vizyon an g wo plan sou a nsèyman , a prantisaj ak evalyasyon

23
Vizyon an gwo plan sou ansèyman, aprantisaj ak evalyasyon Dr. Glenda Stump Laboratwa MIT sou ansèyman ak aprantisaj Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens, Ayiti 16-19 Janvye, 2013

Upload: dalila

Post on 24-Feb-2016

98 views

Category:

Documents


0 download

DESCRIPTION

Vizyon an g wo plan sou a nsèyman , a prantisaj ak evalyasyon. Dr. Glenda Stump Laboratwa MIT sou a nsèyman ak a prantisaj Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens , Ayiti 16-19 Janvye , 2013. Rezilta v ize. Nan fen sesyon sa a, w ap kapab : - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Vizyon an gwo plan sou ansèyman, aprantisaj

ak evalyasyon

Dr. Glenda StumpLaboratwa MIT sou ansèyman ak aprantisaj

Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens, Ayiti

16-19 Janvye, 2013

Page 2: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Rezilta vize

• Nan fen sesyon sa a, w ap kapab:

– Dekri 3 konsepsyon ki kouran sou aprantisaj e ki teknik pedagoji ki mache ak yo

– Dekri ki teknik pedagoji ki mache pi byen– Site ki premye demach pou ou suiv lè w ap fè yon

evalyasyon– Analize kèk objektif aprantisaj, epi distenge ki

objektif ki ka mezire e ki objektif ki ka mal pou mezire

Page 3: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Tèm pou sesyon sa a

• Konsepsyon kouran sou aprantisaj• Pi bon teknik pou ansèyman• Premye kozman sou demach evalyasyon• Ki jan w ekri objektif aprantisaj pou yon elèv

Page 4: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

3 Konsepsyon sou kòman aprantisaj rive fèt

1. Bay yon repons plis fòs (Beyavyoris)– Ranfòse oubyen afebli rapò ki genyen ant yon amòs (kesyon)

ak yon reyaksyon (repons)– Mèt la kab met aksan sou repons kòrèk la osnon sou move

repons lan– Elèv la resevwa yon rekonpans osnon yon pinisyon, epi se

sa ki fè l aprann

Page 5: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

3 Konsepsyon sou kòman aprantisaj rive fèt – (suit)

2. Ranmasay enfòmasyon (‘Veso vid’)– Boure memwa etidyan yo ak enfòmasyon– Pwofesè ap bay– Etidyan ap resevwa

Page 6: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

3 Konsepsyon sou kòman aprantisaj rive fèt – (suit)

3. Konstriksyon konesans (Konstriktivism)– Bati oubyen amelyore ‘modèl mantal’ (nan lespri elèv la) sou ki jan yon

bagay mache– Konekte enfòmasyon tou nèf ak konesans elèv la deja genyen– Pwofesè a ede gide demach sa a– Elèv la rive pran sans materyèl pwofesè a prezante

Page 7: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Ki lè chak metòd pi djanm…1. Bay yon repons plis fòs– Nan aprann devlope ladrès

• Egzanp – Tab Miltiplikasyon - repetisyon ak antrennman

2. Ranmasay enfòmasyon– Nan aprann done

• Egzanp – koefisyan Avogadro a

3. Konstriksyon konesans– Nan aprann konsèp ak estrateji

• Egzanp – Wòl mitasyon jenetik nan seleksyon natirèl

Page 8: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen • Kominike chak objektif aprantisaj la klè e ki jan ou

ka mezire yo

– “Nan fen sesyon an, w ap kapab dekri 3 teknik pedagoji ki mache pi byen”

– “Nan fen 3 jou atelye sa a, w ap kapab devlope yon plan pedagojik kote teknik aprantisaj aktif fonn nan tout metòd ansèyman an”

“Ki sa m sipoze aprann nan tout bagay sa a?”

Page 9: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen – (Suit)• Ede etidyan yo rale vini konesans yo te gen sere

dekwa pou yo kab ajoute enfòmasyon tou nèf sou li

– “Nan dènye klas nou an, ou te aprann…..”– “Nan klas jodi a, ou pral wè kòman…”

Konesans ki te sere

Konsèp tou nèf

Done tou

nèf

Page 10: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen - (Suit)• Sèvi ak plizyè mòd prezantasyon diferan pou menm kontni an

– Reprezantasyon ak senbòl• mẍ + bẋ + kx = 0

– Reprezantasyon ekri epi / oubyen reprezantasyon oral• “Ekwasyon sa a dekri yon kò ki ap sibi vibrasyon amòti. Anplitid fonksyon an diminye plis tan pase ”

– Reprezantasyon Vizyèl

– Reprezantasyon fizik

Page 11: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen – (suit)• Lote tout enfòmasyon tou nèf pa ‘lo’ ki gen sans– Konsa vin gen plis espas sou premye platfòm kote

travay memwa a ap fèt la pou resevwa plis enfòmasyon– 7 ± 2 ‘lo’

135246357468579135 246 357 468 579

– Famakoloji – Santèn medikaman• Montre etidyan yo gwoupe medikaman yo an klas (kategori)

– Analjezik, Antikoagilan, Diyouretik, eksetera.• Ansuit aprann yo ki jan chak klas aji sou kò moun

Page 12: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen – (Suit)

• Sèvi ak estrateji pou aprantisaj aktif– ‘Men alapat’ / ‘Lespri tou limen’• Se sa ki ap ede etidyan yo bati pwòp sans pa yo • Aktivite ki entèraktif – lang manman etidyan yo nesesè

anpil pou motivasyon ak konpreyansyon

Page 13: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Teknik pedagoji ki mache pi byen – (suit) • Pèmèt etidyan yo fè ekzèsis pratik nan ralevini konesans

– Tan yo mete nan travay la– Plizyè sesyon ekzèsis tou kout pi bon pase yon sèl ki long anpil

• Bay etidyan yo fidbak sou pwen presi, e ki endike sa k pou fèt – “Rapò laboratwa sa a bezwen plis travay”

• Pa gen konsèy la a pou pote amelyorasyon– “Rapò laboratwa sa a panko satisfè tout kritè yo pou l ta gen yon nòt.

Fòk ou al ekri l selon règ gramatikal kòrèk epi ak de fraz ki konpl蔕 Etidyan an konnen kounye a ki sa pou l fè pi byen

• Fè evalyasyon sou kòman objektif aprantisaj la ap reyalize– Kòmantè (fidbak) etidyan yo

Page 14: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Evalyasyon se…• Yon demach sistematik pou ranmase,

egzamine, epi itilize enfòmasyon

• Pou suiv si yon inovasyon/pwogram ap reyisi reyalize anbisyon/objektif/rezilta li t ap vize yo

Page 15: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Apwòch pou evalyasyon• Evalyasyon ka fèt selon plizyè apwòch:

– Aprantisaj etidyan yo – pou yon kou oubyen pandan tout yon semès • Reyalizasyon objektif aprantisaj yo pou etidyan yo

– Pwogram – pou yon gran kantite etidyan pandan yon peryòd ki long• Reyalizasyon objektif/rezilta pwogram nan

– Disiplin – tankou syans, teknoloji, jeni, matematik • Objektif nou te vize pou pwogrè etidyan yo

Page 16: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Wòl pa w nan evalyasyon inisyativ MIT-Ayiti a

• Objektif aprantisaj pou etidyan yo – nan yon klas oubyen pandan tout yon semès – Reyalizasyon objektif aprantisaj pou etidyan yo apre ou fin mete yon seri

aktivite an plas pou aprantisaj aktif an kreyòl

• Pwogram – pou yon gran kantite etidyan pandan yon peryòd ki long– Reyalizasyon objektif pwogram MIT-Ayiti a: 1) Pwofesè yo pral fè yon seri aktivite pou devlope kourikoulòm; y ap kreye

aktivite sa yo gras a “Resous pou edikasyon san baryè” an kreyòl nan klas syans ak matematik

2) Rezilta aprantisaj etidyan yo pral amelyore paske, nan klas STJM yo, y ap sèvi ak metòd aprantisaj aktif---nan lang manman yo

• Disiplin – tankou syans, teknoloji, jeni, matematik – Objektif nou te vize pou pwogrè etidyan yo

1/18/2013

Page 17: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Demach pou evalyasyon – 1e etap• Defini objektif ki reyalis, presi, e ki ka mezire

– Ki sa etidyan yo dwe bati kòm konesans oswa kapasite poutèt yo pase nan klas ou?• Konesans• Ladrès• Dispozisyon

– Kòman w ap fè konnen si etidyan yo akonpli objektif sa yo?

– “Etidyan yo pral kapab ….”

Page 18: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Egzanp• Etidyan yo ap rive konprann metòd Euler la

– Reyalis?– Presi?– Ou ka mezire sa?

• Etidyan yo pral kapab sèvi ak metòd Euler la pou yo jwenn solisyon ekwasyon diferansyèl òdinè

– Reyalis?– Presi?– Ou ka mezire sa?

Page 19: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Gen diplis sou evalyasyon vandredi 18 janvye….

18 Janvye

Page 20: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Revizyon

Page 21: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...• Ki 3 konsepsyon ki pi kouran sou kòman aprantisaj fèt?– Bay yon repons plis fòs• Rekonpanse tout bon repons ak yon kout “ou bon nèt”;

pini tout move repons ak yon kout “ou gen tan mal”– Ranmasay enfòmasyon• Pwofesè a ap bay enfòmasyon; etidyan an ret ap koute

– Konstriksyon konesans• Etidyan an li menm ap bati pwòp sans pa li gras a yon

travay aktif l ap fè sou materyèl la

Page 22: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...• Site 3 bon teknik pou pedagoji.– Kòmanse ak objektif aprantisaj ki klè e ki ka mezire– Ede etidyan al cheche konesans li te gen sere– Itilize plizyè mòd prezantasyon pou menm materyèl la– ‘Lote’ enfòmasyon– Itilize estrateji pou aprantisaj aktif– Kite etidyan yo fè egzèsis pratik ‘rale vini’ ak enfòmasyon– Bay kòmantè ki presi e ki endike sa etidyan an gen pou l

fè– Evalye nan ki mezi n ap avanse sou reyalizasyon objektif

aprantisaj yo

Page 23: Vizyon  an  g wo  plan  sou a nsèyman ,  a prantisaj ak evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...• Ki premye etap nan yon demach evalyasyon?

– Ekri objektif aprantisaj pou etidyan yo ki reyalis, presi, e ki ka mezire!!

• Kiyès nan 2 deklarasyon ki pi ba yo ou ta di se yon objektif aprantisaj ki reyalis, presi, e ki ka mezire?

a. Moun ki patisipe nan konferans lan ap vin konn kichòy sou aprantisaj ak evalyasyon

b. Moun ki patisipe nan konferans lan pral kapab dekri 3 pami pi bon teknik pedagoji yo