mizajou lejislatif pou fanm nan rockland 2017 · yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè...

4
MANM ASANBLE ELLEN C. JAFFEE BIWO ROCKLAND: One Blue Hill Plaza, P.O. Box 1549 • Pearl River, NY 10965 • 845-624-4601 • FAX: 845-624-2911 BIWO ALBANY: 626 Legislative Office Building • Albany, NY 12248 • 518-455-5118 • FAX: 518-455-5119 Imel: [email protected] SEZON IVÈ 2017 Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017 de Manm Asanble Ellen C. Jaffee Prezidan, Komite pou Timoun ak Fanmi Chè Zanmi, Ane sa make 100yèm anivèsè istorik dwa vòt fanm nan Eta New York. Menm lè n ap selebre santyèm anivèsè a, sa raple nou travay nou dwe fè pou pwoteje epi fè pwomosyon dwa fanm yo. Se pa t janm yon wout ki fasil, men defansè dwa yo pa t ap abandone jiskaske fi yo te ka vote paske yo te konnen vote se sèl fason ki pi efikas pou fè chanjman. Li toujou sa. Pandan lontan, New York te yon lidè pwogresif nan avansman dwa zimen. Paske premye priyorite Manm Asanble ou a se travay sou solisyon lejislatif pou pwoblèm ki afekte lavi fanm tout laj. Kounye a plis ke jamè, nou menm nan Majorite Asanble a rete angaje pou abilite fanm ak ti fi yo epi pou travay ansanm pou rive nan egalite konplè fi yo. Bilten sa bay plis enfòmasyon ki detaye sou s anou akonpli. Tanpri fè m konnen kisa ki pi enpòtan pou ou. Konvèsasyon nou genyen yo souvan enpòtan anpil pou lejislasyon mwen patwone a. Mwen espere ou pran yon moman pou pataje opinyon ou ak enkyetid ou ak mwen. Kòmantè ou yo esansyèl. Mwen swete ou yon bon 2018, an sante epi pwospè! Ellen Banmwen Like sou Facebook @JaffeeNY Swiv mwen sou Twitter @EllenCJaffee Lejislasyon pou Sipòte Fanmi ak Timoun, Pwoteje Sante ak Sekirite, Fè Pwomosyon Sekirite Ekonomik ak Kwasans Lejislasyon pou Anpeche Vyolans Domestik ak Sipò pou Sivivan yo Asanble a te adopte yon pake lejislatif ki genyen ladan l pwojè lwa mwen te pran inisyativ ansanm nan pou diminye vyolans domestik lè nou ranfòse pwoteksyon pou sivivan yo ak pitit yo pandan n ap abilite sivivan yo pou reklame lavi yo. Pake a genyen ladan l yon mezi ki ta anpeche anplwaye yo pou fè diskriminasyon kont viktim vyolans domestik yo epi egzije anplwaye sa yo fè akomodasyon ki rezonab pou anplwaye ki bezwen asistans medikal, konsèy ak lòt sèvis ki lye yo (A.1481-A). Lwa sou Prevansyon Ogmantasyon Vyolans Domestik la (A.5025), ta ka anpeche moun k ap fè abi vyolans domestik yo ki kondane pou yon krim vyolans domestik pou achte oubyen pou posede yon zam. Yon lòt mezi (A.980) ta egzije yon moun pou remèt zam lè yo kondane pou yon enfraksyon vyolans domestik. Antanke Prezidan Komite Timoun ak Fanmi an, yon premye priyorite se asire ke chak fanmi k ap travay di gen aksè nan sekirite, swen bon kalite, epi bon mache. Rechèch yo sijere ke seirite, swen ki fyab pou timoun enpòtan anpil pou kapasite yon paran pou kenbe travay ak otosifizans, pandan n ap fè pwomosyon devlopman pozitif timoun. Malgre prèv sa, anpil paran k ap travay pa an mezi pou jwenn aksè a swen bon kalite pou timoun. San swen pou timoun, paran yo pa ka pouswiv edikasyon yo oubyen rete nan fòs travay la pou kontribye nan ekonomi an epi amelyore kalite vi yo. Nan mwa me, mwen te fè yon odyans piblik ak Komite Sena a pou Timoun ak Fanmi ak Fòs Entèvansyon Asanble a sou Pwoblèm Fanm yo pou egzamine baryè pou jwenn aksè a swen de kalite pou timoun ak sou fason mank swen an lye ak divès pwoblèm ki genyen ladan yo, devlopman timoun, estabilite fanmi ak ekonomi an. Mwen fè patenarya ak Manm Asanble Shelley Mayer (D-Yonkers), Prezidan Fòs Entèvansyon sou Pwoblèm Fanm yo, pou fè yon seri tablewond nan tout eta a pou aprann plis sou bezwen ak pwoblèm nan swen timoun epi pou sèvi kòm yon gid pou politik swen timoun. Diskisyon tablewond yo se opòtinite ki valab pou idantifye obstak ki anpeche fanmi yo gen aksè nan swen timoun, ansanm ak defi prestatè ak moun k ap bay swen yo fè fas. Mwen travay ak enèji pou kontinye travay ak kamarad mwen yo ansanm ak moun ki konsène yo epi plede pou sekirize yon ogmantasyon enpòtan nan finansman lè sesyon lejislatif la kòmanse an janvye.

Upload: others

Post on 19-Feb-2020

1 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017 · yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè restoran yo epi bese to povrete a. Li lè pou New York fè menm jan epi elimini enjistis

MANM ASANBLE ELLEN C. JAFFEEBIWO ROCKLAND: One Blue Hill Plaza, P.O. Box 1549 • Pearl River, NY 10965 • 845-624-4601 • FAX: 845-624-2911

BIWO ALBANY: 626 Legislative Office Building • Albany, NY 12248 • 518-455-5118 • FAX: 518-455-5119Imel: [email protected]

SEZON IVÈ 2017

Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017de Manm Asanble Ellen C. JaffeePrezidan, Komite pou Timoun ak Fanmi

Chè Zanmi,

Ane sa make 100yèm anivèsè istorik dwa vòt fanm nan Eta New York. Menm lè n ap selebre santyèm anivèsè a, sa raple nou travay nou dwe fè pou pwoteje epi fè pwomosyon dwa fanm yo. Se pa t janm yon wout ki fasil, men defansè dwa yo pa t ap abandone jiskaske fi yo te ka vote paske yo te konnen vote se sèl fason ki pi efikas pou fè chanjman. Li toujou sa.

Pandan lontan, New York te yon lidè pwogresif nan avansman dwa zimen. Paske premye priyorite Manm Asanble ou a se travay sou solisyon lejislatif pou pwoblèm ki afekte lavi fanm tout laj. Kounye a plis ke jamè, nou menm nan Majorite Asanble a rete angaje pou abilite fanm ak ti fi yo epi pou travay ansanm pou rive nan egalite konplè fi yo.

Bilten sa bay plis enfòmasyon ki detaye sou s anou akonpli. Tanpri fè m konnen kisa ki pi enpòtan pou ou. Konvèsasyon nou genyen yo souvan enpòtan anpil pou lejislasyon mwen patwone a. Mwen espere ou pran yon moman pou pataje opinyon ou ak enkyetid ou ak mwen. Kòmantè ou yo esansyèl.

Mwen swete ou yon bon 2018, an sante epi pwospè!

Ellen

Banmwen Like sou Facebook @JaffeeNY • Swiv mwen sou Twitter @EllenCJaffee

Lejislasyon pou Sipòte Fanmi ak Timoun, Pwoteje Sante ak Sekirite, Fè Pwomosyon

Sekirite Ekonomik ak Kwasans

Lejislasyon pou Anpeche Vyolans Domestik ak Sipò pou Sivivan yo

Asanble a te adopte yon pake lejislatif ki genyen ladan l pwojè lwa mwen te pran inisyativ ansanm nan pou diminye vyolans domestik lè nou ranfòse pwoteksyon pou sivivan yo ak pitit yo pandan n ap abilite sivivan yo pou reklame lavi yo. Pake a genyen ladan l yon mezi ki ta anpeche anplwaye yo pou fè diskriminasyon kont viktim vyolans domestik yo epi egzije anplwaye sa yo fè akomodasyon ki rezonab pou anplwaye ki bezwen asistans medikal, konsèy ak lòt sèvis ki lye yo (A.1481-A). Lwa sou Prevansyon Ogmantasyon Vyolans Domestik la (A.5025), ta ka anpeche moun k ap fè abi vyolans domestik yo ki kondane pou yon krim vyolans domestik pou achte oubyen pou posede yon zam. Yon lòt mezi (A.980) ta egzije yon moun pou remèt zam lè yo kondane pou yon enfraksyon vyolans domestik.

Antanke Prezidan Komite Timoun ak Fanmi an, yon premye priyorite se asire ke chak fanmi k ap travay di gen aksè nan sekirite, swen bon kalite, epi bon mache. Rechèch yo sijere ke seirite, swen ki fyab pou timoun enpòtan anpil pou kapasite yon paran pou kenbe travay ak otosifizans, pandan n ap fè pwomosyon devlopman pozitif timoun. Malgre prèv sa, anpil paran k ap travay pa an mezi pou jwenn aksè a swen bon kalite pou timoun. San swen pou timoun, paran yo pa ka pouswiv edikasyon yo oubyen rete nan fòs travay la pou kontribye nan ekonomi an epi amelyore kalite vi yo.

Nan mwa me, mwen te fè yon odyans piblik ak Komite Sena a pou Timoun ak Fanmi ak Fòs Entèvansyon Asanble a sou Pwoblèm Fanm yo pou egzamine baryè pou jwenn aksè a swen de kalite pou timoun ak sou fason mank swen an lye ak divès pwoblèm ki genyen ladan yo, devlopman timoun, estabilite fanmi ak ekonomi an. Mwen fè patenarya ak Manm Asanble Shelley Mayer (D-Yonkers), Prezidan Fòs Entèvansyon sou Pwoblèm Fanm yo, pou fè yon seri tablewond nan tout eta a pou aprann plis sou bezwen ak pwoblèm nan swen timoun epi pou sèvi kòm yon gid pou politik swen timoun. Diskisyon tablewond yo se opòtinite ki valab pou idantifye obstak ki anpeche fanmi yo gen aksè nan swen timoun, ansanm ak defi prestatè ak moun k ap bay swen yo fè fas. Mwen travay ak enèji pou kontinye travay ak kamarad mwen yo ansanm ak moun ki konsène yo epi plede pou sekirize yon ogmantasyon enpòtan nan finansman lè sesyon lejislatif la kòmanse an janvye.

Page 2: Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017 · yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè restoran yo epi bese to povrete a. Li lè pou New York fè menm jan epi elimini enjistis

Lit pou Pèman ki EgalNan dat 4 avril, Jounan Pèman ki Egal la, ki reprezante nan ki pwen nan ane a fanm yo dwe travay pou fè menm salè ak gason yo pandan ane, Asanble a te adopte yon ansanm pwojè lwa ke mwen te pran inisyativ ansanm, pou ede asire ke fanm yo genyen salè ki egal pou menm travay la. Eka salè a frape fanm yo, e li frape fanmi yo. Li koute fanm yo plizyè santèn milye dola pandan tout lavi yo, e pwoblèm sa konplike akoz plis fanm rete selibatè oubyen ap leve yon fanmi pou kont yo. Pou asire ke fanm yo genyen pi gwo pwoteksyon dapre lalwa, lejislasyon an genyen ladan l Lwa Salè Ekitab Eta New York epi aplike egalite pèman an, ki se ogmante pwoteksyon salè yo tankou egalite travay epi asire ke yo pa bay mwens valè a djòb tradisyonèl ki pou fi ak minorite yo (A.4696). Anplis (A.658, A.2549) ta mete anplas yon politik egalite salè nan nivo eta a pou anplwaye eta ak anplwaye minisipal yo, epi mandate Komisyon Sèvis Piblik (Civil Service Commission) pou fè etid epi pibliye yon rapò ki evalye disparite salè ant anplwaye piblik yo pou etabli ki kote e kijan inegalite yo egziste. Sa ede asire ke anplwaye k ap travay nan djòb ki egal yo resevwa menm konpansasyon an kèlkeswa sèks, ras, ak orijin nasyonal.

Ou te konnen? Caucus Lejistif Fanm nan se yon òganizasyon fanm ki eli yo nan Lejislati Eta New York la. Jodi a, 58 fanm ap bay sèvis nan Asanble ak Sena a, ki reprezante distri iben, pwovens ak riral yo atravè eta a.

Nan Caucus la, nou travay pou:

• Amelyore patisipasyon fanm yo nan tout domèn gouvènman an

• Sipòte pwoblèm ki afekte epi benefisye fanm yo nan Eta New York

• Bay yon rezo sipò pou fanm yo nan Lejislati Eta a

Depi kòmansman li nan ane 1983, Caucus la te travay sere sere ak òganizasyon fanm ak moun ki konsène yo atravè eta a, ansanm ak Gouvènè a, ajans eta yo, ak lòt manm lejislasyon yo pou defannn pwogram ak sèvis ki benefisye fanm yo.

Konpayi Asirans yo Dwe Kouvri Depistaj Kansè 3D

nan Tete Kounye aGouvènè Cuomo te siye lejislasyon (A.5677) (Chapit 414 nan 2017) a an lwa, ke mwen te pwopoze ansanm, ki egzije konpayi asirans yo kouvri mamografi 3D pou depistaj kansè nan tete. Mamografi 3D a bay yon imaj ki pi egzak ki rann li pi fasil pou detekte kansè nan tete nan premye stad li lè li pi ka trete.

Konje Familyal Peye ki Anvigè nan Mwa Janvye 2018

Fanmi k ap travay yo pa dwe janm genyen pou chwazi ant bay swen a yon ti bebe ki fèk fèt, yon paran aje oubyen yon pwòch ki malad grav ak yon chèk travay. Lè nou mete bezwen fanmi yo an premye, n ap ogmante epi kenbe priyorite nou yo nan lòd. Lwa sou Konje Anyèl Peye ke mwen te pwomouvwa ansanm nan te siyen pou vin yon lwa, ki bay fanmi k ap travay nan New York yo prestasyon konje ki pi laj nan peyi a: 12 semèn pwoteksyon pou konje ki finanse atravè yon ti kontribisyon pou anplwaye a ki pa koute gwo oubyen ti — biznis nou yo anyen. Pou aprann plis, vizite https://www.ny.gov/programs/new-york-state-paid-family-leave

« P ap janm genyen egalite nèt toutotan

fi yo pou tèt yo pa ede fè lwa epi chwazi

moun k ap fè lwa yo. »

– Susan B. Anthony

Jodi a, fanm nan tout peyi a genyen 80 santim pou chak dola yon gason fè. Li pi piti toujou pou fi Afriken-Ameriken ak Ispanik yo, ki fè 63 santim ak 54 santim, pou chak dola omològ fason yo fè. L ap pran yon fi Afriken-Ameriken jiska 31 jiyè e fi ispanik yo jiska 2 novanm pou ratrape. Eka salè a koute fi yo plizyè santèn milye dola pandan tout lavi yo, e pwoblèm sa konplike akoz plis fi rete selibatè oubyen ap leve yon fanmi pou kont yo.

Page 3: Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017 · yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè restoran yo epi bese to povrete a. Li lè pou New York fè menm jan epi elimini enjistis

Lejislasyon pou Anpeche Kesyònman

Istorik Salaryal laLè n sipòte yon anviwònman travay ki jis epi ekitab, sa kòmanse pa retire baryè tankou egzijans istorik salè. Pou reyalize yon salè ki jis, pratik pou baze salè yo sou yon istorik pratik salè anplwaye a dwe fini. Lejislasyon (A2040-C) ke mwen te pwopoze ansanm te adopte nan Asanble a, e li vize anpeche diskriminasyon salè nan plas travay, ki afekte fanm yo nan fason ki pa pwopòsyonèl. Pwojè lwa sa ta ka anpeche tout anplwayè piblik ak prive baze yo sou istorik salè lè y ap detèmine salè yon anplwaye potansyèl.

Yon Salè Egal pou Travayè ki Touche sou Tep yo

Mwen te reyini ak Jane Fonda, Saru Jayaraman, de-fansè dwa travayè ak fondatè Sant Opòtinite Resto-rasyon (ROC: Restaurant Opportunities Centers) Ini, ak Senatè Lidè Konferans Minorite Sena a, Andrea Stewart-Cousins pou yon fowòm piblik sou inega-lite sou plas travay, agresyon seksyèl, ak efò New York pou ogmante salè minimòm tep la, lejislasyon (A.6203) mwen pwopoze pou amelyore kondison vi ak travay yo. Sektè restorasyon an se deja pi gwo sous agresyon seksyèl nan peyi Etazini, e li anplwaye pi gran kantite travayè fanm k ap fè pi piti pase salè mi-nimòm nan, travayè ki dwe konte sou tep kliyan yo nan plas salè anplwayè yo pou peye yon salè pou viv epi sipòte fanmi yo. Sa ki pi mal la, rechèch yo montre ke travayè yo fè tep sou baz ras ak sèks yo, e non pa dapre kalite sèvis, k ap ankouraje yon anviwònman ki rasism, agresyon seksyèl, ak to povrete ki wo. Sèt eta ki deja egzjije pou yo peye travayè ki touche sou tep yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè restoran yo epi bese to povrete a. Li lè pou New York fè menm jan epi elimini enjistis ekonomik lawont sa.

Retrèt Caucus Fanm nanNan retrèt Lejislatif Caucus Fanm nan, nan mwa Oktòb, nou te fè sesyon estrateji, diskite politik ki lye ak Antrepriz Biznis Fanm yo, prestasyon swen familyal, epi fikse objektif, epi pran plezi nan yon dine soti nan jaden pou rive sou tab ak fanm agrikiltè yo.

Defans Planifikasyon Familyal Jounen Aksyon

Aksè pou kontrasepsyon pèmèt fanm yo atenn pi won nivo edikasyon ak siksè nan plas travay la, ki vle di fanmi ki pi an sante e ki gen plis sekirite finansye. Lè n pwoteje aksè ki egal pou kontrasepsyon ki gratis, sa se yon eleman vital pou swen sante ki dwe disponib pou chak moun kèlkeswa nivo revni yo.

Manm Asanble Jaffee ak Richard Gottfried, Senatè Brad Hoylman, Manm Asanble Anthony Brindisi, Sena-tè Daniel Squadron ak Manm Asanble Donna Lupardo.

Klèje ki Konsène pou Sipò nan Chwa pou Paran ki PlanifyePandan plis pase 20 lane, Klèje New York la te Konsène pou Chwa ki te dedye pou asire aksè pou sèvis sante repwodiktif, edikasyon ak dyalòg piblik konsènan swen sante pou fanm. Sant sante pou Paran Planifye nan tout eta nou an yo sèvi kòm pwen aksè kritik pou premye swen ak sante prevantif, espesyalman pou sila yo ki nan gwo bezwen, ak kominote ki pa gen gwo mwayen yo. Nouyokè yo te vini nan Albany pou mande reprezantan yo pwoteje yo kont diminisyon federal yo nan plan Paran ki Planifye a lè l adopte Lwa sou Swen Repwodiktif la (A1748) ak Lwa sou Kouvèti Kontraseptif Konplè a (CCCA: Comprehensive Contraception Coverage Act), pwojè lwa ke mwen te pwopoze ansanm ki te adopte nan Asanble a.

Page 4: Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland 2017 · yo salè minimòm konplè a, te anrichi sektè restoran yo epi bese to povrete a. Li lè pou New York fè menm jan epi elimini enjistis

New York State Assembly • Albany, New York 12248 PRSRT STD.U.S. POSTAGE

PAIDAlbany, New York

Permit No. 75

SEZON IVÈ 2017

Mizajou Lejislatif Pou Fanm nan Rockland

de

Manm Asanble Ellen C. JaffeePrezidan, Komite sou Timoun ak Fanmi

Felisitasyon pou Ekip Foutbòl Lekòl Segondè Pearl River a, ki se Chanpyon Klas A 2017 NYSPHSAA!

Asanble a Adopte « Pwojè Lwa Boss » Jaffee a pou Pwoteje

Konfidansyalite Anplwaye a nan Chwa Repwodiksyon

Lejislasyon sa (A.566-A) garanti fi New York yo libète ak dwa fondamantal pou pran desizyon sou swen sante repwodiktif pèsonèl san yo pa pè reprezay nan men anplwayè yo. Lè nou kontinye ak istwa New York pou pwoteje moun kont diskriminasyon nan plas travay la, pwojè lwa sa ki pase nan Asanble a, ranfòse epi repann lwa eta a pou asire ke yon anplwayè pa ka fè represay kont yon anplwaye paske anplwaye a oubyen depandan yo gen aksè ak swen sante ki lye ak gwosès, planifikasyon familyal oubyen tout sèvis sante repwodiktif.

Gouvènè a Siyen Lwa ki Ogmante Laj pou Maryaj nan Eta New York la a 17 an

Gouvènè a te siyen lejislasyon ke mwen te pwopoze ansanm nan, ki ogmante laj minimòm pou maryaj a 17 an. Lwa a entèdi nenpòt moun ki gen pi piti pase 17 an pou marye epi tabli yon tribinal sevè pou apwouve pwosesis la pou moun 17 an k ap chèche marye nan Eta New York. Y ap egzije tout moun 17 an k ap chèche yon lisans pou marye pou jwenn yon apwobasyon ekri nan men yon Tribinal Siprèm oubyen yon jij nan Tribinal Familyal la ki prezide nan vil kote aplikasyon an fèt la. Anplis, tribinal la dwe nonmen, pou chak minè, yon avoka ki te fòme nan vyolans domestik ak pwoblèm maryaj fòse yo. Anvan yo emèt nenpòt apwobasyon, jistis oubyen jij la dwe avize nenpòt moun 17 an sou dwa li konsènan anilasyon maryaj, soutyen pou timoun ak konjwen, sèvis vyolans domestik, ak aksè pou benefis piblik ak lòt asistans. Tribinal la ta dwe egzije tou pou mennen yon egzamen sou aksyon ki gen rapò ak tribinal la ki enplike aplikan yo, ki genyen ladan yo, manda, lòd pwoteksyon ansanm ak rejis agresè seksyèl, epi fè antrevi separeman ak chak aplikan pou asire ke minè a ap antre nan maryaj ak pwòp volonte li, ke yo pa kontrenn li pa lafòs, menas, pèswasyon, fwod, presyon oubyen fòs, e ke maryaj la p ap mete an danje sekirite mantal, emosyonèl oubyen fizik minè a.

Rankont ak fanm saj nan Albany

Felisitasyon pou Apot Dorain Elizabeth Alston, ki se premye pastè fanm nwa nan Rockland k ap selebre 50 an nan Tabènak Delivrans St John nan Nyack.

Felisitasyon!