pwogram tit i pou fanmi

39
Pwogram Tit I Pwogram Tit I pou Fanmi pou Fanmi

Upload: ellema

Post on 23-Jan-2016

90 views

Category:

Documents


0 download

DESCRIPTION

Pwogram Tit I pou Fanmi. Objektif reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Pwogram Tit I Pwogram Tit I pou Fanmi pou Fanmi

Page 2: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Objektif reyinyon an

Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l

Plan/règleman sou patisipasyon fanmi Kontra ant lekòl-paran Dwa paran pou konnen

Sipò adisyonèl Kolaborasyon ant lekòl ak paran Kaye enfòmasyon paran (FIN)

Page 3: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Kisa Tit I an ye?

Tit I Se yon sibvansyon federal ki bay lajan pou

edikasyon Bay distri lekòl yo fon siplemantè pou ede

lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo

Ede nan nivo kapasite paran ak pwofesè Ankouraje paran yo pou patisipe nan

edikasyon pitit yo 

Page 4: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Objektif Tit I

Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

Page 5: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Finansman Tit I

Distri a distribiye sibvansyon federal Tit I an bay chak lekòl ki kalifye dapre kantite elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui

Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a resevwa

Yo dwe depanse yon montan minimòm sibvansyon Tit I an nan patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl

Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo sou fason lekòl la itilize sibvansyon Tit I an

Page 6: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Pwogram Tit I

Pwogram Tit I rejyon Palm Beach la se pwogram pou tout lekòl

Sèvi tout elèv nan lekòl la, men konsantre plis sou elèv ki gen pwoblèm akademik yo

Tout anplwaye, resous yo ak klas yo, tout fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

Page 7: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Plan/règleman pou patisipasyon fanmi

Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri

Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap egzekite egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl-paran

Page 8: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Egzijans:Adopte epi mete sou pye modèl pwogram patisipasyon paran

Bay paran yo enfòmasyon egzat osijè pwogram Tit I an

Angaje paran yo nan desizyon osijè kòman yo depanse fon Tit I ki rezève pou patisipasyon paran an

Règleman/plan patisipasyon fanmi

Page 9: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Règleman/plan patisipasyon fanmi

Eksplike kourikoulòm lan, evalyasyon yo epi estanda minimòm pou elèv yo ranpli

Bay anplwaye ak paran yo trening sou yon varyete sijè ki adrese bezwen elèv ak paran pou sipòte patisipasyon fanmi, trening pou fè alfabetizasyon tou

Page 10: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Règleman/plan patisipasyon fanmi

Fè paran yo patisipe nan devlopman trening pou anplwaye epi bay paran yo fòmasyon pou yo fòme lòt paran

Ofri yon kantite reyinyon nan dat ak lè ki fleksib

Page 11: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a

Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo

11

Plan/règleman patisipasyon fanmi

Page 12: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Plan/règleman patisipasyon fanmi

Bay enfòmasyon sou fason lekòl la travay ak kominote a, volontè yo, epi asosye biznis yo pou ogmante nivo reyisit elèv yo

Devlope wòl pou òganizasyon kominote yo/oswa biznis yo nan aktivite patisipasyon paran

12

Page 13: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Règleman/plan patisipasyon fanmi

Kontwole kontinyèlman epi evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi an

Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi nan lekòl la

Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji pou rann patisipasyon paran pi efektif

Page 14: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Kontra ant lekòl-paran Lekòl la dwe gen yon kontra lekòl-paran ke se pèsonèl lekòl la ak paran yo ki ekri l

Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la

Yo dwe distribye kontra a nan konferans paran-pwofesè lekòl primè elemantè yo

Chak ane fanmi yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

Page 15: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Dwa paran an pou l konnen Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon egzat sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo

Yo dwe enfòme paran yo si pwofesè ki deziyen oswa k ap anseye pitit yo a pa ekstrèman kalifye apre kat oswa plis semèn konsekitif

Page 16: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Dwa paran an pou l konnen

Y ap bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo nan chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije

Enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann pi byen posib

Page 17: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Rechèch montre…

Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: fè meyè nòt fè meyè pwen pase matyè yo pase pou al nan klas siperyè ale lekòl regilyèman gen pi bon aptitid sosyal kontinye edikasyon yo adapte yo ak chanjman gradye

Page 18: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Kolaborasyon ant lekòl ak paran

Lekòl la travay ak paran yo pou fè sèten timoun yo fè pwogrè

Lekòl mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki kab afekte edikasyon pitit yo

Kolaborasyon ant lekòl ak paran bati andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite desizyon lekòl la

Page 19: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè

Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak opòtinite reyinyon ant paran ak pwofesè

Kolaborasyon ant lekòl ak paran

Page 20: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl.

Kolaborasyonant lekòl ak paran

Page 21: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Kaye enfòmasyon paran Disponib nan direksyon lekòl la

Revize enfòmasyon Tit I tankou Dwa paran an pou l konnen, kontra ant lekòl ak paran, règleman/plan patisipasyon fanmi ak plis ankò

Aprann osijè resous eta a ak distri a tankou PIRC (Sant resous enfòmasyon pou paran) ak règleman distri a

Page 22: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Fanmi + lekòl = Siksè

Page 23: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

Konsekans federal pou lè w pa fè pwogrè anyèl adekwa (AYP)

Page 24: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

24

Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) Mezire konpetans tout elèv nan lekti,

matematik, ak konpozisyon Mezire pousantaj gradyasyon Lekòl la dwe resevwa mwayèn

“C” oswa pi meyè Si yon lekòl Tit I pa reyalize AYP nan tout

matyè ak tout sougwoup yo, konsekans yo ap aplike

Page 25: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

25

Konpetans ki sible pou AYP

Chak ane pou ogmante konpetans ki sible yo

Ane Lekti Matematik

2009-10 72 +7 74 +6

2010-11 79 +7 80 +6

2011-12 86 +7 86 +6

2012-13 93 +7 93 +7

2013-14 100 +7 100 +7

Page 26: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

26

Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) NCLB egzije tout lekòl yo pou yo mezire

pwogrè anyèl adekwa yo (AYP) Tout lekòl piblik resevwa eskò AYP

Lekòl ki pa-Tit ILekòl Tit I Lekòl semi-prive

AYP mezire pwogrè nèf sougwoup

Page 27: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

27

Men nèf Sougwoup yo

Total elèv yo Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen

Ameriken

Elèv ki ekonomikman dezavantaje

Elèv ak konpetans limite nan angle (ELL)

Elèv ak andikap (SWD)

Page 28: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

28

Pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP)

Tout lekòl resevwa yon eskò AYP Anba lwa Okenn Timoun Pa Dwe

Rete Dèyè a (NCLB), sèlman lekòl Tit I ap resevwa konsekans si yo pa ranpli egzijans AYP

“Lekòl ki Nan Bezwen Pou Amelyorasyon” (SINI) apre 2 ane NAYP

Page 29: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

29

Pwogrè anyèl adekwa (AYP)

AYP a detèmine ki lekòl Tit I ak

elèv ki kalifye pou opsyon chwa NCLB

(Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè).

Page 30: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

30

Rapò pwogrè anyèl adekwa (AYP) Insert your school’s AYP report

Page 31: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

31

Konsekans Federal lè w pa ranpli egzijans AYP (NAYP).

1 ane NAYP Y ap revize plan amelyorasyon lekòl la –

Adrese sougwoup ki pa ranpli AYP yo

2 ane NAYP - SINI 1 *Y ap ofri sèvis edikatif Siplemantè

3 ane NAYP - SINI 2 *Y ap ofri chwa transfè pou NCLB ak transpò

4 ane NAYP - SINI 3 *Y ap ofri plan aksyon korektif

5 ane NAYP - SINI 4 *Y ap fè plan pou restriktirasyon

6 ane NAYP - SINI 5 *Y ap aplike plan restriktirasyon an

7 ane NAYP - SINI 6 *Y ap aplike plan restriktirasyon, ane 2

8 ane NAYP - SINI 7 *Y ap aplike plan restriktirasyon, ane 3

9 ane NAYP - SINI 8 *Y ap aplike plan restriktirasyon , ane 4

*Konsekans yo kimilatif. Menm konsekans yo aplike chak ane, plis nouvèl konsekans yo ajoute sou yo

Page 32: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

32

Opsyon chwa NCLB pou tout lekòl SINI yo

Y ap ofri tout paran elèv ki nan lekòl Tit I ki pa fè AYP pou de (2) oswa plis ane chwa pou edikasyon pitit yo.

Lekòl la pa fè AYP Ou gen chwa pou NCLB

2 ane oswa plis

Timoun nan gen chwa pou l rete nan lekòl li

OSWA resevwa

Sèvis edikatif siplemantè (SES)

(si li kalifye)

3 ane oswa plis

Timoun nan gen chwa pou l rete nan lekòl li

OSWA resevwa

Sèvis edikatif siplemantè (SES)

(si li kalifye)

OSWA

Transfere timoun nan nan yon lòt lekòl

Page 33: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

33

Aksyon korektif - SINI 3

Ranplase estaf lekòl la ki lakoz fayit pou fè AYP

Tabli nouvo kourikoulòm Diminye otorite ekip k ap administre lekòl

la Pwolonje ane lekòl la oswa jou lekòl yo Restriktire òganizasyon entèn lekòl la

Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo:

Page 34: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

34

Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive

Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan l direktè a tou

Pran kontra ak yon antite prive

Kite eta a pran chaj

Lòt refòm restriktirasyon majè

Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo pou restriktirasyon:

Plan pou restriktirasyon - SINI 4

Page 35: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

35

Restriktirasyon - SINI 5

Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive

Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan direktè a tou

Pran kontra ak yon antite prive

Kite eta a pran chaj

Lòt refòm restriktirasyon majè

NCLB (Okenn Timoun pa dwe Rete Dèyè) dikte youn oswa plis nan opsyon pou restriktirasyon apre yo:

Mete plan ki prepare a an aplikasyon pandan lekòl la se yon SINI 4

Page 36: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

36

Restriktirasyon - SINI 6, 7, 8 ak 9

Kontinye mete an aplikasyon plan pou restriktirasyon an

Page 37: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

37

De (2) sistèm responsablite

Sistèm Federal (NCLB) Okenn Timoun pa Dwe Rete Dèyè

AYP

Sistèm Eta a

Responsablite yo diferansye – eskò lekòl la + AYP

Page 38: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

38

Gen de (2) sistèm responsablite

Itilize AYP pou

Lekòl ki bezwen amelyorasyon

Pran aksyon korektif

Aplike plan pou restriktirasyon

Restriktirasyon

Sistèm Federal la

Okenn Timoun PA Dwe Rete Dèyè

Sistèm Eta a Kote responsablite yo

diferansye

Itilize AYP ak eskò lekòl pou

Prevansyon I Prevansyon II

Koreksyon I Koreksyon II

Lekòl ki pa nan DA (Responsablite

diferansye)

Entèvansyon

Page 39: Pwogram  Tit I  pou Fanmi

39

Diskite kategori DA lekòl ou a epi plan entèvansyon distri a

Plan responsablite diferansye (DA) pou eta Florid la

Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department School District of Palm Beach County August 2010 – SY101170-b - Phone (561) 434-8620