de glisman teren.

Fè elèv yo souke chodyè’a menm jan yo te fe’l anvan an, e fè yo ekri rezilta yo.

Atansyon! Rezilta aktyèl yo ka varye, men sa fè pati ekzesis la tou. Nan an seri de ka materyo yo gen pou yo efondre tankou yo predi, e nan lòt, sa pap rive. Gen anpil bagay ki ka rive pou detemine ki lè, koman e pouki sa glisman teren ka vinn arrive, menm jan ak lè materyo yo vinn konpak lè’l chita two lonta anba chodyè’a, gen diferan varasyon ki fèt lè chodyè’a souke, e gen diferan arajman grenn sab ki fèt lè yo antre an kontak ak chodyè’a, sa se selman kek nan yo.

Page 10: Leson 8

6. Fè yon rezime de tout obzèvasyon ki fèt yo. Ankouraje elèv yo pou yo diskite limit konfigirasyon ki genyen lè li relativ avek yon evenman natirel, e mande yo pou yo idantifye anpe nan defi siyantifik tè’a rankontre pandan y’ap esaye anpeche glisman teren anvayi plizyè kominote ke moun ap viv. Gen plizyè repons posib : materyo ki pa omojèn, men yon melanj ak lòt materyo avek konsistans. Pant ki sanble natirel yo egal e yo iregilye, e sifas yo gen konpleks, mak e fòs. Prezans dlo se yon bagay tou ki kreye konplikasyon: pou anpe materyo ki obzève avek tip konfigirasyon sa yo dlo ki ka vinn pemet ke fason ang yo leve an menm tan. Men nan vre monn twop dlo sanble paret pou redwi fason ang yo akoz ogmantasyon presyon ki genyen yo.

7. Ankouraje elèv yo pou yo itilize imajinasyon yo e materyo yo gen nan men yo avek sab, gravye, e anpe tè pou yo ka estabilize sifas la. Anpe ide ki byen senp tankou mete yon sèvyèt mouye sou sifas la. Fason sa’a pa difisil, li sanble ak sifas konpansasyon e se yon mwayen ki byen efikas, men pafwa koute anpil, diferan fason pou estabilize e redwi vre sifas ki tou pre anpil gwo imèb. Lòt ide ankò se tankou lè mi yo kontwi e sipòte ave kan seri de ròch plat galet oubyen gravye ki pou soutni materyo yo. Mande elèv yo pou yo esaye anpile diferan fason e ranje yo nan yon fòm anba chodyè’a pandan yap moute anwo, rezon se pou’w ka wè kiyès ki konstwi pi bon estrikti ki pou anpeche glisman teren yo. Ankouraje elèv yo pou trouve lòt materyo nan klas la, tankou baton, kòd oubyen krayonki kapab antre nan baraj glisman teren yo.

(Opsyon) Si gen tan, fè elèv yo fè eksperyans avek materyo mouye. Mande elèv yo pou y mouye konpletman anpe nan materyo yo nan dlo pou kelke minit (pi long pi bon). Fè yo ranpli chodyè’a anvan e ekri tout rezilta ki moute nan chodyè’a. Rezilta yo sipoze se rezilta yo pat previ. Nan an seri de ka materyo yo ap efondre sou yon fòs ki pi fèb. Nan lòt ka materyo yo ap efondre sou fos ki elve, men rezilta yo kapab byen pi katastrofik e sanzatann. Elèv yo ka santi infiltrasyon dlo lapli pandan y’ap vide byen lantman dlo nan materyo yo nan tèt chodyè’a pandan l’ap leve. Elèv yo ka fè tou eksperiman tranbleman de tè nan diferan ang avek materyo ki mouye.

Lòt opsyon aktivite tankou similasyon efèt sifas yo pandan ou mete kwidan antre yo byen fon tou dwa nan sab la, tè’a oubyen gravye e tou dousman leve kouvèti chodyè’a tankou nan etap anvan yo. Pou anpe materyo tankou sa ki piti anpil yo mouvman matyè sa yo reflekte nan mouvman kwidan yo byen fasil anvan pnat la efondre.

Resous Entenet ki Itil

Enjenyè pou monn la: http://www.engineering4theworld.org/

Yon gwo pati nan materyo itilize yo pou kalkile Tablo Egzesis e Tablo Eksperiman trouve yo sou entenet: http://www.bechberger.com/Mel/Landslide_Activity/

Photo 1. Tranbleman de tè Kashmir a

Page 11: Leson 8

Glisman 1

Glisman 2

Page 12: Leson 8

Glisman 3

Glisman 4

Page 13: Leson 8

Glisman 5

Page 14: Leson 8

MATERYÈL KONDISYON INISYAL

ANG YO RIPTI E MÒD TRANSPÒTASYON (% RES MATERYÈL)

PITI A PITI, RAPIDIMAN, OUBYEN TOUDOUSMAN?

LIKID OUBYEN PENSÈT DEPOZISYON

NOT SOU EFONDREMAN

Ròch

Gravye

Sab 1) 20 CM X 40 CM X 4 CM

2) SECH

3) PWOFONDÈ REGILYE

4) SAN NE

15 DEG.

18 DEG.

22 DEG.

25 DEG.

KOURAN DECHÈ TI GREN SAB (99%)

KOURAN TI DECHÈ PITI (90%)

KOURAN TI DECHÈ PITI (50%)

SAB EFONDRE, DECHÈ KOURAN (5% RES)

TOUDOUSMAN & PITI A PITI

TOUDOUSMAN & PITI A PITI

PITI A PITI

RAPIDMAN

LIKID

LIKID

LIKID

LIKID

SAB PITI A PITI KI LAGE ANVAN EFONDREMANRE AK 25 DEG.

Tè 1) 20 CM X 40 CM X 4 CM

2) SECH

3) PWOFONDÈ REGILYE

4) ANPE NE

26 DEG.

30 DEG.

38 DEG.

MAK KI FOME ANWO TOU PRE MATERYÈL YO, SLAB OF SOIL SLIDES (100%)

MAK YO VINN PI LONG,

ANPE REGROUPMAN AK BAZ MATERYÈL (95%)

EFONDREMAN KATASTROFIK, TÈ AK KOURAN DECHÈ (10%)

PITI A PITI

RAPIDMAN

RAPIDMAN

NE YO (1-5 CM)

PI SOUVAN PENSÈT , ANPE LIKID

PENSÈT VINN TOUNEN LIKID APRE ANPE MOUVEMAN

EKSEPTE NE KI ANWO, TÈ AN BETON KI TE PRESKE PANCHE ANSWIT EFONDRE.

Tablo 1. Yon egzanp tablo enfomasyon pou anrejistre kijan pant inisyal la koupe, traspotasyon e depo final de diferan debri ke tranbleman de tè’a te koze. Tablo sa’a se yon adaptasyon a pati de deskripsyon “Glisman teren fon maren yo” aktivite sa yo trouve yo nan dosye Web ki make Resous Itil sou Entenet.