i. aktivite vokabilè chapit 1, woben...

43
1 I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwa Dezyèm pati espresyon an efase. Sèvi ak espresyon adwat pou dekouvri mo ki manke a 1. M al fè [dwa] pou vin yon avoka. (etidye!) 2. Yon vakabon tèt[di]. (ou toujou gen rezon) 3. Nou kontre pa [aza]. (chans) 4. Yo vire [lòlòy] li. (li delire, li sezi) 5. M ap chape [poul] mwen. (kraze rak) 6. Lanm [lanmè] pral kraze bato a. (gwo dlo) 7. Devlope panse ki [saj] non pa sòt. (serye) 8. Yo chaje bato a [kou legba]. (li lou anpil) 9. Yo te fè kout [zaviwon] pou avanse. (zouti bato) 10. Tout moun se kretyen [vivan] . (li viv, li respire) Repons yo 1. m al fè dwa 2. tètdi 3. pa aza 4. vire lòlòy 5. chape poul 6. lanm lanmè 7. panse saj 8. chaje kou legba 9. kout zaviwon 10. kretyenvivan

Upload: phunghanh

Post on 20-Jan-2019

225 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

1

I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwa

• Dezyèm pati espresyon an efase. Sèvi ak espresyon adwat pou dekouvri mo ki manke a

1. M al fè [dwa] pou vin yon avoka. (etidye!) 2. Yon vakabon tèt[di]. (ou toujou gen rezon) 3. Nou kontre pa [aza]. (chans) 4. Yo vire [lòlòy] li. (li delire, li sezi) 5. M ap chape [poul] mwen. (kraze rak) 6. Lanm [lanmè] pral kraze bato a. (gwo dlo) 7. Devlope panse ki [saj] non pa sòt. (serye) 8. Yo chaje bato a [kou legba]. (li lou anpil) 9. Yo te fè kout [zaviwon] pou avanse. (zouti bato) 10. Tout moun se kretyen [vivan] . (li viv, li respire)

Repons yo

1. m al fè dwa 2. tètdi 3. pa aza 4. vire lòlòy 5. chape poul 6. lanm lanmè 7. panse saj 8. chaje kou legba 9. kout zaviwon 10. kretyenvivan

Page 2: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

2

II. Aktivite konvèsasyon.

• Ak yonn oswa de patnè, konpare tèt pa nou ak tèt pa Woben Lakwa.

1. Ki madichon rive nan Woben Lakwa? Ki madichon gentan

rive nan lavi w? 2. Ki erè jenès Woben Lakwa te fè? Ki erè jenès ou gentan fè? 3. Ki moun ki tètdi. Defini mo a. 4. Kisa ki vire lòlòy maren yo? Kisa ki vire lòlòy ou menm? 5. Poukisa Woben Lakwa se yon moun avantirye? Ki sa ki fè

yon moun konsa? 6. Ki angwas ki genyen? Sa k ba w angwas? Kisa angwas fè

yon moun? 7. Kisa ki pral anglouti nan liv la? Sèvi ak mo anglouti a nan

yon nouvo fraz kreyatif. 8. Poukisa Woben Lakwa ak maren yon gen repantans?

Defini mo a. 9. Esplike espresyon sa a: “chak koukouy klere pou je l.” Eske

ou kwè nan sa? III. Mo pou konekte, mo ki konmanse yon fraz Defini ak sinonim kreyòl epi kreye yon fraz avèk yo:

okontrè ata men grasa franchman sepandan

Page 3: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

3

Chapit 2, Woben Lakwa I. Eske ou kapab devine mo ki efase a? 1. Ou pa gen tan, ou dwe fè vit. [Prese] 2. Se la de wout yo kontre. [Kalfou] 3. Se memwa, se sa ou sonje. [Souvni] 4. Se lasyans chif. [Matematik] 5. Se lasyans kondi yon batiman. [Navigasyon] 6. Van plen li, batiman an avanse. [Vwal] 7. Reponn tou, fè menm bagay la. [kifkif] 8. Pirat yo se nasyonalite sa a (mediteraneyen) [tik] 9. Sinonim mou an gra: Okenn nan yo pa t la [pyès] Repons yo

1. Prese 2. Kalfou 3. Souvni 4. Matematik 5. Navigasyon 6. Vwal 7. kifkif 8. tik 9. pyès

Page 4: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

4

II. Sèvi ak nouvo espresyon sa yo pou konplete yon fraz: 1. An de mo twa pawòl... 2. Apèn... 3. ...kou yon kana. 4. ...kòm yon vye bègwè. 5. ...ratrape... 6. ...pa di krik... 7. ...labrindiswa... III. Pale ak zanmi ou sou sa k te pase nan chapit 2: 1. Ki kote Woben Lakwa te prese vwayaje nan konmansman chapit sa a? Eske ou te janm prese vwayaje? 2. Eske paran Woben te bay lajan pou sipòte premye vwayaj la? Eske pwòp paran nou ta sipòte nou si n ta vle fè menm jan ak Woben? 3. Ki batay te genyen? Konben kanno chak bato te genyen? Eske toujou gen pwoblèm sa yo sou lanmè jounen jodi a? 4. Woben tonbe nan men ki moun yo? Dekri kèk nan wòl Woben te genyen pou moun ki pran l lan. 5. Ki sa Woben te fè pou sezi Ismayèl pa kou souprann? Eske ou te janm sezi yon moun pa kou souprann? Sa ou te fè? 6. Kisa Woben te fè avèk jenn esklav la ki te akonpaye yo? 7. Ki “gwo erè” Woben te fè nan chapit sa a?

Page 5: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

5

Yon Gwo Tranbleman De Tè 7.0 Frape Kè Vil Pòtoprens www.voanews.com Chapit 3, Woben Lakwa I. Keksyon yo sou lekti a. 1. Ki moun te ede Woben ak Zouri nan konmansman chapit twa a? Ki pwovizyon yo te ba yo? 2. Ki moun ki sove yo? Èske etranje te janm ede ou menm? 3. Yon moun ki nasyon nan batiman sa a te kapab konprann Woben? Eske ou te janm gen pwoblèm kominikasyon epi ki lè? 4. Ki kote bato sa a te ale? Sa k te rive Zouri? Ki sa ou panse sou atitid Woben lè sa a? 5. Ki aktivite Woben te konmanse fè kote l te rive? 6. Ki sèvis kaptenn batiman an te rann Woben? 7. Ki pale Woben te renmen pale? Akoz sa, ki antrepriz Woben te deside pou l konmanse? Ki objektif antrepriz sa a te genyen? 8. Sa k rive sou lanmè a? 9. Ki sa ki motive Woben?

Page 6: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

6

II. Mo efase nan tèks la.

• San nou pa gade nan liv la, èske nou kapab devine ki mo ki efase anba yo? Altène ak patnè ou a.

Lè n te fin fè tou sa n te kapab, nou te fin pa wè li te

enposib pou n t al kontre ak batiman 1.___, e li ta ka byen pati kite nou anvan nou te rive fè l yon siyal. Men, nan moman m te fin sèvi ak tout fòs mwen pou m te fè bato nou an kouri vit, lè m te konmanse pèdi espwa, sanble manm ekipaj 2.___ te apèsi nou avèk longvi yo. Yo te pran nou pou 3._______ yon bato ewopeyen ki te peri e yo te desann kèk nan vwal yo pou yo te ban nou tan pou n te rive jwenn yo. Sa te reban m kouraj. Kòm mwen te genyen yon ti drapo abò a, mwen te atache l nan kòd ma 4.____ kòm yon siyal detrès e m te tire yon kout 5._____. Yo te remake toulede jès sa yo, paske pi ta yo te genyen pou fè m konnen yo te wè lafimen 6.____, menm si yo pa t tande kout zam 7.__. Lè yo te wè siyal sa yo, yo te vin desann tout vwal yo 8.__; yo te gen bon kè ase pou yo te kanpe pou nou e, nan twa zèdtan konsa, nou te deja rive bò kote yo. An potigè, an espayol e an franse, yo te mande m ki moun mwen te 9.___; mwen pa t konn pale pyès nan lang sa yo. Alafen, yon matlo ekosè ki te abò a te adrese m lapawòl an angle; mwen te reponn ni mwen te yon 10._______ Langletè, mwen te chape anba men Arab yo ki te fè m esklav nan vil Sale. Se 11. ___ yo te envite nou monte abò a e yo te 12.____ nou avèk anpil swen, mwen menm, Zouri ak tout sa m te posede. Repons yo: 1. an 2. la 3. chaloup 4. a 5. fizi 6. an 7. nan 8. nèt 9. ye 10. natifnatal 11. atò 12. resevwa

Page 7: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

7

III. Tradui fraz angle sa yo an kreyòl: 1. I had to turn the boat around. [kase tèt tounen ] 2. Prolong the contact [pwolonje kontak la ] 3. Make a move [fè yon deplasman ] 4. We got along well [nou te antann nou byen] 5. give a good yield [bay bon randman ] 6. scorn good advice [meprize bon konsèy ] 7. a head to head discussion [chita koze ] 8. share them amongst ourselves [separe yo ant nou menm] 9. money contributions [kotizasyon lajan ] 10. to drift (at sea) [ale aladriv ]

Page 8: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

8

CHAPIT 4 Menm nan sitiyasyon sa a, van an t ap soufle avèk vyolans toujou. Nan douvan jou, youn nan mesye n yo te rele pou l di: “Mwen wè tè!” Apèn nou te sòti nan kabin nan pou n te wè sa l te ye e ki kote nan lemond nou te rive, bato a t al echwe sou yon ban sab, li pa t ka fè yon mouvman; dlo t ap antre ladan n tèlman rapid, nou te panse nou ta pral peri sou plas e tout moun te kole kò yo arebò batiman an pou n te pwoteje tèt nou kont vyolans lanm lanmè yo.

Li pa fasil pou yon moun byen konprann tout lapenn yon kretyen vivan kapab santi nan yon sitiyasyon konsa. Nou pa t konnen ditou ki kote nou te chwe a: èske se te yon zile oubyen yon kontinan? Eske li te abite oubyen se te yon dezè? Pèsonn pa t konnen. E, kòm fòs van an te toujou tèrib menm si l te bese, nou te atann nou aske bato a kraze an miyèt moso nan fay minit, sòf si pa mirak yon kalmi ta vini toudenkou. Nou tout te rete san mouvman, youn ap gade lòt, prèt pou n mouri nenpòt ki lè. Wi! nou te byen pare pou n t al bwa chat; deja pou youn, pa t rete anyen pou n fè sou latè. Sèl bagay ki te kapab ban nou yon ti espwa toujou, se lefèt ke batiman an potko kraze –yon bagay ki te fè tout moun sezi. Sanzatann mèt la te anonse nou van an te konmanse febli. Vrèman vre, syèl la te anonse tanpèt la pa t lwen pou l sispann. Sepandan, menm la ankò, lè w te konsidere jan bato a te chwe a e puiske li te antre twò fon nan sab la pou n te espere wete l, sitiyasyon nou te grav anpil kanmèm; sèl sa ki te rete pou n fè, se te chache wè si n te ka sove lavi nou.

Yon ti moman anvan tanpèt la te konmanse, bato n nan t ap trennen yon ti kannòt dèyè li. Tou dabò, van an te voye l al frape nan gouvènay la, konsa te vin gen yon gwo fant ladan n; answit li te kraze nèt e moso yo te swa koule apik, swa ale aladeriv – egal la a, nou pa t mete espwa n sou li ditou. Nou te gen yon chaloup abò a, se vre; men nou pa t fin byen konnen kijan pou n te mete l nan lanmè. Antouka, nou pa t gen tan pou n pèdi, paske nou te kwè bato a te san lè pou l kraze, e bri te deja ap kouri kòmkwa li te konmanse fann.

Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt moun yo t ap ede misye e, alafen, yo te desann ti batiman an nan lanmè bò kote bato a. Nou tout te antre ladan n: an total nou te onz moun. Nou te remèt vi nou nan men Gran Mèt la e nou te kite rès la nan men van an ak lanmè a; paske, menm si gwo gren an te bese anpil, lanmè a te monte men wòtè, ou ta di li ta pral kouvri tout latè. Se lè sa a nou te an danje – e se te yon bagay efreyan: lanmè a te tèlman gwo, nou te konprann chaloup la pa t ap ka

Page 9: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

9

sipòte l e nou t ap fin pa mouri neye kanmenm. Dayè, nou pa t gen vwal; e, menm si n te genyen youn, nou pa t ap kapab sèvi avè l. Nou t ap voye kout zaviwon ak tout fòs pou n t ale atè; men, sou figi nou ou te ka wè tras lapèrèz ki te fin anvayi kè nou tankou moun yo pral fiziye oubyen pann. Vrèman vre, nou tout te byen konnen lè chaloup la ta rive sou kòt la, lanm lanmè t ap bat li tèlman, li t ap kraze fè miyèt moso. Malgre tou, nou t ap priye Bondye ak tout kè nou pou L te sove nanm nou; an menm tan an tou, etan done van an t ap pouse nou al atè, nou t ap fè tou sa n te kapab pou n te ede lanati yon fason pou n t al peri pi vit.

Lè n te fin rame – ou pito, lè n te fin ale aladeriv – sou yon distans twa kilomèt daprè kalkil nou te fè, yon gwo lanm lanmè, pòtre ak yon montay, te vin lage kò l sou nou pa dèyè: se avètisman ki te anonse dènye kou ki te pou touye koukou a. Li te tonbe sou nou ak tèlman raj, chaloup la te chavire sou plas; la a tou li te separe nou youn ak lòt menm jan li te separe nou ak ti batiman an, e se apèn si l te ban nou tan pou n te di yon mo, pou n te rele non Gran Mèt la, paske menm lè a tou nou tout te anglouti.

Pa gen mo ki ka ede m di kijan m te santi m lè m te tonbe nan lanmè a; paske, menm si m te konn naje trè byen, mwen te gen pwoblèm pou m te respire, jiskaske lanm yo te pouse m, ou pito jous yo te pote m al lage byen lwen nan direksyon rivaj la. Yo te lage m rad-si-l-kò, amwatye mò, akòz tout dlo mwen te vale a. Lè m te wè latè te pi pre pase sa m te kwè a, mwen te gen prezans despri avèk souf ase pou m te kanpe sou janm mwen, sèvi ak yo jan m te kapab pou m te eseye kouri avanse nan direksyon plaj la anvan yon lòt lanm ta vin pase sou mwen ankò. Men, mwen pa t pran tan pou m te wè li te enposib pou m anpeche sa, paske lè m te vire gad dèyè, mwen te wè lanmè a gwo, move, chaje ak menas, pòtre ak yon Golyat devan David, e m pa t gen fòs ase pou m te koresponn avè l. Tou sa m te gen pou m fè, se te kenbe souf mwen e monte sou dlo a si m te kapab; konsa mwen ta rive naje, konsève libète respirasyon mwen pandan m t ap mache al sou rivaj la. Sa m te pè plis la, se pou lanm lanmè ki t ap pouse m nan direksyon plaj la chak fwa yo te vini, pa t rale m fè bak nan fon lanmè a lè yo t ap retounen.

Dezyèm lanm ki te vin kraze sou mwen an te kouvri m ak yon mas dlo men wòtè; mwen te santi l ap trennen m al jete byen lwen sou tè ak yon fòs e yon rapidite san parèy. An menm tan an tou mwen te kenbe souf mwen pandan m te mete tout kouray mwen sou mwen pou m te naje. Men, nan konsa, mwen te prèt pou toufe anba dlo a anvan m te remonte. Sanzatann, ni tèt mwen ni men mwen pa t nan dlo ankò, e m te jwenn yon soulajman rapid. Menm si sa te dire de segond sèlman, li te byen bon pou mwen, paske sa te ban m tan pou m te respire e repran fòs mwen; apre sa,

Page 10: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

10

dlo te vin kouvri m ankò. Men, sa pa t fè m pèdi kontwòl mwen; e, chak fwa m te wè lanm lanmè a t ap retounen aprè l te fin kraze sou rivaj la, mwen te voye kò m an avan mezi m te kapab pou l pa t rale m tounen twò lwen. Finalman mwen te byen sezi wè m te pran pye.

Pandan yon bon moman, mwen te rete san m pa t fè yon jès dekwa pou m te reprann souf e ret tann dlo a bese; answit, mwen te kouri ale sou rivaj la ak tout vitès mwen te ka mete nan janm mwen. Jèfò sa a pa t ase pou delivre m anba raj de zou twa gwo lanm lanmè ki te vin lage kò yo sou mwen; pandan de lòt fwa ankò, yo te rache m sou tè pou yo te pouse m an avan, menm jan yo te fè sa lè yo te voye m sou rivaj la. Se yon mirak si dènye nan de soukous sa yo pa t fini avèk mwen; paske, lè lanmè a te fin trennen m jan l te fè l deja a, li t al lage m atè – pou plis presizyon, li t al frape m sou yon gwo wòch. Frap la te tèlman fò, mwen te pèdi konesans; kidonk mwen pa t ka fè anyen pou delivrans mwen, puiske se bò kòt mwen ak pwatrin mwen ki t al frape a e sa te anpeche m respire pandan yon moman. Si lanmè a te kontinye konsa san rete, san di pètèt mwen t ap fin pa mouri toufe. Men, chans pou mwen, m te gen tan reprann konesans anvan lanm nan te tounen; lè m te wè l t ap pral antere m anba dlo, mwen te deside kole kò m byen di ak gwo wòch la e rete nan pozisyon sa a jiskaske dlo a ta bese.

Lanm lanmè yo pa t tèlman gwo ankò, paske rivaj la pa t lwen; mwen te rete la, kole byen di ak wòch la – jan m di l deja a – pandan tout tan lanm yo t ap pase e repase sou mwen an. Apre sa, mwen te pran yon elan ki te pèmèt mwen avanse tèlman pre latè, lanm ki te vin apre a te kouvri m net, se vre, men li pa t bwote m tounen; konsa, avèk de zou twa bras, mwen te fin pa naje pou m rive atè. Rive m te rive, mwen te monte sou rivaj la e mwen te kouri ale sou yon bon ti distans ak plaj la; mwen t al chita sou zèb la, byen lwen toumant ak traka lanmè a.

Lè m te wè m an sekirite, premye bagay mwen te fè, se te leve je m gade syèl la pou m te di Bondye mèsi poutèt Li te sove lavi m. Mwen pa kwè li posib pou yon moun di egzatemen ki kontantman, ki jwa li genyen nan nanm ni lè l fin chape konsa anba lanmò alòske li te nan bouch tonbo. Mwen t ap pwomennen bò lanmè a, de men m anlè tankou yon moun fou. Transpò ak kontantman delivrans la t ap debòde nan kè m, e m t ap fè yon bann jès san kontwòl, yon bann jès okenn lang pa ka dekri. Mwen t ap reflechi sou sò kanmarad mwen yo ki te neye san wete youn: depi bato a te echwe a, mwen pa t wè menm youn, mwen pa t remake okenn tras, eksepte twa chapo, yon bonèt avèk de grenn soulye depaman. Mwen te jete yon koudèy nan direksyon kote batiman an te echwe a; men, lanmè a te tèlman gen kim ladan n, li te tèlman move e pozisyon bato a te tèlman lwen, se apèn si m te ka byen distenge l. Lè m te wè sa, mwen te di:

Page 11: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

11

“Papa Bondye m! Kijan m te fè vin atè? Lè m te fin pase e repase nan lespri m tout sa k te bon nan

sitiyasyon kote m te twouve m nan, kouray mwen te revni. Mwen te konmanse gade tout alantou m pou m te ka wè ki kote m te ye e kisa m te gen pou m fè kòm premye okipasyon. Aprè yon ti tan, mwen te santi kontantman m nan t ap bese piti-piti e, olye m te bat bravo poutèt mwen te delivre, mwen te santi m te vle mouri, paske mwen te mouye e m pa t gen lòt rad pou m mete sou mwen; mwen te grangou, m pa t gen anyen pou m manje; mwen te swaf dlo, m pa t gen anyen pou m bwè; mwen te fèb e m pa t gen anyen ki te pou ban m fòs. Sèl bagay ki t ap tann mwen, daprè m, se te grangou oubyen bèt sovaj ki ta ka devore m.

Pou kounyela a, sèl fason mwen te wè pou m te anpeche sa rive, se te pou m te monte sou yon pyebwa chaje ak gwo fèy, tankou yon pye sapen, men plen pikan, ki te pouse tou pre a. Mwen te deside pase nwit la sou li pou m te tann kalte lanmò ki t ap vin pou mwen nan demen an, paske m te si e sèten arè de mò m te siyen. Mwen te fè yon ti mache lwen rivaj la pou m te wè si m ta jwenn dlo dous pou m bwè; chans pou mwen, mwen te jwenn yon sous e se pa ti kontan m te kontan. Lè m te fin bwè dlo, lè m te fin mete kèk moso fèy tabak nan bouch mwen pou m te twonpe grangou, mwen te kouri monte sou pyebwa a; mwen te ranje kò m sou li yon fason pou m pa t tonbe sizoka dòmi ta pran m. Mwen te gen nan men m yon baton tou kout mwen te koupe pou defans mwen an ka bezwen; se konsa m te fin pa enstale m sou pyebwa a. Kòm mwen te fatige anpil, mwen pa t pran tan pou m te tonbe nan yon pwofon somèy. Lè m te reveye, mwen te reprann tout fòs mwen e m pa kwè sou latè beni gen anpil moun ki ta pase yon bòn nwi konsa nan yon kondisyon malouk konsa.

Solèy la te leve depi byen lontan deja; syèl la te klè, tanpèt la te fin pase nèt e lanmè a pa t gwo jan l te ye anvan an. Sa k te fè m sezi, se lefèt ke tanpèt la te jwenn mwayen bwote bato a sòt sou ban sab kote l te antere a, pou l te trennen n al mete tou pre gwo wòch kote lanm lanmè yo te krase m nan. Ant la avèk kote m te ye a pa t genyen yon tèlman gwo distans, se te yon ti kras plis pase yon kilomèt; e, kòm bato a te kanpe sou kiy li toujou, mwen te byen dispoze ale abò a pou m te pran tou sa ki te kapab itil mwen.

Desann mwen te desann sòt nan kabann mwen te enstale sou pye bwa a, mwen te jete yon koudèy toutotou mwen. Premye bagay m te dekouvri se te chaloup la. Van an ak lanm lanmè yo t al lage l sou kòt la, sou yon distans de kilomèt edmi konsa ak kote mwen te ateri a, sou lamen dwat. Mwen te mache sou rivaj la mezi m te kapab pou m te rive la; men, finalman, ant mwen menm ak chaloup la te vin genyen yon pòsyon lanmè ki te gen twa ka kilomèt de lajè; konsa mwen te oblije retounen sou pa m e kite sa

Page 12: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

12

pou yon lòt okazyon, paske tout anvi m kounyela a, se te ale pito nan bato a kote m te espere jwenn sa m t ap bezwen pou m viv.

Nan kòmansman apre midi, mwen te remake lanmè a te kal anpil. Li te tèlman plat, mwen te kapab avanse yon bon distans sou bato a; sa sèlman, tout doulè m te rekonmanse, paske m te fin pa wè nou tout te ka sove si nou te rete abò a – antouka nou ta ka rive atè san pwoblèm. Epitou, mwen pa t ap genyen tristès ki te anvayi m lè m te wè m san pèsonn pou ban m konsolasyon ni pou kenbe m konpay. Sa te fè dlo koule nan je m; men, kòm dlo nan je sa yo pa t ban m yon twò gwo soulajman, mwen te pran desizyon pou m t al nan bato a si m te kapab rive.

Li te fè cho anpil. Mwen te wete rad sou mwen e m te lage kò m nan dlo. Lè m te rive tou pre batiman an, mwen te wè li t ap trè difisil pou m monte ladan n; paske, menm si yon ti pati te antre nan tè pandan yon gwo pati te rete nan dlo, tout kote mwen te abòde bato a, li te byen wo, pa t genyen anyen pou m te kenbe. Mwen te fè viwonn ni de fwa alanaj. Sou dezyèm fwa a, mwen te sezi wè yon bagay mwen pa t wè premye fwa a: se te yon bout kòd ki t ap pandye devan batiman an; apre anpil redi, mwen te rive pran n e se konsa mwen te fin pa grenpe abò a.

Bato a te fann e te gen anpil dlo nan lakal la; men, pozisyon n sou yon ban sab ki te dyanm, te pèmèt li rete avèk pon avan an byen wo pandan pon aryè a te tèlman ba, li te prèske nan dlo. Konsa, pon avan an te sèch e se te menmman parèyman pou tout sa ki te anndan batiman an. Nou pa bezwen mande: premye bagay mwen te fè, se te chache tou patou pou m te wè sa k te gate ak sa k te bon toujou. Pou konmanse, mwen te jwenn tout pwovizyon bato a byen sèch, dlo pa t rive kote yo te ye a. Kòm mwen te grangou anpil, m t al nan yon ti depo kote m te plen pòch mwen ak biskwit e m te tonbe manje pandan m t ap fè lòt bagay, paske m pa t gen tan pou m pèdi. Mwen te jwenn wonm tou nan chanm kaptenn nan e m te bwè yon bon valè; mwen te byen bezwen sa pou soulaje m nan gwo soufrans mwen te wè devan m toujou a. Si m te rete de bra kwaze, sa pa t ap itil mwen anyen e m pa t ka ret pèdi tan m ap di “Bondye bon” pou m te jwenn sa m pa t kapab jwenn jiskela. Nesesite te ban m fòs pou m fè efò. Te gen abò a anpil gòl, divès planch ak youn ou de ma de rezèv; mwen te deside mete yo aladispozisyon m imedyatman e m te lage nan dlo tout sa k pa t twò lou, lè m te fin tache yon kòd nan chak bout pou kouran pa t ale avèk yo. Apre sa, mwen te desann nan dlo a, mwen te rale yo sou mwen e m te mete deyò mezi fòs mwen te kapab pou m te kole yo kat pa kat. Bout pou bout, travay la te pran fòm yon rado. Lè m te fin poze de zou twa planch kout antravè sou li, li te posib pou m mache sou li; men li pa t kapab pote yon twò gwo chay, paske li te twò lejè; se poutèt sa mwen te remonte sou bato a e m te

Page 13: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

13

rekonmanse travay. Avèk goyin chapantye a, mwen te koupe youn nan madriye yo pou m te fè l fè twa moso; se avèk anpil traka, anpil fatig mwen te rive ajoute yo sou rado a pou ba l plis fòs. Sepandan espwa m te genyen pou m jwenn sa m te bezwen an, te ban m kouray pou m fè plis pase sa m ta ka fè nòmalman nan tout lòt sikonstans.

Rado m nan te vin solid ase pou l pote gwo chay. Sèl sa m te rete pou m fè, se te deside ki mwayen ki te ka anpeche dlo antre ladan n; men, lide sa a pa t rete lontan nan tèt mwen. Pou konmanse, mwen te mete sou bwafouye m nan tout kalte planch mwen te ka jwenn. Apre sa, lè m te fin reflechi pou m wè kisa m t ap plis bezwen, premye sa m te fè, mwen te pran twa kòf matlo e m te desann yo sou rado a grasa yon kòd; mwen te kraze seri kòf yo anvan, pou m te ka vide yo. Nan premye a, mwen te mete pwovizyon tankou pen, diri, twa fwomaj olande, senk moso vyann kabrit sèch (ki te konn sèvi sou bato a kòm pla prensipal), plis yon rès ble ewopeyen nou te mete sou kote pou n te nouri kèk poul nou te genyen abò a; men maren yo te manje bèt sa yo depi lontan. Te genyen tou yon kantite lòt kalte sereyal ki te mele ansanm; se avèk regrè mwen te wè rat te manje yo oubyen gate yo. Mwen te oblije kontante m pran sèlman sa m pa t ka kite dèyè pou le moman, tankou zouti pou m te travay lè m ta rive atè; e, lè m te fin pase lontan ap chache, mwen te fin pa jwenn kòf chapantye a. Pou mwen se te yon trezò, men yon trezò pi presye nan okazyon an pase yon gwo bato chaje ak lò. Mwen te desann ni e m te depoze li sou rado a jan l te ye a, san m pa t pran tan gade anndan n, paske, an gwo, mwen te byen konnen kisa k te ladan.

Anplis trezò sa a, sa m te plis bezwen se te zam ak minisyon. Nan chanm kaptenn nan te genyen de bon fizi ak de revolvè; se yo m te pran anvan, ansanm ak kèk ti gode poud, yon ti sak plon ak de vye epe wouye. Mwen te byen konnen te genyen abò a twa barik poud; men, mwen pa t konnen ki kote kanonye a te mete yo. Alafen dè fen, lè m te fin fouye tout ti kwen, mwen te detere yo. Gen youn ki te mouye; de lòt yo te an bon eta, e m te mete yo sou rado a ansanm ak zam yo. Se lè sa a atò mwen te satisfè, paske kounyeya mwen te gen ase pwovizyon. Pwoblèm ki te poze, se te konnen kijan m ta pral mennen tout bagay sa yo atè, puiske m pa t genyen ni vwal, ni zaviwon, ni gouvènay; e mwenn ti van, mwenn ti lanm, t ap sifi pou chavire tout kagezon m nan ankè. Rado m nan te vwayaje trè byen sou yon distans yon kilomèt edmi konsa; sèl bagay, mwen te remake li t ap devye yon ti kras nan direksyon yon kouran dlo ki te nan zòn nan. Kidonk, anvan m te rive nan pozisyon sa a, mwen te espere jwenn yon bè, yon lans oubyen lanbouchi yon rivyè kèlkonk ki ta ka sèvi m kòm yon pò pou m te debake chajman m nan. Anfen, sou lamen dwat,

Page 14: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

14

je m te tonbe sou yon ti antre; se la mwen te mennen rado a apre anpil traka ak difikilte; grasa yon bout planch ki te rive touche fon dlo a, mwen te fin pa dirije l pou fè l rive nèt anndan antre a. Premye bagay mwen te fè, se te ale rekonèt zòn nan e chache yon bon kote pou m rete, pou m sere bagay mwen yo e mete yo an sekirite kont tout aksidan. Jiskela mwen potko konnen si kote m te ye a te fè pati kontinan an oubyen si se te yon zile, si l te abite ou pa, si m te fèt pou m pè bèt sovaj ou non. Pa t gen plis pase twa-kat kilomèt ant pozisyon sa a avèk yon montay trè wo, plen karyann ak doukla. Sanble pik li, somè li, te sitiye sou yon masif ki te gen plizyè lòt montay ladan e ki te o nò. Mwen te pran youn nan fizi m yo ak youn nan pistolè m yo, yon gode poud, plis yon ti sak plon; lè m te fin ame m konsa, mwen te met deyò pou m t al fè dekouvèt jous sou tèt montay la. Rive m te rive la, fatige e byen swe, mwen te wè ki move sò ki t ap tann mwen, paske m te rekonèt mwen te sou yon zile san m pa t ka dekouvri pyès lòt tè, eksepte kèk gwo wòch ki te byen lwen, ak de zile pi piti pase sa m te dekouvri a e ki te sou yon distans twa lye a lwès. Apa de sa, mwen te fin pa konprann zile kote m te izole a, se te yon tè sovaj, san jaden, e tout lide m te di m pa t gen abitan sou li, an wetan bèt fewòs. Sepandan mwen potko wè youn, eksepte yon kantite zwazo m pa t janm te wè anvan nan vi m; mwen pa t konnen ni espès yo, ni kisa m ta ka fè avèk yo si m te touye yo. Lè m t ap retounen, mwen te tire yon gwo kokenn zwazo ki te poze sou yon branch bwa; mwen kwè se premye kout fizi ki te fèt sou il la depi lemond te kreye. Apèn m te peze gachèt la, tou patou nan bwa a yon bann zwazo tout kalite te vole; yo t ap pouse divès kalite kri diferan ki te tounen yon gwo bri makawon, efreyan menm; yo chak te gen yon kri daprè espès yo e – jan m te di l deja a – mwen pa t konnen menm youn nan espès bèt sa yo. Kanta pou zwazo mwen te tire a, mwen te konsidere l kòm yon sòt de grigri pou koulè l ak fòm bèk li; men, grif li ak zong li te diferan, vyann ni t ap degaje yon move odè e li pa t bon pou moun manje ditou. Apre pwomnad dekouvèt sa a ki te ban m yon gwo satisfaksyon, mwen te retounen sou rado m nan e m te pase tout rès jounen an ap transpòte tout kalte bagay mwen te wete sou bato a. Lè l te fin nannwit, mwen pa t konn kisa pou m te fè ak kadav kò m, ni ki kote pou m te pran repo. Mwen pa t fye dòmi atè, paske m te pè pou bèt fewòs pa t vin devore m, menm si an apre mwen te vin gen konviksyon afè de bèt sovaj la, pa t gen sa pyès sou zile a. Sepandan, mwen te fè tout sa m te kapab pou m te fè yon barikad avèk youn nan kòf yo, plis planch mwen te mennen atè yo, e m te bati yon sòt de ti joupa pou m te pase nuit la. Kanta pou manje, mwen pa t konnen ki kote mwen t ap jwenn sa sou il la, paske je m pa t tonbe sou anyen ki te manjab, eksepte de zou twa bèt,

Page 15: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

15

pòtre ak lyèv, mwen te wè ki t ap kouri sòt nan bwa kote m te tire zwazo a. Mwen te fin pa konprann mwen te ka jwenn sou bato a toujou anpil bagay ki te ka itil mwen, espesyalman kòd, vwal ak lòt ekipman, si m te ka transpòte yo atè. Kidonk, mwen te deside fè yon lòt vwayaj si m te gen fòs ase; e, kòm mwen te byen konnen premye move tan ki ta vin pase, t ap kraze batiman an an miyèt moso, mwen te bliye tout lòt bagay pou m te reyalize pwojè sa a. Mwen t ap poze tèt mwen kesyon pou m konnen si m t ap retounen nan bato a avèk rado m nan; men, sa pa t sanble l posib e m te deside ale tankou premye fwa a, sètadi lè lanmè a ta bese. Se sa menm mwen te fè, avèk yon sèl diferans: sèke m te dezabiye m nèt anvan m te sòti nan ti kay pay la; sèl sa m te kite sou mwen, se te yon chemiz dechire, yon chòt avèk yon pè sandal.

Chapit 4, keksyon pou kominikasyon ak yon patnè: 1. Kisa ki rive Woben ak kanmarad li yo? 2. Kisa Woben te fè lè l te rive atè a? 3. Ki bagay Woben te al chache nan gwo batiman an? Bay yon deskripsyon tout bagay li te jwenn. Poukisa bagay sa yo enpòtan? 4. Kijan Woben te transpòte tout bagay sa yo? 5. Ki jan Woben pral chache manje? Ki bèt Woben deja gentan konstate sou zile a? 6. Ki mezi Woben te pran pou l pwoteje tèt li sou zile sa a? 7. Eske ou te janm nan yon sitiyasyon fou kon sa? Ki jan ou ta reyaji?

Page 16: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

16

Chapit 5, Woben Lakwa Diskite keksyon yo ak repons yo ak patnè ou a:

1. Ki lè Woben te travay kou bourik? / Ki lè ou menm ou konn travay kou bourik?

2. Èske pwovizyon li te gwo oswa piti? 3. Ki sa mo “sovaj” vle di? Poukisa Woben sèvi avè l? Bay

karakteristik yo yon moun “sovaj” genyen selon Woben. 4. Nan tout bagay Woben te al chache sou batiman an, ki bagay ki

pi enpòtan yo? Ki sa ou ta sove an premye? 5. Sou ki bagay Woben te konn dòmi? Sou ki bagay ou konn dòmi? 6. Ki bèt Woben rele malen? Poukisa? 7. Ki bagay ki fè Woben tris nan chapit la? Eske l ta fè ou tris tou? 8. Dekri akitivite Woben te genyen an jeneral yo nan chapit senk

lan. Tradui an kreyòl: 1. ‘whether it was a human or an animal’ [kit... kit] 2. I ended up having a veritable store [M te fin pa genyen] 3. In the case that it was available [Sizoka te genyen] 4. Filled with swamps [chaje ak marekay] 5. As tough as concrete posts [dyanm kou poto beton] 6. A big squall of rain [yon gwo gren lapli]

Page 17: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

17

Bay sinonim kreyòl pou mo ak espresyon sa yo: Egzanp: gason vanyan = se yon gason ki fò, ki dyanm, ki solid, ki pa pè

1. sazatann... 2. nan fay minit 3. anplasman 4. gòl 5. tout feray mwen te ka rache 6. pwenn bato 7. bèt fewòs ki ta ka pwente 8. m alabri 9. m pa t fè yon pa kita, yon pa nago 10. m ap fè fas ak... 11. yon lavalas dlo t ap sòt nan je m 12. li t ap enposib nèt nèt

Chapit 6, Woben Lakwa Pataje lide ou yo ak lide patnè ou yo.

1. Woben te rive sou zile l la nan ki lanne? Nan ki lanne ou fèt? 2. Esplike kisa yon maren pral fè ak yon bousòl [compass] 3. Ki kalite liv li te genyen avè l? Ki liv ou renmen genyen? 4. Ki zouti Woben pa t genyen avè l? Ki zouti ou pa genyen (men

ou vle l, ou bezwen l)? 5. Ki règleman Woben te genyen chak jou? Ki règleman ou

genyen chak jou? 6. Ki pwoblèm Woben te genyen nan kavèn li te fouye a? 7. Pouki Woben te vle fè gadinay bèt? 8. Ki mezi sekirite Woben te enstale lakay li? 9. Ki jan Woben te fè yon chandèl primitif? 10. Ki manje Woben te plante pa aksidan? Dekri esperyans li

avèk manje sa yo.

Page 18: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

18

Vokabilè nan chapit 6 1. Yo sanble yonn ak lòt Yo sanble tèt k... [koupe] 2. Yo pral fè yon plafon. Yo pral ___________ [plafonnen] 3. Ou pral foure yon pote nan tè Ou pral an... [anfonse] 4. Sa anmède ou, sa nui w. Ou j... [jennen] 5. Yon kout bagay sa ka pete poud la. Se ____________ [zetwal] 6. Se yon ti jèm ki sòti anba tè a. Se yon b... [boujon] 7. L ap gaye grenn. L ap s... [simen] 8. M ap monte sou li pou ale anwo.M ap monte yon n... [nechèl]

Page 19: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

19

Chapit 7, Woben Lakwa I. Enstriksyon: Konnya la ou pral sèvi ak yon sèl keksyon ak yon sèl moun epi apre ou jwenn repons ou, ou pral chache yon lòt moun. Konsa w ap kapab pale ak tout manm klas la (epi w ap blije kanpe mache!) 1. Ki bagay mete Woben nan yon ‘eta zonbi’ nan konmansman chapit sila a? Kisa ki glase san l? Kisa ki glase san ou? 2. Kisa Woben pa t fye lakay li? Kisa ou pa fye? 3. Ki remontan Woben te pran tanzantan? Poukisa li te konn limite kantite li t ap pran an? 4. Dekri an jeneral aktivite Woben nan mwa Avril ak Me yo. 5. Ki zouti yo Woben te genyen pou travay li yo nan mwa sa yo? Ki sa l te fè ak zouti yo? Ki zouti ou pi itilize, èske se menm zouti Woben genyen? 6. Ki maladi rive Woben nan mwa Jen an? 7. Ki enpak maladi sa a te genyen sou Woben? 8. Ki vyann/manje Woben te dekouvri nan chapit 7? Ki jan li konpare manje sa ak lòt manje? Èske ou gentan manje manje enteresan? Pa egzanp, lapen, eskago, ensèk, bouden, chwal, chen... 9. Ki remèd Woben twouve pou pwoblèm li? Ki bagay negatif remèd sa a genyen tou? Eske ou konn yon remèd tradisyonèl pou yon maladi? 10. Kisa Woben toujou fè san mank nan fen chapit sa a? Poukisa li vin pi enterese nan relijyon? 11. Ki fraz nan Woben Lakwa montre kijan tranblemanntè yo trè komen nan karayib la? (wè paj 43).

Page 20: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

20

II. Konnya ou pral fè teyat pou patnè ou kòmsi ou menm se Woben: Sèvi ak mo sa yo pou jwe yon sèn nan Woben Lakwa. Sèvi ak otan ou kapab. A. batiman demonte pyès pa pyès manjab tranblemandetè goyin fè kraze yon kite sa tòti B. wonm sitiyasyon malouk dòz fèy tabak fè yon ti mye yon efè pozitif fè mye kò kraz sèvi ak mo pa ou yo tou! Ti aktivite youtyoub la: Matisan! Dantan l, demen l - Haiti

1. Ki moun te konn vizite lotèl sa a? 2. Ki moun istorik te konn vizite kote sa a? 3. Ki ameriken te konn ale nan zòn nan? 4. Mas pyebwa yo fè kisa pou anviwònman an? 5. Kisa leta ayisyen vle devlope Matisan? 6. Ki kalite jaden yo vle mete la?

Page 21: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

21

Deba bon pou devlope kreyòl! Sijè deba: 1. Lagè nan Afgànistan 2. Refòm sistèm sante 3. Enstalasyon baz militè ameriken aletranje (Kore, Japon, Almay, Ayiti...) 4. Kontwòl zam Chapit 8, Woben Lakwa Keksyon pou pratike vokabilè:

1. Gen yon bann ak yon pakèt kisa sou latè? 2. Kote w ap jwenn yon ti dlo dous pou bwè? 3. Ki kote ou konn layiti kò w? 4. Ki sa ou renmen san bòn? 5. Kijan ou dezannouye tèt ou? 6. Ki moman te pi move sitiyasyon nan lavi w san di petèt? 7. Ki anvi enposib ou konn genyen? 8. Ki jan ou kontante w? 9. Kisa ki wonje w? Kisa ki anpeche ou dòmi? 10. Kilè ou dosil anpil? 11. Ki kalite moun ou gen alantou w?

Keksyon pou kominikasyon kreyòl:

1. Dekri aktivite Woben nan chapit sa a. 2. Kisa Woben vle bati nan chapit sa a? 3. Ki wòl relijyon/espirityalite genyen nan lavi Woben? 4. Ki pwoblèm Woben genyen ak anplasman kay li? 5. Ki manje ak bèt Woben te twouve nan detou/virewon li yo? 6. Poukisa Woben rele kay li yon ‘swadizan prizon’ ?

Page 22: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

22

Dekri moun ak bagay nan imaj sa yo:

Page 23: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

23

Eseye asosye imaj sa yo avèk sa k te pase nan Woben Lakwa?

Page 24: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

24

Page 25: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

25

Page 26: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

26

Chapit 9, Woben Lakwa 1. Kilè ou vin kagou? [tris… pa anfòm… bouke] 2. Kisa ki izolman? Eske ou te janm soufri sa? Ou pou kont ou… sèl

3. Ki lè moun kriye kou yon timoun? 4. Kisa nou mete nan fon kè nou? 5. Kisa ou fè ak levye ak woulo? 6. Ki lè ou pè? 7. Kisa nan lemonn tèt anba? 8. Ki lè ou santi ou byen/mal? 9. Kisa ki nan kagezon ou? 10. Ki lè w chagren? 11. Kisa ou pa kapab briding menm menm?

“Sòti nan” / “Sòti _”

1. lè l t ap sòti nan kabin ni 2. pirat tik ki te sòti nan vil Sale 3. mwen te genyen pou m te sòti nan lesklavaj la 4. Li te sòti nan pozisyon sidès 5. pou m te sòti nan kwen pèdi sa a

http://translate.google.com/#en|ht| I come from France. Mwen soti nan Frans. I come from Haiti. Mwen soti _ Ayiti. I come from the U.S.A. Mwen soti nan U.S.A.

Page 27: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

27

I come from England. Mwen soti nan Angletè. I come from the United States. Mwen soti _ Ozetazini. I come from Trinidad. Mwen soti nan Trinidad. I come from Italy. Mwen soti nan peyi Itali. I come from China. Mwen soti _ Lachin. I come from Germany. Mwen soti nan peyi Almay. Kesyon sou chapit 10: 1. Kijan Woben konbat chalè a nan chapit 10? 2. Kisa l simen? 3. Kisa Woben mete nan bato li a pou pwoteje pwovizyon ak minisyon l yo?

4. Kisa Woben deside fè nan chapit la? Ki pwoblèm li kontre? Kisa l fè pou l sove tèt li?

5. Kisa Woben fè apre l tounen? Kijan l santi l? 6. Ki bwi reveye l? 7. Tradui an angle: “Ala kontan m ta kontan...” 8. Ki gwo sezisman Woben genyen nan bout chapit la?

Page 28: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

28

Chapit 11, Woben Lakwa Batay vokabilè – ou dwe bay yon sinonim apwopriye (Benn se jij la) epi ou dwe egzanplifye mo a nan yon fraz Lekontrè Efreyan (N) Kreyati Touye m rache m... [no matter what] (N) Detrès (N) Frison M twonpe m Tann yon pyèj Mwen te remete l sou pye (N) Longvi Pou depatya m Venkè (N) Zo tèt (N) Zòsman (N) bagay efreyan festen Veyatif (N) Twoupo (N) Katyapika / katchapika [dagger] (N) Dyenn Pantan (N) Rejwisans sanginè

Page 29: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

29

(N) Pant Rasanble kole-kole (N) bagay makawon (N) anbiskad Keksyon pou kominikasyon 1. Woben te pè ki trètman? 2. Ki pwoblèm kabrit li yo te genyen lè l te pati

pandan plizyè jou? 3. Èske Woben t ap toujou tire sou kabrit sovaj

yo? 4. Ki aktivite Woben te antreprann yo nan

chapit sa a? Pouki li te fè yo? 5. Ki bagay Woben twouve ki espante l anpil?

Ki reyaksyon ou ta genyen? 6. Pouki Woben vin pi veyatif? 7. Si ou ta kontre ak Woben, ki jan li sanble? 8. Depi dekouvèt li, èske woben ap chanje?

Page 30: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

30

Chapit 12, Woben Lakwa

• Ameriken touye gwo kantite moun • ‘Sovaj’ touye ti kantite epi li ‘sakralize’/ ‘rityalize’ zak la. Eske se pi imen?

1. Kisa ki fè tout plim leve sou do Woben... e ou

menm? 2. Eske mès yo ‘konwonpi’ ak ‘dyabolik’ vre? 3. Ki reyaksyon koze kannibal pwovoke nan

Woben? Ki reyaksyon sa pwovoke nan ou menm?

4. Kijan laperèz afekte Woben? Kisa l fè ak gwo prekosyon konnya?

5. Ki kote Woben mete rezèv li? Pouki? 6. Eske plan Woben se yon lejitim defans? 7. Dekri sèn nan avèk endyen ki sou plaj la. Sa k

rive? 8. Kisa nouvo zanmi li fè ki fè l pouse kèk eklari?

Page 31: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

31

Pratike vokabilè yon jan kominikatif: 1. Ki keksyon w ap poze tèt ou? 2. Ki tantasyon ou santi? 3. Bay kèk aktivite òdinè ou konn fè lendi yo 4. Sa k ba ou chèdepoul 5. Ou fèt pou fè kisa nan lavi a? 6. Kisa ou konn fè ak ladrès? 7. Eske yon moun/bagay te janm rapouswiv ou? 8. Ki bagay kapab kraze nan miyèt moso?

Ti dikte:

Tout panse sa yo te tèlman sakaje sèvèl mwen, yo te tèlman fò nan tèt mwen, yo te fin pa deranje trankilite mwen te santi depi m te fin reziye m pou m te rete sou kont Gran Mèt la. Mwen pa t kapab wete lide m sou pwojè vwayaj sa a: sa te ban m yon anvi tèlman fò, li te depase fòs rezon mwen. Pandan dezèdtan ankò pasyon sa a te pati avèk tèt mwen; li te tèlman domine m, sa te fè tout san nan venn mwen bouyi kòmsi m te gen lafyèv; men, fatig lespri mwen te santi apre ajitasyon sa a te lage m nan yon pwofon somèy.

Sèl mwayen pou m te reyalize plan m nan avèk siksè, sete pou m ta mete men sou yon sovaj kèlkonk. (pp. 76-77)

Page 32: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

32

Chapit 13, Woben Lakwa Sèvi ak imaj la pou jwenn mo ki nan chapit la Ki asosyasyon imaj la genyen ak Woben Lakwa?

[kabicha] [mouskè] [babako]

+ [zegwi ak fil] [yon bonèt ak po lyèv] [lyèv]

[zo tèt] [tribi] [Espayòl: avantirye kriyèl]

Page 33: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

33

[Benakmouke = Bondye] [ledyab] [ledyab]

[Karib / Karayib] [‘bon kretyen’ ti zanj] [kanon]

Ki kote ou sere nepe a? [poudakanon] [dyenn] [Lespri Sen an]

Page 34: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

34

Keksyon sou Woben Lakwa, 13

1. Poukisa Defoe devlope koze ‘sèvitè’ / ‘mèt’ nan liv la? 2. Dekri aspè fizik Vandredi. 3. Bay sinonim pou mo ‘kannibal’. 4. Èske Woben te pè Vandredi? 5. Kisa nou aprann sou nasyon Vandredi a? Ki moun yo te akeyi

lakay yo? 6. Kijan Woben dekri relijyon kretyen? 7. Ki pwoblèm Vandredi genyen avèk teyoloji Woben an? 8. Eske Woben se yon ‘bon kretyen’? 9. Eske Woben gen rezon? Eske yon sèl relijyon kapab pi bon pase

yon lòt? (Eske moun ki pratike esklavaj epi chache sèvitè gen ‘bon relijyon’?)

10. Pouki woben pran distans ak Vandredi?

Page 35: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

35

Chapit 14 – 15, Woben Lakwa (16-dènye mo pou lendi) Ti dikte:

1. M te wè l tèlman fèb nan yon pwen kote ata kanpe l pa t ka kanpe (92)

2. Grasa Dye epi chans, tout zile a te rele m chè mèt, chè mètrès (96)

3. Li pa t posib pou lòm vomi dife ak loray konsa (97) 4. Lèzòm pa toujou rekonesan; pafwa lè yo aji, se pa daprè

sèvis ou rann yo, men daprè pwòp enterè yo (98) 5. Sa pa t anpeche m santi yon ti krent ki te mande m pran

distans mwen san m pa t konn pouki (101) Devine mo a [14]

1. Se pou gide yon batiman 2. Espresyon ki asosye ak Desalin epi ki vle di travay di 3. Lè ou montre fidelite ak atachman. Se d... 4. Se lè ou pa ka tounen lakay ou. 5. Se yon zouti ki ede yon moun wè lwen 6. Se yon moun ou pa konnen 7. Lè ou kouri dèyè yon moun ou f... 8. Lè ou etone yon moun, ou fè l sezi... ou ba l yon k... 9. Se yon lòt mo pou kannòt. Se yon ko... 10. Ou vin fou, ou pèdi l...

1. [gouvènay] 2. [degaje tankou mèt Janjak] 3. [devouman] 4. [egzil] 5. [longvi] 6. [enkoni]

Page 36: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

36

7. [fann dèyè l] 8. [kousiprann] 9. [koralen] 10. [larezon]

Reponn keksyon yo [14]:

1. Ki pi gwo rèv Woben genyen? 2. Ki konpòtman Vandredi genyen ak Woben? 3. Konben tan Woben gentan pase sou zile a? 4. Kisa ki estomake/etone Endyen yo? 5. Poukisa Defoe rele batay la yon ‘konba gason pa kanpe’? 6. [Chapit 15] Ki bagay Woben ak sèvitè l yo ap prepare

nan chapit 15? Kisa yo vle fè? Kisa Espayòl la konseye l fè? Ki pwovizyon yo dwe genyen?

7. Ki doulè papa Vandredi genyen? Ki remèd yo sèvi avè l pou ede l?

8. Ki bagay fè Woben pè ak koze vwayaj Espayòl ak papa Vandredi a? Kisa li vle pou lòt Espayòl yo fè?

9. Ki gwo boulvèsman pase nan fen chapit 15 lan? Fè yon ti sèn teyat ak patnè ou Vandredi ak Woben Woben ak Espayòl la Vandredi ak papa l ‘Sovaj’ yo ak papa Vandredi

Page 37: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

37

Sa sa ye? Esplike an kreyòl

Page 38: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

38

[Pase swaf ou / Rekonesan / Yon branka / Ti bit Li febli / Yon chita koze / Tonbe mòrèd Bouwo / Lepè a – grandèt / Barik / Soufri wòd Simen tout plan / An souryan]

Page 39: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

39

Chapit 16 – jiska fen an Tradui an angle:

1. Nou te atann nou aske lanmò pran n anvan lontan. 2. Se fòse lòt yo te fòse yo. 3. Ennmi mwen te rankontre nan lepase yo. 4. ...jwenn mwen an pasan pa kèk chemen dekoupe. 5. Kaptenn nan te desounen kanmarad li a. 6. Li pa t mete dlo nan bouch li pou l te repwoche yo.

Chapit 16

1. Ki moun ki pi neglijan e pi parese ki egziste sou latè? 2. Sa te glase tout san nan venn Woben? 3. Kisa ki “sanfwa”? Ki moun bezwen l? Eske ou genyen l? 4. Nan selera angle yo, pouki gen 2 kaptenn rele “ka pèdi”? 5. Eske Woben ak kaptenn vle epaye lavi selera yo? 6. Ki pinisyon tann prizyonye yo?

Chapit 17 7. Ki plan yo genyen pou yo kenbe selera yo? 8. Ki wòl Vandredi te genyen nan plan an? 9. Kisa selera yo panse sou zile a?

Chapit 18 – dènye mo 10. Konben “lennmi” ki genyen nan liv la? Kisa sa

revele? 11. Ki riz yo genyen pou twonpe selera yo? Ki riz ou

sèvi avè l? 12. Sa k rive lè yo reprann bato a?

Page 40: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

40

13. Èske Woben, kaptenn ak kontremèt renmen vèse san?

14. Ki lide teyolojik Woben genyen apre l pati kite zile a?

Page 41: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

41

Pouki sa w pa pale manman – Manno

1. Kisa ki eksplwatasyon? 2. Kisa ki kalvè a? 3. Kisa ki “tyoul blan”? 4. Ki sa ki mesaj chante a?

Chapit 1, Pale kare, Rony Joseph Marye de kolonn yo.

1. Moun nan pa gen moun pou pran swen l. L ale a tout boulin

2. Woule ak gwo vitès. Li about ak kò l.

3. Moun nan alèlè, li fyè, li egoyis. Li achte figi yon moun

4. Malè sou malè. Li aladeriv 5. Flate yon moun. Sa mete

abse sou klou 6. Ou di sa pou montre pitye [Adje podjab!] 7. Ou mouri, ou prale... [Peyi bwachat] 8. W ap mache an kachèt. [Alawonyay] 9. Ou rilaks, ou bon, w ap tchil. [Alèz kou blèz]

Page 42: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

42

10. Yon pyèj, yon pèlen. Tann yon pyèj [Yon atrap nigo] Ranpli espas vid la:

1. Se yon avantaj bab e ____________ [moustach] 2. Nou pou kont nou, n ap pale ann ___________

[apate] 3. Move sitiyasyon, ou an _____________ [degraba] 4. Maryaj yon wa se yon evènman an gran ___________

[panpan] 5. Moun nan abiye byen, li an plim de __________ [pan] 6. L ap aji an sekrè, anba _________ [chal] 7. Sitiyasyon l ap vin pi mal, mete bab ou _________

[bab... alatranp] 8. M kontre rival mwen ______ ______ _______ [bab

pou bab] 9. Se istansil nan kizin, se ________ kizin [batri] 10. Li kontwole simityè a, se ________ ___________

[Bawon Samdi] 11. Kraze libète lapawòl se bay ______________

[baboukèt]

Page 43: I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwaufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00009/wobenlakwaaktiviteyo.pdf · Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan dlo; lòt

43

Sèvi ak espresyon sa yo pou rakonte yon istwa, fè yon deskripsyon, bay yon definisyon, oubyen pratike kreyòl la.

• bay demwatye • bay gabèl • bay koutlang • bay kout pitit • bay kwochèt • bay legen • bay ponya • bay poto • bay piyay

Dekouvri mo ki manke a!

1. Rezon pou anpeche maryaj: [ban maryaj] 2. Ou pa fidèl ak menaj/mari/madanm ou [bay zoklo] 3. Bannann plati [bannann peze] 4. Li blan, li pòv. [blan mannan] 5. Li travay nan kamyon, men l pa yon bèf.[bèf chenn] 6. Li renmen pale franse twòp. [bouch pwenti] 7. Li pa gen dan menm [bouch fobo] 8. Ou gen vyann nan dan ou, ou bezwen... [bwa dan] 9. Ou pa konnen, ou pa gen rezon. [bwè pwa]