check up ivè 2020

8
Check Up Kisa ki anndan : l Yon Plan pou Sante Kè ou l Prezantasyon Manm l Rete Anfòm Pandan Ivè a l Livrezon Medikaman Vant Lib Lakay ou Ivè 2020 Jounal CCA Senior Care Options

Upload: others

Post on 17-May-2022

1 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Check Up Ivè 2020

Check Up

Kisa ki anndan :lYon Plan pou Sante Kè oulPrezantasyon ManmlRete Anfòm Pandan Ivè alLivrezon Medikaman Vant Lib Lakay ou

Ivè 2020

Jounal CCA Senior Care Options

Page 2: Check Up Ivè 2020

Rejim Alimantè Plan ou pou sante kè ouMaladi kadyovaskilè (Cardiovascular disease, CVD) se langaj yo itilize pou tout kalite maladi ki afekte kè a oswa veso sangen yo. Twa (2) pwoblèm kadyovaskilè nou wè pi souvan se sa yo ki anba a:

1. Tansyon wo (ipètansyon) Lè fòs san ou ki pouse kont pawa veso sangen ou yo twò fò. Tansyon wo mete ou arisk pou w fè

estwok, ensifizans kadyak, ak ensifizans renal.

2. Ensifizanskadyak(ensifizianskadyakkonjestifoswaCHF) Yon maladi kwonik kote misk kè ou pa ka ponpe ase san pou satisfè bezwen kò ou. Sètadi, kè a pa ka kenbe ak chay travay li.

3. Kolèstewòl wo (ipèlipidèmya) Lè ou gen anpil matyè gra nan san ou. Pifò moun pa gen okenn sentòm, men lè ou gen kolèstewòl wo sa ogmante risk pou w fè estwok ak gen maladi kè.

Bon nouvèl la se menm si ou gen yon maladi kadyovaskilè, lè w manje bon manje sa ka ede sante kè ou. Suiv plan ki anba la a pou fè bon jan chwa nan manje ki pral ede kè ou rete an sante!

Pa bliye pran medikaman ou yo tou!

Sigarèt (ak alkòl) domaje fonksyon kè ou!

Mwen gen tansyon wo: ● Manje 4 a 5 pòsyon fwi. ● Manje 4 a 5 pòsyon legim. ● Manje 1 pòsyon pwa. Eseye pwa tchous, pwa

chich, lantiy, oswa tipwa.● Chwazi pwodui letye ki pa gen anpil matyè gra. ● Limite sèl (sodyòm). Manje mwens pase 2 gram

pa jou!

Mwen gen kolèstewòl wo: ● Manje yon rejim alimantè ki gen anpil fib. Sa vle

di: fwi, legim, grenn antye, pwa, nwa, ak grenn. ● Evite vann wouj (mouton, kochon, bèf) Manje yon

ti kras ak yon kantite mwayèn pwason, poul, ak pwodui letye ki pa gen anpil matyè gra.

Mwengenensifizanskadyak:Limite sèl (sodyòm). Manje mwens pase 2 gram pa jou!

Page 3: Check Up Ivè 2020

Pwofil yon Manm Espesyal : Rankontre Hal

Esprime W ! Pale Sou Swen W Avèk Nou

Member Voices se yon pwogram ki rasanble manm CCA yo pou pataje eksperyans avèks swen ak sèvis yo jwenn na CCA. Ede amelyore swen pou tout manm yo pandan y ap rankontre nouvo moun!

Rele Emily Escobar nan 857-246-8862 oswa voye yon imèl nan [email protected] pou w enskri nan pwogram Member Voices la.

Mwen te an sante. Mwen te ka fè ti mache. Men mwen te gen pwoblèm kè epi mwen te ale kay doktè mwen souvan.Premye fwa Hal te antre nan CCA se te an 2015. Doktè li te sijere CCA paske bagay ki te pi enpòtan pou Hal se te pou li rete lakay li.

Endepandan Lakay ou Kounye nan 80 tan yo, Hal toujou ap viv lakay li ak tout endepandans li kote li jere maladi kwonik li yo, tankou ensifizans kadyak. "Tan pou m te ale nan yon lòt sant... gras ak swen mwen te resevwa nan men CCA, gen amelyorasyon tout kote ki pèmèt mwen endepandan epi mwen ka rete nan apatman sa a."

Hal renmen kijan ekip swen CCA li a jere tout bagay. "Mwen pa kwè mwen t ap nan pozisyon mwen ye kounye a, ap viv lakay mwen, si se pa te pou yo."

Se yon liks pou w jwenn kalite atansyon sa a. Li fè mwen santi mwen epi epi mwen gen asirans pou sante mwen.Veye Kè Li Hal te konnen tou, lè li konsantre sou sante li sa pral pèmèt li rete lakay li. Li te toujou pran medikaman li. Li konnen dlo ki akimile ka afekte kè li, donk li te kenbe yon rejim alimantè ki gen yon ti kras sèl epi li te tcheke pwa li chak jou.

Paske l ap viv lakay li, Hal te kapab fè bagay li renmen fè plis yo, tankou penn tablo ak vizite avèk fanmi ak zanmi. Li ansyen kou kou da nan bilding li an. "Sa ofri mwen plizyè rekonpans. Nòmalman mwen gen 12 elèv. Li motive ak enspire mwen"

Page 4: Check Up Ivè 2020

Rapèl! Ou bezwen preskripsyon pou atik medikal ou yo

Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Centers for Medicare and Medicaid Services, CMS) mande yon preskripsyon pou tout atik medikal, ki gen ladan wayps, daypè, oswa gan. Lè ou mande atik sa yo nan men CCA, nou pral bezwen yon preskripsyon. Ou ka bezwen kontakte doktè ou pou yon preskripsyon. Doktè ak pwofesyonèl swen sante ou yo konnen egzijans sa a. Epitou, CCA pral travay ak ou pou ede ou jwenn atik ou bezwen yo.

Si ou gen kesyon oswa si ou bezwen mande atik, rele Sèvis Manm nan 866-610-2273 (TTY 711), 8 a.m. a 8 p.m., 7 jou sou 7 jou.

Èske w sou Facebook? Nou sou li tou! Swiv nou: www.facebook.com/CommonwealthCareAlliance

Pa pran risk tonbe pandan sezon livè sa a!Chak ivè, granmoun tout laj ka tonbe epi blese. Fredi, lapli, glas, ak nèj ka fè li fasil pou w tonbe. Pa gen okenn fason yo anpeche tonbe antyèman. Swiv konsèy sa yo pou redwi risk ou:

Planifye davans. Rete tann pou kondisyon yo pase avan ou soti. Pèmèt ase tan pou w deplase san pou pa nan prese.

Kenbe ranp yo lè w ap monte eskalye yo. Toujou itilize yon ranp lè w ap monte oswa desann eskalye yo, oswa sou yon pave an pant.

Mete soulye oswa bòt ki apwopriye. Mete soulye oswa bòt ki gen semèl ki pa glise. Pa mete soulye ki lach oswa talon kikit.

Abiye byen pou tan an. Mete plis kouch rad ak gan pou w ka gen pwoteksyon an ka ou ta tonbe.

Netwaye soulye ou oswa chanje ak soulye andedan kay la yon fwa ou rive anndan an. Nèj ak glas ka friz sou soulye yo, ki fè yo glise. Toujou chita anvan ou netwaye oswa retire soulye yo.

Page 5: Check Up Ivè 2020

Li pa twò ta pou pran vaksen kont grip la Èske w te konnen plis moun gen grip ant desanm ak fevriye ? Sa vle di kounye a se moman pou pran vaksen kont grip la si ou poko deja fè sa.

Men 3 rezon an plis ou ta dwe pran vaksen kont grip la:

Pharmacy Corner

Èske w bezwen plis enfòmasyon ?Si w gen kesyon sou avantaj famasi ou yo, pale ak patnè swen w lan oswa rele Sèvis pou Manm nan

866-610-2273 (TTY 711), 8 a.m. pou 8 p.m, 7 jou sou 7.

Rezèv Medikaman pou 90 jou Rezèv medikaman pou 90 jou vle di ou pa bezwen al pran medikaman ou yo chak mwa. Mande doktè w la sou kijan pou ou resevwa preskripsyon ou pou 90 jou. Ou ka mande famasi lokal ou a pou kontakte doktè ou dirèkteman sou preskripsyon 90 jou a tuo.

Livrezon Lakay Anpil famasi ofri livrezon lakay. Sa vle di yo ka livre medikaman ou yo dirèkteman lakay ou. Epitou, ou ka pale ak patnè swen oswa rele Sèvis Manm sou opsyon livrezon kòmand pa lapòs ou yo.

Pa kite move tan fè ou pa jwenn medikaman ou!

Li ka difisil pou soti deyò panda ivè a - epi l ka danjere tou. Men ou toujou bezwen medikaman ou, menm si tan an pa bon. Konsidere 2 opsyon sa y pou pa bezwen kite kay ou pou w jwenn medikaman ou yo:

2

2

3

Moun ki gen maladi kwonik yo gen yon plis risk pou tonbe malad ak grip la. Si w pran piki pou grip la sa ap pwoteje ou PLIS pwòch ou yo kont grip la!

Vaksen grip la diferan chak ane pou pwoteje w kont chanjman ki toujou gen nan viris grip la. Sa vle di ou bezwen yon vaksen pou grip ane sa a — menm si ou te gen youn ane pase.

Vaksen kont grip la gratis nan anpil famasi ak klinik nan Massachusetts.

Gen sentòm grip la? Rete lakay ou epi kontakte doktè w oswa patnè swen CCA ou!

Page 6: Check Up Ivè 2020

Fè yo livre pwodui vant li ou yo! Sèvi ak kat Healthy $avings CCA ou pou achte pwodui vant lib san ou pa kite lakay ou. Manm CCA SCO yo kapab achte pwodwi vant lib kounye a ak livrezon lakay gratis avèk nouvo magazen nou an, C NationsOTC.

Ou gen 3 chwa pou plase kòmann ou ak NationsOTC:1. Pa telefòn: Rele 833-SHOP-OTC (746-7682) (TTY 711).2. Pa kòmand lapòs: Sèvi ak fòm kòmand pa lapòs NationsOTC a ki sou sitwèb CCA a.3. Sou Entènèt: Ale sou NationsOTC.com epi konekte ak nimewo Kat Healthy $avings ou a.

NationsOTC ofri yon gwo seksyon pwodwi OTC Medicare apwouve, men li pa gen tout atik Medicare apwouve yo. Ou ka toujou itilize Kat Healty $avings ou an fas-a-fas nan magazen ki fè pati pwogram nan pou achte atik tankou yo sa ki anba a:

Medikaman kont alèji ak sinisAntasidTretman kont chanpiyonPomad antibyotikTretman pou gratèlMedikaman pou rim ak gripMedsin pou tousPwodui pou swen dan ak bouch Swen fo danAkseswa pou dyabèt

Swen zòrèySwen zye ak vè kontakAtik pou premye swenAtik tretman pyePreparasyon emowoyidPwodui pou moun ki pa ka kenbe pipi oswa poupouLaksatifMedikaman pou mal kamyon

Sipò òtopedik ak konpresyon Medikaman kont doulèTretman respiratwaÈd pou dòmiEde sispann fimenRemèd pou vant fè malPwoteksyon kont solèyBwòs ak pat dantifrisVitaminÈd pou kontwole pwa

Bagay anpil moun konn achte ak kat Healthy $avings la

Èske w gen pwoblèm ak Lojman?

Anpil nan manm nou yo gen pwoblèm pou jwenn lojma. Si ou se youn nan anpil moun ki gen pwoblèm pou jwenn lojman yo, CCA gen resous pou ede ou.

Pale ak patnè swen ou sou fason nou ka ede. Epi rete tann pou plis enfòmasyon sou Atelye Lojman CCA a!

Tanpri ale sou sit entènèt CCA a pou jwenn aksè nan bagay sa yo: ● Yon lis konplè ak atik vant lib ki kalifye pou achte ak

kat Healthy $avings ou a ● Kesyon Moun Poze Souvan konsènan Kat Healthy

$avings la● Yon lyen pou tcheke balans Kat Healthy $avings ou● Yon lis magazen ki fè pati pwogram Kat Healthy

$avings lawww.commonwealthcarealliance.org/members/sco/healthy-savings-card

OTC

Apati 1ye janvye 2020, yo pral mete $110.00 sou Kat Healthy $avings ou a nan kòmansman chak trimès.

Page 7: Check Up Ivè 2020

Enstriksyon1. Nan yon ti bòl, bat ji sitwon, lwil oliv, kimen, ak

½ ti kiyè sèl ak pwav ansam.2. Divize diri ak pwa yo ansanm nan bòl yo. Mete

leti, koryand, tomat, ak zaboka yo sou yo.

3. Simen zonyon wouj la, apresa vide sòs salad la.

Engredyan● 3 gwo kiyè ji sitwon● 2 gwo kiyè lwil oliv● ½ ti kiyè kimen● ½ ti kiyè sèl ● ½ ti kiyè pwav● 2 tas diri mawon kuit● 1 bwat 15 ons pwa nwa● 2 tas leti

● 1 tas koryand, byen koupe ● 1 pent ti tomat● 1 zaboka● ½ ti zonyon piti● krèm si ki pa gen anpil matyè gra (si ou vle)● Tchips tòtiya (si ou vle)● Moso sitwon (si ou vle)● Sòs pike (si ou vle)

Yon bòl borito ki bon pou kè w!

Yon bòl borito ki bon pou kè w! Jere kè ou AK apeti ou! Lè w fè bòl borito sa a, ou elimine tòtiya ki chaje ak idrat kabòn. Tan pou w mete diri blan, nou mete diri mawon ki bon ou kè a. Legim, zaboka, ak pwa yo bon pou kè ou tou-yo gen anpil fib ak vitamin ak yon ti kras matyè gra satire. Vèsyon sa a pi bon pou sante ou pase repa meksiken klasik sa a. (Epi w ap fini nan mwens pase 30 minit!)

Tan pou prepare: 25 minit Tan pou kuit: 0 minit Tan Total: 25 minit

Valè NitritifPòsyon: 1 bòlPòsyon pou chak resèt: 4

Kalori

Matyè Gra Total 15.9 gram

Kolèstewòl: 0 miligram

Sèl (sodyòm): 469.3 miligram

Idrat Kabòn Total: 52.6 gram

Fib Alimantè: 12.8 gram

Sik: 6.3 gram

Pwoteyin: 11.5 gram

403.9

Kredi: Delish, www.delish.com/quick-heart-healthy

Engredyan Opsyonèl Nou pa konte yo nan Enfòmasyon sou Nitrisyon ki anba a. Sèvi ak krèm si, tchips tòtiya, moso sitwon, ak sòs pike, si ou vle.

Commonwealth Care Alliance (CCA) Senior Care Options Program (HMO SNP) se yon plan Swen Kowòdone yo ofri sou kontra avèk Centers pou Medicare & Medicaid Service’s Innovation Center ak Commonwealth of Massachusetts/EOHHS. Lè w enskri nan Plan an depannde dat renouvèlman kontra a pou li kapab bay moun ki enskri yo benefis.© 2020 Commonwealth Care Alliance

Page 8: Check Up Ivè 2020

Avètisman! Medicare ka Kontakte ou

Kòmanse na fe mwa fevriye jiska jiyè, Medicare ka kontakte manm CCA yo pou patisipe nan de (2) ankèt. De (2) ankèt sa yo se:

Evalyasyon Kliyan sou Founisè ak Sistèm Swen Sante yo (Consumer Assessment of Healthcare Providers & Systems, CAHPS): Ankèt sa a poze kesyon sou swen ak sèvis ou jwenn nan plan sante ou a.

Ankèt sou Rezilta Lasante (Health Outcomes Survey, HOS): Ankèt sa a poze kesyon sou sante ak byennèt ou.

2

Poukisa Medicare ap mennen ankèt sa yo? Chak ane, Medicare mennen de (2) ankèt sa yo pou jwenn enfòmasyon sou swen ak sèvis ou jwenn nan plan sante ou a. Yo poze kesyon sou sante ak byennèt ou tou. Fidbak ou ede Medicare ak CCA amelyore swen ak sèvis ou yo.

Èske repons mwen yo prive? Wi. Medicare pral kenbe tout repons ou yo prive.

Kijan Medicare pral eseye kontakte mwen? Medicare ka rele ou oswa voye yon lèt ba ou pou jwenn repons ou pou ankèt la.

Tanpri sonje li enpòtan pou w reponn Medicare sou ankèt sa yo.