rapò sesyon pèsepyon...alyans kominote pou sante nan roxbury (rcah) ak lòt patnè kominotè...

10
Lis Patnè Rapò Sesyon Pèsepyon

Upload: others

Post on 02-Aug-2020

3 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

Lis Patnè

Rapò Sesyon Pèsepyon

Page 2: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

1

Reyinyon Sante nan Boston

Chak ane, Komisyon Sante Piblik Boston (BPHC) òganize reyinyon avèk kominote a pou pataje enfòmasyon sou rapò Sante nan Boston epi pou tande vwa rezidan yo konsènan sante yo. Objektif reyinyon sa yo se pou ogmante konsyantizasyon sou enpak faktè sosyal ak ekonomik, patikilyèman rasis, sou sante; pou ede reyalize objektif sante BPHC ak kominote a; epi pou bati patenarya efikas pou amelyore sante.

Nan mwa Out, BPHC te òganize twazyèm nan reyinyon kominote 2012 yo an kolaborasyon avèk Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH), Brigham ak Women’s Hospital, Children’s Hospital Boston, ak Lower Coalition Roxbury. Anplis de objektif ki endike anwo a, reyinyon Sante nan Boston Roxbury 2012 te egalman sèvi kòm yon sesyon pwospektif pou BACH Mobilize pou Aksyon atravè Planfikasyon ak Patenarya (MAPP) pwosesis planifikayson sante. (Gade pwosesis ilistrasyon MAPP anwo a).

MAPP se yon pwosesis planifikasyon ki baze sou kominote pou amelyore sante

kominote a. Ankadreman sa devlope pou ede kominote yo priyorize kesyon sante e pou

idantifye resous pou adrese yo. Sijè sante yo ki te diskite nan reyinyon Roxbury a te

chwazi pa RCAH kòm kesyon enpòtan nan katye yo, epi kòm pati planifikasyon sante

elaji nan tout vil la.

Entwodiksyon

Reyinyon Sante Roxbury te fèt nan 21 Out 2012, nan Whittier Street Health Center. Objektif spesifik reyinyon sa se te pou:

1. Pataje dènye done sou eta sante rezidan Roxbury yo (Rapò Sante Boston, 2011).

2. Bay plis enfòmasyon sou pwoblèm sante inegalite rasyal ak etnik ak faktè sosyal ki kontribye a diferans enjis nan rezilta sante.

3. Idantifye resous Roxbury epi kreye yon vizyon pou yon Roxbury ki pi ansante kòm pati pwosesis planifikasyon sante MAPP.

Tablo 1. Sèk Mobilizasyon pou Planifikasyon ak Patenarya (MAPP) Wheel

Page 3: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

2

Apeprè 100 moun te patisipe, rezidan e reprezantan preske 30 òganizasyon. Resous

Reyinyon an te bay yon opòtinite pou selebre Roxbury kòm patisipan yo t ap pataje sa yo te renmen osijè kominote a. Patisipan yo te note Roxbury se yon sant transpò de lakay yo ak anpil enstitisyon edikasyon ak lopital, epi yo te eksprime apresyasyon yo de sèn atistik Roxbury ak istwa rich aktivis. Anpil nan patisipan yo te kominike lanmou yo pou moun, fanmi yo, sans kominote nan Roxbury, divèsite rasyal

ak etnik, menm jan ak anpil responsab, òganizasyon a baz kominotè tankou Haley House.

Myia Campbell nan RCAH te sèvi kòm mèt seremoni pou sware a. Li te montre yon kat resous, ki lokalize plizyè resous ki egziste nan tout Roxbury, tankou yon YMCA, yon sipèmache,1 yon boutik gwosè mwayèn2, 20 ti boutik/depanè3, de (2) mache kiltivatè, 34 jaden kominotè, 7 sant kominotè, 2 Klib Tigason ak Tifi, 3 bibliyotèk piblik, ak 24 pak e rekreyasyon.

Detèminan Sosyal Sante

Apresa, Dr. Barbara Ferrer, Direktè Egzekitif BPHC, te pataje kèk done demografik. Li te dekri yon pòtrè klè kominote Roxbury, etnisite ak ras, lang yo ki pale nan kay, nivo skolarite, ak fanmi yo ki gen revni anba nivo povrete federal. Sa yo ak lòt faktè sosyal, oswa "detèminan sosyal sante,” bay kontèks ak èd pou eksplike sante Roxbury.

Dr. Ferrer apresa te dekri konsèp ekite sante, eksplike rasis se orijin diferans ki make nan rezilta sante pami moun diferan ras ak fason li gen enpak inikman sou chak aspè nan lavi nou nan diferan fason. (Gade Ankadreman Egalite Sante nan Anèks 1). Eksplikasyon sa a te ofri yon baz solid pou pi byen konprann done rezilta sou sante ki annaprè a.

1 Yon sipèmache defini kòm yon sifas ki pi laj ke 40,000 pye kare

2 Yon episeri gwosè mwayen defini kòm yon zòn ant 2,500 ak 9,999 pye kare

3 Yon ti episeri/depanè defini kòm yon zòn mwens ke 2,500 pye kare

Myia Campbell montre yon kat de resous

kominote a nan Roxbury

Patisipan yo pataje sa yo renmen osijè Roxbury

Page 4: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

3

Ki jan Sante Roxbury Ye?

Dr. Huy Nguyen, Direktè Medikal BPHC, te prezante done dènye rapò Sante Boston (2011), ki montre ki jan Roxbury konpare avèk Boston an jeneral. Gen kèk done ki te montre enkyetid patikilye. Pa egzanp, Roxbury gen yon pi gwo pousantaj rezidan adilt ki genyen maladi tansyon menm jan ak yon pi wo pousantaj rezidan adilt ki gen dyabèt ke Boston an jeneral. Anplis de sa, Roxbury genyen yon to 38 pousan ki pi wo de ospitalizasyon pou maladi kè ke Boston.

Sepandan, rezidan Roxbury yo eksperimante menm rezilta ke rezidan Boston yo an jeneral nan domèn ki ann aprè yo: pousantaj adilt ki twò gwo ki angaje nan aktivite fizik regilyèman, ak pousantaj adilt ki fimen. Sesyon Pèsepsyon

Pati prensipal reyinyon an te konsakre pou kreye yon Roxbury ki an sante. Patisipan yo te divize an senk ti gwoup, chak te kondwi pa yon moderatè, epi yo te diskite yon seri de kesyon. Plizyè tèm te parèt epi yon rezime de diskisyon sa yo te parèt anba.

Ki jan ou kapab defini yon kominote ki ansante?

Aksè amanje bon mache, k ap kenbe w an sante te parèt kòm yon tèm ki konsistan pami tout gwoup yo. Patisipan yo te eksprime yon gwo enterè pou genyen sous legim ak fwi fre, epi disponiblite yon varyete chwa manje.

Sekirite te souvan montre kòm yon faktè ki defini yon kominote ki an sante. Sekirite anglobe jan de kesyon sa yo tankou genyen ase poto limyè, ki kapab favorize pou pyeton mache, libere yo de vyolans ak dwòg, pou genyen lè fre ak dlo. Sekirite te eksprime nan sans yon anviwonman sen, sekirite fizik, ak santiman pou santi ou an sekirite.

Respè/Konfyans se yon lòt tèm ki konsistan. Patisipan yo defini respè tankou swen youn pou lòt, gen fyète nan kominote a ak yon angajman pou pwoteje kominote a. Patisipan yo

Dr. Nguyen, direktè medikal BPHC, prezante done

rezilta sante rezidan Roxbury yo.

Yon ti gwoup k ap panse ansanm

Page 5: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

4

egalman te diskite ki jan lanmou enpòtan, konfyans, epi gen responsabilite pataje pou byennèt ak sante kominote Roxbury kòm yon ansanm.

Angajman Kominote parèt kòm yon tèm adisyonèl pami tout gwoup diskisyon yo. Patisipan yo te dekri angajman kominote kòm dwa pwopriyete nan kominote a pou enfòme e rete aktif pibliman nan sa k ap pase nan Roxbury.

Ki valè kominotè ki a pwomote yon katye ansante?

Patisipan yo te eksplike ke respè youn pou lòt, espesyalman chèf fanmi yo ak moun ki aje, trè enpòtan pou kapab genyen yon katye an sante.

Enpòtans fanmi ak wòl fanmi jwe nan sipòte konpòtman sen ak aktivite yo te rekonèt kòm yon valè santral pou pwomote yon katye sen atravè tout gwoup yo.

Chak gwoup te egalman eksprime valè responsabilite pataje/responsabilite nan diferan fason. Pa egzanp, youn moun te dekri sa tankou bay “sipò youn lòt pou pwomote pwoprete nan lari yo ak nan anviwonman imedyat la (anndan e ozalantou kay la).” Responsabilite pataje/responsabilite te egalman dekri tankou yon kominote k ap batay kont enjistis. Menn jan tou, patisipan yo te endike ke kòporasyon ak enstitisyon yo dwe asime responsabblite pou enpak yo genyen sou kominote kote rezidan yo abite a.

Patisipan yo kwè inite, gwoup la dekri tankou genyen konfyans youn nan lòt, yon sans kominote, ak solidarite, yo tout kritik pou pwomote yon katye sen. Patisipan yo egalman te endike egalite ak enklizyon se konpozan nesesè pou yon kominote sen. Anfen, lòt valè gwoup la te idantifye te enkli lapè ak trankilite, ekip travay, lwayote, divèsite, lespri ouvè, kiryozite entèlektyèl, kominikasyon, opòtinite, abilite, lidèchip ak angajman.

Ki kalite resous ki nesesè pou kreye yon katye ki an sante?

Patisipan yo an jeneral te santi bezwen baz yo tankou: aksè a swen sante ki bon mache; manje fre, sen, ak bon mache; travay avèk yon salè rezonab; kay sen e bon mache; ak wo nivo kalite edikasyon se resous ki nesesè pou kreye yon katye an sante.

Manm kominote jèn Roxbury patisipe nan diskisyon ti gwoup

Page 6: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

5

Tout kalite sèvis sipò te egalman dekri kòm resous nesesè pou yon katye an sante nan chak nan ti gwoup yo. Sèvis sipò tankou òganizasyon sa yo k ap ede paran, jèn, epi k ap ofri swen gadri timoun. Lòt patisipan yo te liste sante mantal ak/oswa sèvis abi dwò/alkòl, sèvis prevansyon vyolans, ak sa yo k ap pwomote byennèt an jeneral jan li nesesè pou yon kominote an sante.

Lòt moun dakò sou resous yo ki pral pwomote aktivite rekreyasyon fanmi ak divètisman, tankou teren fòotbòl, espas vèt, sant kominotè, legliz, bibliyotèk, magazen liv, sinema, boutik kafe, chemen pou bisiklèt, ak Hubway (mwayen transpòtasyon ekolojik).

Finalman, sansibilizasyon ak politik kapital (sètadi, vote) te mansyone kòm resous nesesè pou kreye yon katye an sante. Patisipan yo rekonèt ke li enpòtan pou tande nan fason pou adapte a pwoblèm yo epi konsyan de opòtinite ki disponib.

Ki ès ki responsab pou kenbe yon komite sen?

Chak gwoup te dakò ke chak moun responsab pou sante yon kominote. Pa egzanp, rezidan yo, travayè, ak vizitè, menm jan avèk moun k ap fè lwa yo ki kreye règleman ki gen enpak sou kominote a, lejislatè ak politisyen lokal yo ki reprezante kominote a, edikatè, fanmi, jèn, pwopriyetè biznis, a bi non likratif, pwopriyetè, legliz ak lòt òganizasyon ki baze sou lafwa, sant kominotè ajans vil la, bilding ak/oswa devlopè imobilye, ak enstitisyon prive yo ki nan kominote a (sètadi, inivèsite ak lopital). Patisipan yo rekonèt responsabilite pou kreye ak kenbe yon kominote an sante ki repoze sou zepòl tout moun.

Konklizyon

Apre diskisyon yo, chak ti gwoup te gen travay pou kreye deklarasyon vizyon yo pou yon Roxbury ki an sante. Chak gwoup te devlope deklarasyon ki byen reflechi ak enspire apresa yo te pataje yo.

Motive pa moun ki kòmanse deba, kote yo te mande patisipan yo pou yo kriye “Kisa ou renmen osijè Roxbury?” Emcee Myia Campbell espontaneman te kreye powèm ki anba.

Yon lòt ti gwoup k ap travay nan direksyon objektifyo pou

yon Roxbury ansante

Page 7: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

6

Roxbury 2012…

Kòm Solèy la rive nan piwo pwen l

Sou Tremont Street

Nan 1290, Vilaj la te rasanble

Non sèlman pou Pale, men pou Tande,

Aprann, ak Aktive chak plas…

Habari Gani

Ki sa nouvèllan ye jodi a?

Sou manje nanm

Nou jwenn NANM „katye

Nou rele Roxbury…

Nan lari nwa sa yo

Potansyèl la Lou

Poutan nan plizyè fason…

NOU se Limyè!!!

Yon tapisri vibran

Art-Edikasyon-Aktivis-Kilti

Tyeke meni a nan Haley House

„Lavi se Art Limenm”

Revitalizasyon Fleri

De Franklin Park a Renovasyon Iben Dudley

Enstitisyon LAFWA nou yo

Ak Óganizasyon ki baze sou Kominote

Ranfòse koneksyon ~ Bati pon

Bati pon ~ Ranfòse koneksyon

Gade sèn nan pandan w ap vire nan PATI SANTRAL LA

Nou deklare:

„Manje, Lojman, Edikasyon

se DWA Moun!!‟

Pa genyen si –ak oswa men …

Pami anpil

Page 8: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

7

Nou kanpe SOLID

Konsantre sou Vizyon nou

Nan yon Sèl Fraz

Nou kapab rezime

“Roxbury se yon Kominote

Kote tout moun pataje

Responsabilite pou Sante

Ak Byennèt Rezidan yo.”

Nou kenbe VERITE sa yo pou kapab Oto-Evidan

Transmèt Vizyon an

Pwochen Etap yo

Nan jou ki swiv reyinyon kominote a, Roxbury Community Alliance for Health (RCAH) te revize tout vizyon yo, epi manb yo devlope deklarasyon ki ann aprè a pou kaptire esans reyinyon an:

“Roxbury se yon kominote kote chak moun pataje responsabiite pou sante ak byennèt rezidan li yo.”

Deklarasyon vizyon sa a, menm jan ak lòt kòmantè ke yo te resevwa pandan reyinyon an pral enkòpore nan pwochen faz pwosesis RCAH MAPP. RCAH envite tout moun k ap viv e travay nan Roxbury pou kontinye patisipe avèk yo nan reyinyon chak mwa epi pou bati yon Roxbury ki pi an sante! Pou kopi rapò sa ak prezantasyon yo sou reyinyon ale nan: http://www.bphc.org oswa

kontakte Pam Jones, 617-534-7195 oswa [email protected]. Pou plis enfòmasyon oswa pou patisipe nan Roxbury Community Alliance for Health, kontakte Dumas

Lafontant, nan Whittier Street Health Center, 617-989-3249 oswa [email protected].

Page 9: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

8

Anèks 1

.

Yon Ankadreman

Sante Ekitab

Framework

Page 10: Rapò Sesyon Pèsepyon...Alyans Kominote pou Sante nan Roxbury (RCAH) ak lòt patnè kominotè tankou Beth Israel Deaconess Medical Center, Boston Alliance For Community Health (BACH),

9

Anèks 2

Evalyasyon

Kisa ou te renmen osijè reyinyon an?

Gran dezi pou amelyore sante nan Roxbury - Plede

Enfòmasyon trè enfòmèl

Gwoup travay - abilite

Trè byen jere

Trè enteresan ak itil

Pale avèk Jèn

Angajman kominote ak responsabilite atravè relasyon ak sansibilizasyon

Moun k ap pale yo ak enfòmasyon chak moun ap reflechi ansanm

Yon gran kantite patisipasyon aktif

Mete an rezo, moun reyinyon yo

Sijesyon pou amelyore reyinyon an

Plis tan pou diskisyon ti gwoup yo / Reflechi fason pou fè fas avèk sitiyasyon yo

Rakousi dyapozitif prezantasyon

Enplike plis moun

Lide ak pwospektif

Pi gwo espas, pou moun kapab tande plis diskisyon

Lòt kòmantè

BPHC mete anfaz sou egalite ak anti-rasis toujou ekselan!

Yo te dwe bay chak moun evalyasyon an nan kòmansman reyinyon an kidonk moun yo ki kite anvan lè te kapab patisipe.