sonje… pran swen pye w. o pa fimen! fimen kapab lakoz yon …files.hria.org/files/db708.pdf ·...

2
Dyabèt ak Pye w Pran swen pye w. Tcheke yo chak jou! Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) Pwogram Prevansyon ak Kontwòl Dyabèt 617-624-5070 Pou moun ki pa tande byen: 1-800-833-1477 www.mass.gov/dph/diabetes Pou w plase kòmand pou plis kopi bwochi sa a ale sou: www.maclearinghouse.com oswa rele 1-800-952-6637. 03/11 Haitian Creole Sonje… o Pa fimen! Fimen kapab lakoz yon diminisyon nan san k ap sikile nan janm ou ak pye w. o Pa mache pye atè. o Pa itilize pwodui chimik tankou alkòl, dlo oksijene (peroxide), oswa solisyon yòd nan pye w. o Pa koupe kò oswa kal avèk yon jilèt. o Pa benyen ak dlo ki twò cho. Tcheke tanperati dlo a ak koud ou oswa ak bra w avan w antre nan beynwa a oswa nan douch la. o Pa soti nan fredi san w pa mete soulye oswa bòt ki kenbe cho. Kenbe pye w cho. o Pa mete konprès elektrik cho oswa boutèy dlo cho sou pye w. o Pa kite solèy brile w. Kouvri pye w pou w pwoteje yo kont solèy la. o Pa mete soulye ki twò sere w; ba ki plise oswa sere w; sandal, bouk (bretèl) soulye, bagay pou kenbe chosèt, oswa bandaj ki sere. Pye W merite atansyon w

Upload: others

Post on 01-Aug-2020

1 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Sonje… Pran swen pye w. o Pa fimen! Fimen kapab lakoz yon …files.hria.org/files/DB708.pdf · 2012-06-21 · Jan pou w Pran Swen Pye W • Kenbe sik ou sou kontwòl. • Lave pye

Dyabèt ak Pye w

Pran swen pye w. Tcheke yo chak jou!

Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts (Massachusetts Department

of Public Health)Pwogram Prevansyon ak Kontwòl Dyabèt

617-624-5070Pou moun ki pa tande byen: 1-800-833-1477

www.mass.gov/dph/diabetes

Pou w plase kòmand pou plis kopi bwochi sa a ale sou: www.maclearinghouse.com

oswa rele 1-800-952-6637.

03/11 Haitian Creole

Sonje…

o Pa fimen! Fimen kapab lakoz yon diminisyon nan san k ap sikile nan janm ou ak pye w.

o Pa mache pye atè.

o Pa itilize pwodui chimik tankou alkòl, dlo oksijene (peroxide), oswa solisyon yòd nan pye w.

o Pa koupe kò oswa kal avèk yon jilèt.

o Pa benyen ak dlo ki twò cho. Tcheke tanperati dlo a ak koud ou oswa ak bra w avan w antre nan beynwa a oswa nan douch la.

o Pa soti nan fredi san w pa mete soulye oswa bòt ki kenbe cho. Kenbe pye w cho.

o Pa mete konprès elektrik cho oswa boutèy dlo cho sou pye w.

o Pa kite solèy brile w. Kouvri pye w pou w pwoteje yo kont solèy la.

o Pa mete soulye ki twò sere w; ba ki plise oswa sere w; sandal, bouk (bretèl) soulye, bagay pou kenbe chosèt, oswa bandaj ki sere.

Pye W merite

atansyon w

Page 2: Sonje… Pran swen pye w. o Pa fimen! Fimen kapab lakoz yon …files.hria.org/files/DB708.pdf · 2012-06-21 · Jan pou w Pran Swen Pye W • Kenbe sik ou sou kontwòl. • Lave pye

Jan pou w Pran Swen Pye W• Kenbe sik ou sou kontwòl.• Lave pye w chak jou ak dlo tyèd epi

savon. Seche yo byen, sitou nan fant zòtèy yo.

• Chak jou gade do pye w ak anba pla pye w pou w chache zòn ki wouj oswa maleng.

• Si pye w sèch, sèvi ak krèm, men pa mete l nan fant zòtèy yo.

• Si pye w swe, sèvi ak poud.• Koupe zong ou yo byen dwat apre w

fin lave pye w. Fè yo lis avèk yon lim an bwa.

• Si w malad nan nè, tcheke ak doktè w pou w konnen si l pridan w koupe zong ou pou kont ou.

• Mete chosèt/ba ki fèt ak koton oswa ak lenn.

• Fè egzèsis avèk konsantman doktè w la.

• Toujou mete soulye oswa pantouf ki bon pou ou. Tcheke soulye w pou w wè si yo gen wòch oswa lòt bagay avan w mete yo.

• Asire w doktè w la oswa moun k ap ba w swen an tcheke pye w nan chak vizit.

• Mande doktè w la pou l tcheke sansasyon w ak pilsasyon w nan pye w pou pi piti yon fwa pa ane.

Dyabèt kapab lakoz pwoblèm grav nan pye. Sik ki pa byen kontwole kapab lakoz yon diminisyon nan san k ap sikile nan janm ou ak pye w ki vin rann gerizon pa fèt byen nan janm ou ak nan pye w. Sik ki pa byen kontwole kapab domaje nè yo tou, ki vin abouti a yon pèt sansasyon. Lè pye w pèdi sansasyon, ou pa ka santi doulè si pye w blese. Ou ka pwoteje pye w gras ak bon kontwòl sik ou ak bon jan swen pou pye w. Pye w merite atansyon w.

Jan pou w Tcheke Pye W• Si w itilize linèt, mete l.• Chita anba yon bon limyè.• Retire soulye ak chosèt ou.• Mande èd oswa itilize yon glas pou

w gade zòn ki difisil pou w wè yo (tankou anba pla pye w yo).

Sa pou w Chache

Rele doktè w la oswa doktè pye w la si w genyen:• Blesi oswa maleng nan pye • Enflamasyon• Koulè wouj• Zòn ki "cho" lè w touche• Doulè• Zanpoud oswa seyman• kal, kò, oswa sèl anba pla pye• Zong zòtèy ki enkane (antre nan chè)• Chofi• Po sèch (ti fann nan fant zòtèy yo)• Gratèl ki pa abityèl• Chanjman nan koulè(soti

nan koulè pal pou rive nan koulè mov fonse oswa wouj)

• Zòn ki pwès, ki rèd, oswa ki di

• Zòn kote po a klere anpil

• Move sant