pÒtoprens o tan prezan - potomitan.info · plase se yon vèb ki pa konjige tankou vèb renmen...

67
© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen 1 PÒTOPRENS O TAN PREZAN Yon kapital pa tankou lòt, Yon peyi anndan Ayiti, Peyi kote dezespwa se sèl espwa, Peyi kote lanmò alamòd tankou lesefrape. Lajounen vin pi danjre paske plis dyab pran lari Lannuit menm, tout jenn fi oblije dòmi San pantalèt pou pa gen kont ak Mèt Minui, Lè l pase vizite san l pa avèti. Pòtoprens se kapital kote fatra anpile tout kote Annatandan yon politik pou yo privatize. Nan peyi Pòtoprens, bouch pa pale tout koze: Li pa ka pale de dwòg, zenglendo, kidnapè Nan kapital peyi raketè, Kapital ki gen plis mayengwen sou latè Ou pa konn sa k mal ak fenmèl lè y ap vole Men ou ka pale de fatra k anpile tout kote, De moun k ap pise nan chak kwen ou pase. Nan peyi Pòtoprens, depite ak senatè lachanm Toujou byen kostime anba gwo chalè 90 degre. Anpil analfabèt men pa konprann yo fin bèt. Y aprann trapde tout teknik soudevlopman: Teknik pou pa vote premye minis konsekan Si pa gen mouvman lajan avan, Tenik pou bòykote pwojè lwa pou devlopman, Teknik pou fè anpil lajan de tan twa mouvman, Tenik pou pran kontak ak gwo komèsan Pou grese pat yo sekrètman Pou pa vote lwa k ap favorize ti peyizan. Wi! Pòtoprens se kapital politisyen makiye Ki pa gen oken plan pou Ayiti devlope. Pòtoprens se sèl kapital ann Amerik ki Gen demokrasi san ipokrizi pou kochon: Yo lage san kòd nan tout lari; Y ap raboure, manje, fè bri Y ap kouri pase devan lameri, Defile devan tout anbasad etranje Pou fè piblisite pou Ayiti Cheri aletranje. (Emmanuel W. Védrine) Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

Upload: vohuong

Post on 10-Nov-2018

292 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

1

PÒTOPRENS O TAN PREZAN

Yon kapital pa tankou lòt,

Yon peyi anndan Ayiti,

Peyi kote dezespwa se sèl espwa,

Peyi kote lanmò alamòd tankou lesefrape.

Lajounen vin pi danjre paske plis dyab pran lari

Lannuit menm, tout jenn fi oblije dòmi

San pantalèt pou pa gen kont ak Mèt Minui,

Lè l pase vizite san l pa avèti.

Pòtoprens se kapital kote fatra anpile tout kote

Annatandan yon politik pou yo privatize.

Nan peyi Pòtoprens, bouch pa pale tout koze:

Li pa ka pale de dwòg, zenglendo, kidnapè

Nan kapital peyi raketè,

Kapital ki gen plis mayengwen sou latè

Ou pa konn sa k mal ak fenmèl lè y ap vole

Men ou ka pale de fatra k anpile tout kote,

De moun k ap pise nan chak kwen ou pase.

Nan peyi Pòtoprens, depite ak senatè lachanm

Toujou byen kostime anba gwo chalè 90 degre.

Anpil analfabèt men pa konprann yo fin bèt.

Y aprann trapde tout teknik soudevlopman:

Teknik pou pa vote premye minis konsekan

Si pa gen mouvman lajan avan,

Tenik pou bòykote pwojè lwa pou devlopman,

Teknik pou fè anpil lajan de tan twa mouvman,

Tenik pou pran kontak ak gwo komèsan

Pou grese pat yo sekrètman

Pou pa vote lwa k ap favorize ti peyizan.

Wi! Pòtoprens se kapital politisyen makiye

Ki pa gen oken plan pou Ayiti devlope.

Pòtoprens se sèl kapital ann Amerik ki

Gen demokrasi san ipokrizi pou kochon:

Yo lage san kòd nan tout lari;

Y ap raboure, manje, fè bri

Y ap kouri pase devan lameri,

Defile devan tout anbasad etranje

Pou fè piblisite pou Ayiti Cheri aletranje.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

2

AYITI BEZWEN DYASPORA

Peyi d Ayiti gen bezwen nou tout se vre

Men li pa prepare pou li ban nou manje

Se nou Dyaspora k ap eseye sipòte l

Dekwa pou gwo van ekonomik pa bwote l

Si n deside retounen al viv Ayiti

Fò nou chita panse, fò n prepare pou sa

Peyi n pa pare pou resevwa Dyaspora

Serye k ap panse pou demen, pou tout tchovi

Menm kan nou santi n prepare pou al ede

Pa panse y ap apresye ide n pral pote

Pase gen yon dal raketè ki deja la

Y ap fè tout fason posib pou kanpe an kwa

Anpil Dyaspora prepare pou t al ede

Men nan ki chemen tchovi sa yo pral pase?

Ki estrikti n konnen ki la deja sou pye?

Donk fò nou vin reyalis si je nou klere

Men nou pa dwe janm panse lage Ayiti

Okontrè fò n travay di, panse, reflechi

A pi bon mwayen nou kapab pote kole

Nan kèlkeswa nivo, domèn n ap fonksyone

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

3

VÈB RENMEN

Vèb anmè

Vèb brak

Vèb dous

Vèb dwòl

Vèb egoyis

Vèb enkwayab

Vèb inesplikab

Vèb rak

Vèb sovay

Vèb ki bay kè kase

Vèb ki bay kè kontan

Vèb ki bay tèt chaje

Vèb ki bay touman

Vèb ki bay vant bouyi

Vèb ki fè cheve tresayi

Vèb ki fè moun depale

Vèb ki fè moun fè jalouzi

Vèb ki fè moun kriye

Vèb ki fè moun pantan

Vèb ki fè moun ri

Vèb ki fè moun suiside

Vèb ki fè moun tranble

Vèb ki gen manti

Vèb ki gen verite

Vèb ki ka fè moun fou

Vèb ki konjige a de

Vèb ki konplike.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

4

VÈB PLASE

Plase se yon vèb ki pa konjige

Tankou vèb renmen oubyen vèb marye.

Nan vèb plase, pa gen siyen kontra

Pa gen siyen papye devan leta.

Tan lontan, nan anpil ti sosyete,

Tout moun te konn ap pale de plase.

Hot sosyete yo pale de maryaj

Menm si yo kontinye viv nan plasay.

Andeyò, peyizan di w yo plase

W ap jwenn kèk ladan yo ki konn marye.

Yo pa fè oken diskriminasyon

Menm jan ak moun hot sivilizasyon.

Men moun ki soti nan hot sosyete

Toujou pretansye, toujou ap blofe

Anpil ladan yo toujou nan plasay

Menm si yo toujou pale de maryaj.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze Lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

5

VÈB MARYE

Wi, ou mèt deside marye

Si ou kwè lanmou egziste

Ou mèt marye si ou damou

Marye si w kwè nan vrè amou

Kèk moun marye pou renome

Gen sa k marye pou kras manje

Genyen k marye pou relasyon

Pi devan yo konn fè tansyon

Gen moun ki marye pou lajan

Men yo pral bwaze pi devan

Kèk moun marye pou enterè

Men yo pa janm ka viv an pè

Kèk moun marye pou sosyete

Men yo pa t damou tout bon vre

Kèk moun marye pou rezidans

Pou yo ka jwenn yon delivrans.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze Lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

6

DE FLÈ NAN JADEN LAVI

Mwen sonje lè reyon solèy la

Te frape sou flè solèy ou

Kòman l te blayi toutouni

Pou fè myèl mwen jedou

Pandan l t ap vonvonnen nan w van lespwa

Epi l vin poze sou li

Yon gwo apremidi

Kote l t ap dodomeya

Men yon nyaj pase li bare je solèy la

Epi flè sa a fèmen bèldriv

Lavi a ban m payèt

Prentan m fleri flè kenèp mal

Lespwa m tenyen

Tankou yon flè dizè.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

7

DÈNYE LENDI

Se dènye lendi mwa Jiyè.

A nevè dimaten,

Plaza de Anaya byen kalm nan Salamanca*

Ou ka tande sèlman son klòch

Ansyen Katedral la k ap sonnen nèf fwa,

Ki fè m sonje klas ou genyen an

Ki kòmanse a nevè

Gen yon moun ki manke

Yon moun pa t grenpe ti mòn Calle Tostado jodiya

Oubyen ti mòn Cueva De Salamanca

Pou chankre sou Calle San Vicente Ferrer

Pyebwa Cueva De Salamanca yo tris

Akoz absans

Lonbray remakab ou ki ta

Mouvmante nan pa yo ki ret an plas

Pou kreye amoni.

Li kalm anpil akoz absans ou

Pa tèlman gen anpil machin

K ap desann Calle San Pablo

Bò San Polo,

Otèl kote ou kite mak pye ou

Sa gen de jou

Li kalm anpil nan ri Calle San Buenaventura,

Kote ki fè m sonje dènye avanti nou

Samdi maten a 8:50.

Tout sa pase konsa akoz absans

Lonbray ou bò andwa sa yo

Pou kreye lanmou ak amoni.

*Salamanca: vil espayòl sitiye nan nòdwès Espay.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

8

DESKRIPSYON

Ou kouche toulong

de zye fèmen

kòmkidire w ap di:

«Men kwa manman w, men kwa papa w

vin pile l si w kapab,

Men mwen, pran m si w kapab!»

Men, yon lago k ap dodo:

san kouri san kache byen repoze,

yon bwalong ou bay kenbe

Ou layite w byen santi bon ouvètman

kòmkidire w ap jwi yon bon jan van

Lonbray ou sanble silouwèt Mona Lisa

mwens pati sekrè Davinci pa t pentire a

Ou sanble tèt koupe ak Èv lè l te inosan,

l ap repoze l jan lanati te kreye l, san pantan

Ou sanble tèt koupe ak Rèn Anakawona,

pi bèl fanm yo dekri nan Istwa d Ayiti Toma

Dan w yo, kouwè pa Choukoun

men pi bèl pase ivwa, koze presye ki atire tout moun

2 Piramid ou yo, ki pa tèlman kout,

sanble kou de gout dlo ak pa Choukoun: byen doubout

Ou se vrè richès lanati te kreye,

tout yon min ki p ap janm fin epuize.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

9

DOUZ LIY POU LI

Si w santi w fatige

Vin repoze nan bra m

Si w vle kabicha

Vin apiye sou zepòl mwen

Si w fatige ak lavi

M ap ba w yon plas nan kè m pou repoze

Si w santi w swaf nan lavi a

Mwen se fontèn kote w ka bwè

Vin bwè dlo m pou koupe swaf ou

Si pesonn pa vle tande kri kè w

Zòrèy mwen tande soufrans ou

Mwen pre pou reponn priyè ou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

10

FANM AYITI (akostich pou fanm lakay)

Fanm Ayiti ap fè dal mèvèy depi lè

Amerik panteko anba grif atoufè

Nou dwe bat anpil bravo pou Fanm brav sa yo,

Merit pou tout rezistans dyanm Fanm Kreyòl yo

Anakawona, ou menm Rèn brav Kiskeya,

Yanvalou pa ta sifi pou danse pou ou

Imaj pozitif bravou ou sèvi miwa

Tchovi Ayiti Cheri pou gade lespwa

Istwa d Ayiti ap toujou nonmen non ou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

11

FANM KREYÒL

Fanm nou yo bèl tout bon!

Wifout! Se Fanm orijinal!

Gade souri nan vizaj yo!

Gade taye banda yo!

Ann bat bravo pou Fanm sa yo:

Yon seri Fanm ki wè lwen,

Fanm ki gen rèv pou demen.

Chak kou nou wè y ap lite pou sa chanje,

Ann voye yo monte

Bat bravo pou yo

Epi sipòte yo.

Bat bravo pou tout Fanm Kreyòl k ap simen plan

Espwa pou boujonnen chanjman.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

12

FANM LAKAY

Lakay gen bèl kreyòl

Lè m di kreyòl

Se yon fason de pale

San m pa egzajere

Gen bèl mango fransik

Ki gen bonjan sik

Yo fè w grate tèt

Ou santi w ta fè yon sousèt

Ay! Yo gen w chalè twopikal

Tankou yon bagay ki te fèmen nan bokal

Fanm lakay bwòdè

Yo mache tèt anlè

Pafwa yo fè w fè anpil literati

Avan yo resi di w wi

Yo konn fè w mache

Jouktan w vin yon pyepoudre.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

13

CHALBARI DÈYÈ SAVE RAKETÈ!

Moun sa yo toujou pre pou kritike

Men yo pa janmen kreye pou ede

Ayisyen pote premye pri nan sa

E se youn nan rezon peyi n konsa

Si w bezwen yon lis revolisyonè,

Frè ayisyen ta pote labanyè

Men, revolisyonè ak plim nan men

Moun k ap grate santi, san fè anyen

Konbyen revolisyonè Ayiti

Ki konn sekle, plante, apre ekri?

Men yo ka kritike, janmen kreye

Yo konn pale franse se yon metye

Peyizan nou yo pa moun egare

Yo konn pale franse pa bay manje

Donk anpil save tounen raketè

Filozòf blofè k ap tann blan vin fè

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

14

AYITI PÈPÈRIZE

Eleksyon pèpè

Enstitisyon pèpè

Espwa pèpè

Kandida pèpè

Kochon pèpè

Konsyans pèpè

Lajan pèpè

Jandam pèpè

Lapolis pèpè

Legliz pèpè

Lekòl pèpè

Leta pèpè

Desizyon pèpè

Lide timoun pèpè

Manje pèpè

Misyonè pèpè

ONG pèpè

Pati politik pèpè

Plan devlopman pèpè

Premye minis pèpè

Prezidan pèpè

Pwodui pèpè

Pwojè devlopman pèpè

Rad pèpè

Rèv moun pèpè

Soulye pèpè

Tout bagay pèpè…

Elas!

Ayiti ap viv nan pèpèrizasyon!

Kilè l va depèpèrize?

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

15

ÈSKE NOU GEN DESANDAN?

Anakawona te gen desandan

Kawonabo te gen desandan

Tousen te gen desandan

Desalin te gen desandan

Chalmay Peral te gen desandan

Benwa Batravil te gen desandan.

Wi, nou ka pale de eritaj yo.

E lidè raketè Ayiti yo?

E nou menm Ayisyen ki temwen?

N ap mande ki pichon ki tonbe sou Ayiti

Kisa k lakoz anpil nan nou pa gen desandan?

Epi tout moun ap di:

Depi lontan, Ayiti te yon peyi dan griyen

Kòmkidire pwoblèm politik yo

Pa t janm rann li mazora.

Konpatriyòt, fè yon reflechi sou sa:

Konbyen dan ou genyen?

Èske nou gen 200 dan?

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

16

FANM MARABOU

Fanm marabou jansiv vyèlèt,

cheve ou fè lonbray mwen.

Bèl ranmye

koulè dore

je chandèl

vin poze sou bra w yo

pou chache lavi.

Bèl marabou,

se ou menm ki te prete

Wa Kristòf parasòl ou

pou l pare solèy,

pou l te chita pran repo

lè enkyetid te anvayi kè l.

Marabou bèl po

po vlou

po fen

ou pa tonbe pou okenn nèg

ki damou

tèlman ou konnen w bèl

tèlman ou gen ògèy.

Men malgre tou,

ou fè bote lakou

kòm fanm marabou.

Lè van ap vante,

kè ou pa sote

ou kanpe dyanm

paske ou konnen ou p ap tonbe.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

17

FILALANG LANMOU

Yon tifi k te damou pou yon ti nèg

Ti nèg la mande l poukisa l renmen l

Manpzèl di l pa konnen

O o, ti nèg di l p ap renmen

Li pa nan badnen

Fò li konnen dekiprevyen

Ti kòmè a chita l ap plenyen

Finalman, yo vin fè on ti renmen

Lago bijou vin met pye

Ti fi a panse se tout bon vre

Nan bay sigo,

Fè tolalito,

Fè lago,

Toulede al bouche

Menm kote.

Ti nèg la wè l mele

Tout bon vre

Lè tifi a pran sa oserye.

Misye pa ka kraze sa konsa konsa

Pou tifi a pa wè sa

Tanzantan li di l ap lage sa,

Anpil fwa l renka renka

Ti kòmè a chita l ap plenyen

Tankou yon moun ki p ap byen mennen.

Chak lè misye di l ap kraze sa.

Tifi a di ann fè yon pale sou sa,

Ann reflechi sou sa.

Yo kontinye ap bay sigo,

Fè menm tolalito

Lago bijou kontinye

Y al bouche menm kote

Kòmsi se de moun je pete.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

18

FILE

Mwen p ap file ou

Se jis pale m ap pale ak ou

Mwen pa vin fè jakopyevèt

Monte desann, ekri yon dal lèt

Gen file k sou blòf

Yo konn menm eseye fè twòp

Monte desann

Jouktan yo tounen pwatann.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

FILE SE YON LOTRI

File se yon lotri k dwòl

Dèfwa w jwe l ou soti

Dèfwa w jwe l ou pèdi

Men sa k bon ladan l

Sèke w pa bezwen peye

Boul yo anvan tiray

Son w lotri k dwòl:

Ou pa konnen lè w ap soti

Ou pa konnen lè w ap pèdi

Men fò w jwe l pou genyen

Tyala file dwòl,

Li ka reze w.

Ou ka reve bèt volay,

Ou jwe vennkat

Epi karannde fè lo

Ou pa janm konnen ki boul

K ap fè premye, dezyèm, twazyèm lo.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

19

FLÈ SOVAY

Tankou yon tè sèk

K ap tann dlo k sot nan syèl,

Ou se lawouze k ka wouze l.

Tankou yon chamo k swaf

K ap mache plizyè kilomèt nan yon dezè,

Ou se owazis kote l ka bwè.

O, flè solèy san jaden

Jaden san jasmen!

Myèl san rich k ap vole nan sezon prentan

Poukisa w pa vonvonnen

Nan flè m kounyeya?

Woz nan granchemen,

Poukisa w refize fleri nan jaden m?

Ou ka devine kòman w

Enpòtan pou mwen?

Eseye panse a yon bagay

Ki endispansab pou ou

Miltipliye l pa mil

Epi ajoute pwodui a

Sou santiman lanmou

Ou pa janm gen nan vi w

Rezilta a se kòman m panse a ou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

20

GEN DEFWA M SONJE W

Gen defwa m sonje w

Mwen reve m wè zye m tounen yon lak

Epi m ap naje ladan l

Mwen vire gade w

Yon toudisman pran m

Mwen wè sèt zetwal

Toubouyon w pran m, li vire m tounen

Li pote m bò antounwa l epi l vale m

Gen defwa m sonje w

Mwen sonje souri Mona Lisa

Men kout kreyon Davinci sa a pa ka wè la

Mwen wè w an dirèk

Gen defwa m gade w

Mwen santi m ta voye

Satelit mwen nan planèt ou

Pou al keyi zetwal lanmou pote ban mwen

Gen defwa m sonje w

Mwen wè se nan planèt ou menm m ta al viv

Pou respire yon lòt lè, pran yon lòt sansasyon

Gen defwa lè m pran sant flè w

Nan sezon prentan

Kòlè m monte m

Mwen santi se myèl mwen m ta voye souse l

Pou vin met siwo sou gato m.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

21

JOU PA OU

Lemonn te kontan yè

Paske se te lavèy anivèsè ou

Lemonn kontan jodi a

Paske ou te fèt jou sa a

Se sa k fè y ap selebre konsa

Epi koudyay sa a va kontinye chak jou

Sot lendi rive dimanch

Pou kontinye fete jou espesyal sa a

Bòn anivèsè

Jodi a!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

KÈ M AK OU MENM

Nan chemen lavi

Mwen kontre ak yon moun

Yon moun ki fè kè m palpite

Yon moun ki fè m pa ka dòmi

M pa konn kijan pou m esplike sa …

Petèt se souri l

Fason l pale ak mwen

Oubyen pasyans mwen genyen

Paske m renmen l

Petèt se fason l esprime santiman l

Oubyen pasyans mwen genyen

Paske m renmen l

Petèt se fason l esprime santiman l

Oubyen eklè je l

Lè l ap pale ak mwen

Moun sa a se ou menm,

Yon moun ki nan fon kè m.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

22

KILÈ W AP RETOUNEN?

Ou kite m san okenn souvni,

ou kite m san yon ti bo.

Fason ou konpòte ou

ban m lapenn

ak tristès.

Ou kite m pou kò m

epi ou fè m rete ap tann.

Kounyeya, ou tankou yon zwazo

k ap vole nan syèl la

san okenn nich.

Sa k pase ou pitit?

Kote pwomès ou yo?

Di m sa k pase,

kilè w ap retounen?

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

23

KOUDETA NAN LAKOU AYITI

Koudeta Ayiti, peyi soudevlope

Se plis pwoblèm pou demokrasi pa mache

Se tèrè ki monte tansyon popilasyon,

Toujou nan avantay zòt pou esplòtasyon

Tanzantan siklòn politik fè balizay:

Sètadi diktati, koudeta, dechoukay

Politisyen opòtinis yo renmen sa

Pou eseye pran woulib monte sou pouvwa

Ala traka pou peyi Ayiti Cheri!

Move nouvèl pou cheve nan tèt tresayi

Manipilasyon pou lajan fè san koule

Toujou pou kontinye plè peyi devlope

Nou wè gouvènman vini gouvènman ale

Zòt telegide yon bann move kò ame

K ap chire pit ant frè ak frè pou pran pouvwa

Yon teknik pou Ayiti pa janm fè yon pa.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

24

KOUTBA

Yon blofè

Dyòl bòkyè

T ap file yon ti kòmè

Se te yon tifi serye

Ke tout moun te respekte nan yon ti katye

Blofè a monte desann dèyè ti kòmè

Pou l wè sa l ka fè

Finalman yo vin renmen

Apre yo fin byen

Li voye mande pou tifi

Kote paran li

Bèl fèt òganize

Apre fyansay vin met pye.

Li voye òfèv vin pran mezi dwèt fi

Tifi tèlman kontan, li ri

Misye pase plizyè kote ak manpzèl

Pou bay yon avalwa sou mèb ki bèl

Bòs la di l apre twa mwa tout bagay ap pare

Manmzèl kontan, li wè se se tout bon vre.

Kounyeya li resi bay nèg limyè vèt pou l ale

Ay! Misye vin jwenn tout sa l t ap chèche.

Twa mwa vin rive

Ti lezanj lan pase kote bòs pou l tyeke

Bòs la di misye te pase pran lajan l

Depi lè a li pa janm wè van l.

Tifi a sezi

Li pa t janm konn si nèg la te pati.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

25

KOTE KOCHON KREYÒL NOU YO?

Zòt soti kote l soti, vin

Di nou yo gen lafyèv pòsin

Yon konbinezon matyavèl

Pou peyizan, move nouvèl.

Yo ban nou kochon grimèl yo

Pou n toujou rete esklav yo

Se vre yo di n analfabèt

Men nou konnen ke nou pa bèt.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon : «Ti powèm ayisyen oktosilab»

PERIPESI YON TI PÈP NWA

Pèp ki soti depi Lafrik

E ki ateri Amerik

Yo ki kase chenn lesklavay

Pou ka fini ak yon gwo tray

Pèp nwa ki premye fè listwa

Zòt te di se yo k pot sida

Y ap lage pichon dezinyon

Men fò nou pa pran nan presyon.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Ti powèm ayisyen oktosilab»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

26

KOWALISYON POU ELEKSYON

Poukisa kowalisyon lavèy eleksyon?

Malgre sa montre vre ide pou yon inyon

Men poukisa l pa t janm fèt depi byen lontan

Pou te travay tèt ansanm pou vrè devlopman?

Kowalisyon bon paske linyon fè lafòs

Lè l pa vle di estrateji pou jwenn gwo pòs.

Se vre, nou bezwen tètkole pou devlopman,

Estrateji pou Ayiti ta fè avan

Desalin te gen rezon fè kowalisyon

Ak ide pou te kwape kolon machwè won

Yon tètkole tou pou te kreye yon patri,

Yon peyi pou viv lib ki rele Ayiti

Depi desanzan nèg ap goumen pou pouvwa

Yo bon nan fè kowalisyon pou koudeta

Olye yo ta monte konbit pou devlopman

Sèl vrè mwayen pou Ayiti ka fè avan

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

27

LAFRECHÈ

Yon dam byen anfòm ap fè vayevyen

Yon samdi swa nan zòn Mache Anba

Depi dezèdtan l ap paweze la

L ap chache lavi anba magazen

Kamyonèt Site rete pou pran li

Li pa monte pase l pa pasaje

Mache fè l swe tankou pitit Bouki

Podyab, e dat lwaye pa lwen rive

Twa timoun pou bay manje, abiye

Lekòl pou peye ak liv pou achte

Nan yon peyi kote pa gen travay

Metye lafrechè egal esklavay

Lè yon ti lafrechè ap paweze

Pa konprann se pa li jis ap make

Se yon nesesite k pouse l fè sa

Se pa pou plezi l ap taye banda.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

28

LAGO AK LANMOU

Li rele lago

Mwen rele bijou

Epi l di lago fini, al bouche.

Mwen pwonmennen chèche l tout kote:

Anba, anwo, anlè, atè, lwen, pre …

Mwen pa fouti wè kote l kache.

Lè m resi wè m ap met men sou li

Tout san m tresayi:

Mwen espante

Kè m bat san rete

Mwen swe kou pitit kokobe.

Mwen rele: Lanmou! Lanmou!

Moun ki tande kri m panse m fou.

Lè m resi kenbe l, li bèl,

Pi bèl pase lakansyèl

Men, glise kou kalalou

Toujou yon jwèt lago bijou

Ki gen kouri, kenbe, lage, kache

Mwen reziyen m, mwen pran l jan l ye.

Pafwa m wè Lanmou nan rèv ap fè m filalang

Men lè m mache sou li pou ba l sigo

Li gen tan file rapido presto

Se toujou yon jwèt marèl, yon lago.

Lè m pati dèyè l je klè

Li file kou yon zeklè.

Lanmou son w jwèt lago bijou

Ki ka fè w fou si w pa pran tèt ou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

29

LAGO AK LAVI

Pafwa Lavi ban n payèt

Nou frape pye n atè pou fè wòklò

Apre n met de men nan machwè ap pouse katchil

Kòmkwa n vle rale bak tan pase

Pou ekzanminen dantan.

Tèlman panse n fè lakwobat,

Nou tanmen fè lago ak Lavi

N al kache pou l pran n si l kapab

Kòmsi n ka ba l sigo tout bon.

Li ri n kò pèdi jouktan l gen wòkèt

Paske l wè lonnvi je n

Pa vize kou fizi kout,

Nou bliye si n se flèch palmis.

Afòs nou reve,

Nou reve n vòlò peny Mètdlo

Nou menm reve n vòlò bonnèt Lakansyèl

Epi n ap fè laviwonn pyebwa avè l

Kòmkidire n ka pati ak li

Pou wè dekiprevyen chans nou.

Men ak tou sa,

Kafe n kontinye koule ak ma

Se dlo n ap bwote nan paswa.

Nou tanmen kalonnen Lanmè

Kòmkwa se revanj n ap tire ak Lanati.

Nou mache bobis pou n moke Lavi

Men l griyen trannde l lè l wè n pa konn danse

Nou panse n ka pase l nan rizib kòmkwa l mache bwete

San n pa menm gade si n mache drèt nou menm

Nou seye kase koub respè l

Pou krache kòlè n

Li lage gonmbo cho nan plan men n

Epi l rete tennfas

San l pa fè yon pa kita yon pa nago.

Li jouk kale nawè l sou nou

Lè l wè n antchipwèt pou pran douvan

Kòmsi se wout nou konnen.

Nou pran pòz koupe fache ak li

Nou menm wè l kòm yon chemen nou pa renmen

Men chwal nou al bouke kanmenm ladan.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon : «Pwesi abstrè»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

30

LAGO SAN KACHE

Mwen chita ap gade w la a

Tankou yon chat ki lemante yon rat

Tankou yon mantèg tou pre yon chat

Tankou yon papiyon tou pre yon lanp

Tankou yon zegwi tou pre yon leman.

W ap gade m

M ap gade w

Ou konn sa m ap panse

M konn sa w ap devine

W ap fè jwèt lago avè m

Epoutan w pa bouche

M ap reve w

Epoutan nawè m byen kale

Tankou je chat k ap kontwole rat

Ou sanble tèt koupe ak Choukoun

Je w klere kou chandèl

Nòde w ap boulvèse lanmè m,

Yon van ki rann li makawon

Vag mwen monte de sèt wotè

Epi… Epi w kontinye ap fè m filalang

Epi… Epi anyen.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

31

LANMOU SE YON FRI SAN SEZON

Li donnen nan epòk prentan

Li fleri nan nenpòt sezon

Gen lè l donnen epòk ete

Gen lè l fleri epòk otòn

Sa depann de chans pou jwenn li

Dèfwa ou ka wè l lè ivè

Dèfwa ou wè l nan tout sezon

Se yon fri ki donnen lè l vle.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Ti powèm ayisyen oktosilab»

LAVI SE YON POWÈM

Lavi se yon powèm

Bondye se yon powèt

Chak engredyan nan lanati

Se yon vèr

Yon seri engredyan kouwè:

Nonm, fanm

Fòme yon rim enteryè.

Dèfwa si chans ou kwaze on boubout

Sou chemen w

Epi nan pale pale,

Ou gen w seri aspirasyon marasa

Sa rele: rim kwaze

Pi devan nan fè ti karès matyavèl,

Ti bo alawonnzenga

Sa rele: rim anbrase

Lè tout bagay vin fèt:

Youn plis youn fè youn

Sa rele: rim antre mele

Lè lavi woz kou tomat,

N ap kontanple lanati

Sa fè bèlte powèm nan

Men lè bagay yo pa mache kòmsadwa,

Nou di: tonnè! Ala powèm raz se lavi!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

32

LAVI SE YON NECHÈL

Lavi se yon nechèl chaje ak kaka poul

Chak baro badijonnen rive jouk nan kou l

Sou chak baro yon moun mete pye l, li pantan

Lè l reyalize sa, li te gen tan fin pran

Ou ka wè Lavi kòm on pantalon san fouk

Lè w ap kalkile kèk sitiyasyon malouk

Chak grenn moun fè esperyans pa yo nan Lavi,

Bagay ki pou ta fè w kriye men dèfwa w ri

Gen moun ki wè Lavi tankou yon gwo lekòl,

Yon linivè kote chak elèv jwe yon wòl

Yon vrè lekòl kote youn aprann nan men lòt

Se sèl vrè lekòl ki pa genyen elèv sòt

Lavi se yon gwo liv tankou yon diksyonè

Ki defini prèske tout mo ki sou latè

Nou menm, elèv k ap sèvi tanzantan avè l,

Se tanzantan n ap wè sekrè k kache dèyè l.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Pwezi abstrè»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

33

LAVOUM POU YO!

Ala mechan lidè n yo mechan!

Yo pa respekte modòd zansèt yo

Ala sousou lidè n yo sousou!

Y ap respekte modòd zòt

pou kontinye toupizi yon pèp inosan

k ap soufri depi digdantan.

Ala vòlè lidè n yo vòlè!

Yo plen sak bidòl lajounen kou sole kouche

pou al sere aletranje

pandan pèp la ap tribiche anba Lavichè

k ap fè malere monte Mòn Fòfyèl pa do.

Ala blofè lidè n yo blofè!

Yo fè n tout kalte pwomès

pou eseye monte sou chèz boure a

pou al dodomeya.

Ala kout memwa lidè n yo kout!

Yo manje manje bliye

kou yo fin monte sou pouvwa

yo di pèp la pran nan twa wa.

Ala sanpidè lidè n yo sanpidè!

Yo pa fè anyen pou libere

peyizan ayisyen ki esklav nan batèy,

yo pa fè anyen pou zòt sispann lage chen

dèyè Ayisyen.

Ala mechan lidè n yo mechan

lè yo kontinye kite pèp la grangou, analfabèt

epoutan l pa bèt!

Ala kote gen lidè blofè sou latè,

lidè k merite vekse an laten:

lavoum, alolavoum

pou tout sa k met peyi a nan tyouboum!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon : «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

34

LÈ AYITI TE AYITI

Lè Ayiti te Ayiti,

Yo te rele l «La Perle des Antilles»

Lè Ayiti te Ayiti, yo te konn respekte Ayisyen.

Lè Ayiti te Ayiti,

Reken yo pa t konn fete.

Lè Ayiti te Ayiti,

Ayisyen te ti prens aletranje.

Lè Ayiti te Ayiti,

Zòt te konn sezi

Yo pa t konn meprize n

Yo te konn respekte n.

Lè nou al lòt bò dlo,

Nou pa t konn pran ti bato

Pou al peri nan dlo.

Tout kote n pase yo te konn bat bravo.

Lè Ayiti te Ayiti,

Ayiti Cheri te bèl nègès

Li pa t mèg

Men l te gen ti grès.

Lè Ayiti te Ayiti,

Moun te konn al Bisantnè

Pou al pran ti lè.

Lè Ayiti te Ayiti,

Yo te konn rele n

Premye Nwa ki trase chemen libète,

Premye Nwa ki konjige vèb libere,

Premye Nwa

Ki pote laviktwa

Nan batay pou libète,

Pèp Nwa ki bwòdè

Ki mache tèt anlè.

Lè Ayiti te Ayiti,

Ayisyen pa t konn pati

Al pran imilyasyon lòt peyi.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

35

LÈ FANM LAKAY DAMOU

Lè yon fanm lakay damou pou ou

Manmzèl ka vin fou

Pafwa l pa di w sa

Men l ap di yon bon zanmi l sa

Lè yon fanm lakay damou

Anpil fwa se yon vrè amou

Li pa bezwen konnen si dèyè w chire

Li tankou yon je pete

Anpil fwa se pa yon enterè l ap chèche

Se ka yon bagay nan ou li apresye

Li ka vle suiv ou toupatou

Paske l reyèlman damou

L ap fè nenpòt sakrifis ou mande

Li pral nenpòt kote ou vle ...

(Emmanuel W. Védrine),

Koze lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

36

LÈ M TE FÈK RANKONTRE W

Mwen sonje w t ap li yon roman

Lè m te fèk rankontre w

Mwen sonje souri ki te nan figi w

Ou te kanpe nan w estasyon tren

Byen dyanm kou Anakawona

Drèt kou Lakrètapyewo

Mwen te ka li lanmou nan figi ou jou sa a

Tèt mwen te grate m

Tout kò m t ap pike m

Vant mwen te kòmanse bouyi

Mwen santi m t ap tranble

Cheve m tresayi

Mwen pa t gen okenn ide de ou

Se pa sa k te enterese m tou

Mwen jis t ap gade

Mwen jis t ap obsève

Mwen jis t ap eseye devine

Sa ke w t ap panse

M sonje premye mo m te di ou

M pa bliye ti souri ou

M pa bliye ti konvèsasyon nou te fè

Malgre nou pa t gen anpil lè

M pa ka bliye premye envitasyon an

Pou n te ka pase yon ti moman

Dyaloge youn ak lòt

Yon fason pou youn te rive konn lòt.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

37

LITANI YON MACHANN

Adye Sòna!

Bon vye malerèz!

Li toujou pase nan zòn lan menm lè a

Epi malerèz la pa konn lè non.

Chak jou, depi dizè fè beng,

Ou tande chante a kòmanse:

Men bèl

Pwa bè

Pwa blan

Pwa frans

Pwa jòn

Pwa nwa

Pwa vèt

Diri blan

Diri jòn

Diri odeveya (O.D.V.A)

Mayi Semak

Soupoudre e e e.

Tout timoun nan katye a vin abitye ak mizik sa a

Se tankou yon do, re, mi, fa, sòl, la, si, do.

Li toujou repete yo annòd:

Lendèyèlòt.

Pye malerèz la gen yon koulè inesplikab

Tèlman l pran pousyè nan lari Bapedchoz, Kafoufèy ak Soudal.

Venn kou l rèd tankou yon grenn bal

Tèlman chay la lou sou tèt li.

Kè w fè w mal lè w gade malerèz la k ap monte

Mòn Nelyo byen rapid

Tankou yon machin k ap pran l an dezyèm.

Pòv malerèz!

Podyab!

Poudi l la toujou?

Ou kwè Sòna pa do mouri?

Si w ta mande l si chay la lou

Li ta ka fache.

Anpil machann pa vle tande moun di sa,

Yo pa vle moun di chay lou.

Yo di: «Pa di sa,

Si gen w zonbi,

W a fè l pati!»

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

38

MEDITASYON

Lè m pa pale ak ou,

Pa panse m pa panse a ou

M jis ap medite.

Si m pa rele w cheri,

Pa panse solèy lanmou m kouche pou ou

Se jis orizon krepiskil solèy sa a ou wè.

Nan rèv mwen,

M karese pawòl siwo myèl ou

Ki te kòmanse jèmen anndan m

Tankou bèl ti flè peyi k te kòmanse

Boujonnen sezon prentan.

Pafwa m menm pase pawòl dous ou yo an revi

Pou restore prezans lanmou w nan mwen.

M konn fèmen de je m,

Blayi sou do

Epi m ouvè de bra m

Kòmkidire m ap rale w lantman

Pou miyonnen w tout kote k dwòl

Pou m ka tande son matyavèl.

Men lè m voup m ouvè yo,

M wè se nan yon rèv je klè m te ye.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

39

MONTRE M PITO

Pechè, m abitwe ak ou.

Pa fè m kado ti grenn chak kou.

Ou sèmante

Pou pa montre m peche.

Ou refize

Montre m ranje privye

Ou ban m al plen kalbas

Men ou pa montre m tann nas.

Ou mennen m al achte

Men ou pa montre m plante.

Pechè, p ap ban m ti grenn chak jou

Men montre m kenbe tou!

Pechè, p ap ban m sèlman al plen kalbas

Men montre m tann nas!

Pechè, p ap annik mennen m nan mache

Men montre m plante.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

40

MWEN REVE W DWÒL

Yèswa m reve w

M wè se bobin fil mwen

M ap deplòtonnen

Pou m al monte grandou w

M wè m kanpe drèt sou tèt Lakrètapyewo

M ap domine

Yon vale,

Yon bèl vale chaje ak flè solèy

Ki blayi toutouni.

Jilèt mwen gen tan pre

Pou tache nan ke grandou a

Dekwa pou bandi pa pwoche

Pou pa menm manke panse

Voye kap mwen ale.

Tanzantan m wè m ap ba w liy

Epi w ap fè zikap-zikap

Anba yon boul solèy cho

Pou al jwi van lespwa m

Yon van ki kòmanse satouyèt zòrèy ou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

41

MWEN SONJE OU

Chak lè,

Chak minit

Chak segonn

Mwen sonje ou

Mwen pataje ak ou

Doulè kè ou

Mwen konprann santiman ou

Ou menm ki dispoze

Ede lòt moun

Nan moman patikilye sa a

Nan ane a

Pafwa

Sa pase konsa

Nan lavi a

Men m panse a ou

Mwen sonje ou.

(Emmanuel W. Védrine),

Poetry in Haitian Creole (1993)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

42

NOU PANSE N TE SÈL

Pafwa

Nou panse pesonn p ap panse a nou

Anpil koze travèse lespri nou:

N ap panse a travay

Difikilte lavi

Koze ayè koze jodi

Anpil koze k preyokipe nou,

Pwoblèm pou solisyone…

Ou di tout!

Epi sanzatann

Nou tyeke bwat postal nou

Nou reyalize

Nou pa t sèl

Nan monn sa a

Nou souri

Paske gen

Yon moun yon kote

K ap panse a nou.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»,

«Pwezi abstrè»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

43

NOUVO DIREKTÈ, NOUVO WOULO KONPRESÈ

Enjistis nan travay lakay se dlo nan je

Se yon gwo kriz pou fè kè anpil moun rete

Depi yon nouvo direktè fin enstale

Premye vitès misye pase se revoke

Sa pa mele l kilès ki te fè bon travay

Pase li gen yon djòb pou l fè yon dechoukay

Depi desanzan dechoukay manchlong tanmen

N ap mande, men ki lè tout bon sa ap pran fen?

Nou tout konnen gen grangou Ayiti se vre

Men sa vin plis sanble chire pit pou manje

Elas! Konbyen moun van revokasyon bwote?

Anpil nan yo inosan, kibò yo prale?

Dirèk tounèf monte, ansyen ekip kraze

Se toujou premye vitès dirèk yo pase

Si ou twonpe w, w ap panse se koze serye

Men se yon politik rale kò w ban m pase

Konpetans pa enpòtan pou fè bon travay

Lè gwo chèf mete yon dirèk pou fè piyay

Sa k pi enpòtan se piye vit al sere

Abi sa a pa yon istwa ki la depi yè

Men l te la depi sou prezidan Bann Machwè

Konbyen bouch ki ap baye lè sa fin rive?

Batay kont koripsyon se yon jwèt ki mele

Lè sendika nan yon peyi ret kokobe.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

44

OU PANSE M T AP TOUNEN

Se ou k te di w al anvan

Ou fè kòmsi w ta pral pran van

Ou fè m babay pouryen

Kòmsi w panse m t ap tounen

Mwen konnen tèt ou te chaje

M t ap eseye ede w pou chanje

Men pi devan ou vle pran devan

Kòmsi se yon kous pou te rive anvan.

Ou panse m t ap tounen

Konnen ke sa pa di m anyen

Chemen an long, mache

Lanmè a bèl, navige

Ou pa fè filalang ak lanmou

Nan lanmou, pa gen bay panzou

Ou fè kòmsi w ta prale

Se pa fòt mwen, m tou bwaze.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

45

PA BLIYE

Si van an ta frape

pòt kè w yon lè

ouvè l san pè

se lonbray prezans mwen w ap reve.

Si w wè tak lapi

ap tonbe sou fenèt kè w gwo apremidi

panse a dlo k te konn sot jan je w

lè w te damou pou mwen,

lè m te konn miyonnen w.

Konsa, powèt la reviv,

li rajeni kou yon èg

e l montre sa

bò chemen kote mak pye w rete,

kote mak pye n te pase.

(Emmanuel W. Védrine),

Koze Lanmou I (1995)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

46

PAWÒL AN PIL

Yon pil pawòl:

Pawòl lèt kondanse

Pawòl nannan kokoye

Pawòl mant toli

Pawòl piwili…

Yon bobin pawòl k ap deplòtonnen

Pou al monte grandou lanmou

Lajounen, sole kouche

Pawòl cho

Ki mache nan mwèl zo

Pawòl kat je kontre

Pou rèv je klè reyalize

Koze sekrè ke lanati kreye

Pawòl titit k ap kriye

Paske l bezwen tete…

Yon pil pawòl,

Pawòl an pil.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

47

PITIT AK MANMAN ADOKTIF LI

Pitit, manman sa a te adokte ou

Men ou konn vrè manman ou,

Yon lòt te adokte ou

Byen lontan

Men yo toujou gen yon rezon

Yon timoun pa ka gen

De manman

An menm tan.

Ti minè, timoun adokte, timoun gate!

E ki konplètman esplwate!

Gade frè ou yo kounyeya!

Van bwote yo

Timoun adoktif, yo te konn respekte lontan

Ini nou kounyeya!

(Emmanuel W. Védrine),

Poetry in Haitian Creole (1993)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

48

POUKISA SE AYISYEN?

Premye Pèp Nwa endepandan nan lemonn

Premye pitit Ewòp ak Afrik

Poukisa ou kote ou ye a kounyeya?

Poukisa se sou do ou yo lage tout chay?

Poukisa frè m yo ap mouri nan dlo?

Poukisa y ap maltrete yo Gwanntanamo?

Poukisa se nou yo di ki pote sida?

Poukisa yo pa vle san nou?

San nou ki te koule

Pou bay lòt libète

Poukisa se Ayisyen yo meprize?

Poukisa se nou yo bay vye chay pote?

(Emmanuel W. Védrine),

Poetry in Haitian Creole (1993)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

49

PÒV K AP MANDE NAN PÒTOPRENS

Yo bò Koridò Marengwen

W ap wè pòv yo nan tout rakwen

W ap wè yo nan zòn Bwavèna

Si w al Mache Anba, yo la

Yo grangou, yo bezwen manje

Se rezon ki fè y ap mande

Ak yon ti kwi kenbe nan men

Y ap mande moun tout lajounen.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Ti powèm ayisyen oktosilab»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

50

PREMYE AK DÈNYE

Li te premye pitit Afrik

E kounyeya, yo konsidere l

Kòm dènye

Ann Amerik

Li te gen kat las yo nan men l.

Li te genyen premye fwa a

Se te yon sipriz pou ènmi l yo.

Kounyeya, y ap moke l

Paske yo te viktim yon lè

E yo sonje viktwa sa a ankò

Istwa inoubliyab sa a

Toujou ba l espwa

Malgre yo konsidere l

Kòm dènye

Se li k te premye.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: Poetry in Haitian Creole (1993),

«Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

51

PRESTASYON SÈMAN PREZIDANSYÈL

Vyèy Altagras pete 2 je nan tèt mwen!

Mwen sèmante devan nasyon an e devan tout moun

Pou sèvi ak konstitisyon an kòm papye ijyenik,

Pou derespekte l an premye epi fè lòt

Sanzave derespekte l tou,

Pou yo derespekte dwa pèp ayisyen an

Epi pou nou travay nan dezinyon

Dekwa pou peyi a kontinye fè bak

Pou ranfòse lokipasyon

Pou dezonè yon ti nasyon.

Sendenden, ou menm ki patwon tout

Magouyè, raketè, souflantyou, vendèdpeyi,

Ou va ban m kouray ak sajès pou gouvène

De fason pou seche kès leta a yon lòt jan

Epi pou m foure tout patnè n yo

Nan yon bon pozisyon.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

52

RESÈT POU DEPRESYON

Bwè yon vè dlo frèt chak maten.

Pa bwè kafe menm pou kè w pa bat fò

Lè w ap panse a mwen.

Si w vle te, pa pran sa k gen kafeyin.

Pran demi vè diven lè w ap dine

Pou kè w mache opa oto ogalo.

Chak kou w fin benyen epi w fin fè

Kò w santi bon

Sitou nan aswè, li Koze Lanmou

Epi fèmen je w pou omwen senk minit

Pandan ou layite sou do, kòmkidire w ap di m:

M santi m frèt cheri.

Vire bò apre, kòmkidire se masay m ap ba ou

Pou kalme nè w yo

Pandan m ap kapte pòs kazo sou bann a.m ou f.m

Pou tande

Mizik matyavèl,

Konpa pa fè sa,

Mizik siyis siyis

Pou fè kokoriko m chante.

Fèmen je w ankò pou kèk minit

Kòmkidire se nan bra m menm w ap tonbe

Pou m ka ranmase w

Lèfini pou m grenpe mòn apik yo douseman

Epi desann nan vale a lanteman.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

53

RÈV MWEN POU DEMEN

Douvanjou n se rèv demen

ki dwe plòtonnen nan konbit tèt ansanm

Mizè ayè n va sèvi fèy papye listwa

pou korije devwa demen

Nawè n va sèvi plim ak lank

pou kouche sou papye

zègrè n nan manje ayè

pou jenerasyon k tou piti

ak sa k gen pou wè premye solèy lavi

apre bonnèt ventyèm syèk chavire

N a kontinye met angrè ak fimye

nan pepinyè Ginen yo

pou kontinye bay bon rekòt

N a sekle raje zigzani, lògèy ak egoyis

nan jaden nou

pou n simen plan lanmou

dekwa pou rebwaze lakay ak bèl flè peyi.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

54

RÈV DWÒL!

Mwen wè w jan w te fèt la

Menm jan w ye kounyeya

Mwen di w ti pawòl dous

Pandan w fèmen zye w

Ap kontanple prezans mwen

Kòmsi w te nan yon ramak

Ap kontanple yon bon ti van

Nou fè, e refè

Tout sa n pa t panse fè

Epi popyè m ouvè sanzatann.

Rèv dwòl!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

55

RESPÈ POU FANM AYITI TOMA

Gade!

Pinga! Pinga nou maltrete yo!

Pinga nou joure yo!

Fè kè yo kontan

Menm lè y ap travèse moman nwa

Pinga! Pinga nou fè yo fache!

Pa eseye gen dyòl long ak yo

Respekte yo

Fanm Ayiti Toma yo

Se Bondye ki ban nou yo

Ann gade yo ak konsekans

Ann apresye yo

Ann ede yo

Gade!

Pinga! Pinga nou abize yo!

Respekte yo

Ann respekte tout Fanm Ayiti Toma

Tanpri souple, pa minimize yo

Pa meprize yo

Gade!

Pinga! Pinga nou dezapresye yo!

Toujou ede yo

Leve vwa yo pou demokrasi boujonnen pou yo

Respekte yo

Gade!

Pinga! Pinga nou abandone yo!

Kèlkeswa peyi n pase, ede yo

Y ap kontan, y ap fyè

Dèske yo se Fanm Ayiti Toma

Pa fè yo fache

Se pou nou miyonnen yo

Respekte yo

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

56

RILAKS

Pafwa m santi m ta jwe akòdeyon pou ou

si m te Dyo Jak

M ta jwe gita pou ou

si m te Betova Oba

M ta jwe pyano pou ou

si m te Chopen

M ta jwe vyolon pou ou

si m te Motza

M ta chante pou ou

si m te Oulyo Iglesias

M santi m ta kapte pòs kazo w

sou bann a.m ou f.m

pou m tande son dous, son matyavèl:

kalipso

konpa

merenge

rege

salsa

soukous .

Ala soukous ou ta bay

pandan w ap danse patyangga!

Epi lò fini m ta met sik

sou bonbon w

Wi w ta rilaks!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

57

SA M PANSE DE POWÈM

Yon bon powèm touche nanm.

Bon powèm bon pou lespri.

Kijan lemonn ta ye san powèm ak mizik?

M kite powèm mwen pale.

Mwen pale powèm.

Powèm se yon lòt lang mwen aprann.

Powèm se vi mwen.

Powèm se yon bonjan zam.

Powèt wè lemonn nan pwòp fason yo.

Linivè se yon powèm.

(Emmanuel W. Védrine)

SE BON TANDE!

Sa m wè pou ou Antwàn nan Gonmye

pa wè l!

Tansèlman w ap takinen m

W ap plede agase chen m

Epi lè fini pou di l mòde an trèt

W ap plede woule balon m

Kòmkidire se choute w pral choute l

W ap taye banda ban mwen

Epi w ap plede gade m dwòl

Mwen chita byen pwòp

Epi w vin ap grate tèt mwen

Kòmkidire se kap mwen genyen

Kouto digo m la byen pwòp

Epi w ap pase men w sou lanm li

Apre pou di m ou blese

M wè w ap plede satouyèt mwen

Pou wè si m sansib

Se bon tande,

Tansèlman se bon!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze Lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

58

SE DO L MWEN WÈ

Se do l mwen wè

Sa, se kado mwen

Sou pretèks li pa gen tan menm sèjousi,

Pa menm yon alo pou di bonjou cheri

Tandiske l toujou gen w bèl souri nan vizaj li

Lè l li mesaj mwen yo

Kèk mo pou pete yon ekla ri oubyen pou pouse katchil

Kreyòl sa a, pa gen dout ke l, reve touche m

Tout kote l ta renmen:

Nan lye sekrè yo

Kote n ka tande senfoni zwazo yo

Nan mitan forè kote dlo yo ap plenyen

Nan plaj, pandan n ap jwe sou sab la

Dèyè gwo pyebwa nan mitan jaden yo

Imajinasyon yon souwè

Melanj yon rèv mouye

Paròl dous

Paròl rèv

Paròl an pil.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze Lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

59

SE KREYÒL MWEN PALE

Mèsi Papa Bondye dèske se kreyòl mwen pale

Ala bèl lang sa a bèl!

Mwen di sa m panse ladan san tèt grate

Mwen pa gen okenn vèb pou m konjige,

Okenn sibjonktif m ap anplwaye

Pa gen fè tilititi

Pou blofe pitit natifnatal yon peyi

Mèsi Papa dèske se an kreyòl mwen panse

Mèsi dèske m fèt sou tè d Ayiti

Kote lang sa a soti

Lang yon dal gwo Ewo te pale:

Tousen

Desalin

Kapwalamò

Anrikristòf

Chalmayperal

Yo tout te pale kreyòl

Se nan lang sa a yo te kominike

Pou yo te ban m libète

Yon lang ki pa lang vini

Lang kolon yo ta renmen detwi

Men m p ap boukante lang mwen an

Pou lang ki soti lòt kontinan

Mwen p ap fè boukantay pou okenn bagay

Zafè sila yo ki renmen esklavay

Fòk se li pou m pale

Se nan li pou m reve

Se li m pi renmen

Se li ki san mwen

Kreyòl se nanm mwen

Nenpòt Ayisyen ki ta meprize lang sa a

Pa yon vrè kreyòl

Se pa yon vrè natifnatal peyi d Ayiti

Son w ti sousou lòt peyi

Yon sousoubrake k pa gen kote pou l rete

Yon reskiyè k toujou ap tann kras manje

Yon moun ki san diyite

Ki pa konn sa l ye.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

60

SA OU DWE KONNEN

Mwen vle w konnen

Ke gen yon moun k ap panse a ou

Yon moun ki vle ede ou

Sou wout la

Yon moun ki ka solisyone pwoblèm ou

Yon moun ki vle ak ou

Lè solèy la klere

Ak lè lapli tonbe

Mwen vle w konnen

Ke gen yon moun

Ki p ap kite w pou kò w

Yon moun ki panse a ou

Yon moun ke ou ka pale ak li san pwoblèm

Epi kè ou ap kontan

Premye fwa w ap kontan konsa

Se mwen menm,

Yon moun ki panse a ou menm.

(Emmanuel W. Védrine),

Poetry in Haitan Creole (1993),

«Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

61

SOLÈY LANMOU W KOUCHE POU MWEN

Apre w fin damou pou mwen

Nan rèv ou yo

Mwen kòmanse naje

Nan lanmou w

Yon lak mwen panse m

Te ka travèse

San difililte

Mwen gen tan anpile

Yon dal bèl rèv

Ki t ap soufle dife anndan m:

Panse m fè lakwobat lè m reve w

Kòmkidire m te gen tan goute

Siwo lanmou w

Mwen karese w san m pa janm touche w

Chak kou m reve w

Rèv mwen yo mouye

Ou kòmanse mache

Nan chemen lanmou m

Epi w voup ou kanpe

San w poko menm rive

Pou ta di m kòman wout la te ye.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

62

SOLÈY SA A

Lè m pa wè Solèy sa a

Lonbray fè m chagren

M santi m frèt,

Yon fredi nan mwèl zo

M santi m bouke,

Bouke nan tout manm

Dòmi nan je m,

Yon dòmi gwo lajounen

Mwen tris,

Yon tristès san parèy

M fatige,

Nan bra ou

M ta renmen

Repoze.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Koze lanmou II»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

63

VOTE AK KONSYANS!

Alo Ayiti Cheri! Alo o! Wi se mwen...

Wi pitit ou nan dyapora a…

Wi, se yon long distans!

Se yon mesaj mwen gen pou ou:

Di pèp la al vote jou eleksyon.

Di l pa panike, al vote!

Jan l Pase l Pase!

Pa rete andedan kay,

Di yo al ranpli devwa sivik yo jou sa a!

Fò nou vanse kote n rive a!

Di yo vote demokratikman cheri!

Di yo pa vote kandida pou kleren.

Vote ak konsyans!

Vote yon kandida yo panse ki kapab pote yon chanjman,

Vote yon kandida ki kapab travay pou byennèt Ayisyen,

Vote yon kandida ki gen mwens twou nan manch!

Di yo fè sa ak lòd cheri!

Suiv lòd ofisyèl yo ak lapolis jou sa a pou montre yo sivilize.

Pa fòse yon moun vote yon kandida jis pou pwomès.

Vote dapre bon jan enfòmasyon yo genyen de kandida a,

Youn yo panse ki ka fè yon diferans tande.

Bòn chans a kandida ki va monte a!

Jan l Monte l Monte!

Pa bliye se prezidan tout Ayisyen (kapitalis, kominis (fo, vrè),

maksik (fo, vrè), opòtinis, pòv, rich, sosyalis (fo, vrè) li pral ye.

Tout se pitit Sò Ayiti ki renmen yo malgre jan yo ye.

Donk ou va di l fè tout posib li pou fè yo travay ansanm

Dekwa pou sove lonè lapatri.

Di yo al vote jou vòt la toutoun!

Oke, m ale cheri!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

64

VWAYAJÈ

Gen anpil rezon

Ki fè moun vwayaje:

Gen vwayaj biznis,

Gen vwayaj plezi elatriye…

Ou fè konesans

Yon lòt kilti.

Konpòtman moun yo

Byen diferan.

Yo kontan

Pou wè lòt moun.

Ou aprann de yon lòt kilti;

Moun yo byen kontan.

Moun yo prè pou ede ou

Paske ou se etranje

Yo kirye

Men yo pa janm fache.

(Emmanuel W. Védrine),

Poetry in Haitian Creole (1993)

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

65

YO MENM, MWEN MENM: LADIFERANS

Twòp moun k ap kowonpi!

Èske m se youn k ap kowonpi tou?

Twòp kowonpi!

Èske m se yon jij kowonpi?

Twòp kriz!

Èske m ap viv nan yon sosyete ki an kriz?

Twòp konfli!

Èske se konfli d enterè?

Twòp politisyen!

Èske m ka yon politisyen onèt?

Twòp pwoblèm!

Èske m ka pote yon solisyon?

Twòp mizè!

Èske m ka bay manje?

Twòp fatra!

Èske m ka ede mentni vil yo pwòp?

Twòp medyòk!

Èske m ka fè yon bagay kont medyokrite?

Ase! Ase! Ase!

Nou dwe fè ladiferans!

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon : «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

66

RABLABLA KANDIDA PATRIPÒCH

A, wi! Yo pale anpil,

yo konn rablabla

epi yo konn kilè pou rablabla

pou twonpe nou

men, yo pa janm mansyone

nan Plan Gouvènman yo

destriksyon latrin

omwen nan kapital peyi a,

yon lye ki pote non

«Port-au-Prince».

Yo pa janm mansyone

destriksyon bidonvil yo -

abita iben popilasyon

ki pi mizerab la.

Yo pa janm mansyone

yo pral kreye lekòl gratis

tribòbabò nan peyi a pou fini ak

epidemi «analfabetis» la ki fè ravaj

e ki kontribye nan soudevlopman

Premyè Repiblik Nwa a.

Men reyalite a! Yon latriye vòlè,

sèvo chavire,

chèf bann madigra,

kandida ki, yon fwa yo fin monte

sou fotèy boure a,

pa ka menm solisyone

yon ti pwoblèm elektrisite

ki la depi epòk Cumberland.

A, wi! Kandida konbèlann

ki pral kontinye tann kwi

devan Sen Washington

pou mande l charite ak favè

nan lang anglè

anfen, Kandida Mandyan

an majiskil k ap reve ankese

ase grinbak nan bank etranje

nan de tan twa mouvman

pou bati chato tout kote

pou fanm sou kote,

epi vòlè ase lajan

pou plizyè jenerasyon.

(Emmanuel W. Védrine)

Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

© E. W. Védrine - Echantiyon Tèks Powetik an Kreyòl Ayisyen

67

OTOBIYOGRAFI

Bibliyograf, chèrchè, edikatè, editè, entèprèt, eseyis, leksikograf, lengwis,

powèt, romansye, tradiktè, Emmanuel W. Védrine fèt Lazil, Ayiti. L al nan

inivèsite Etazini ak Ewòp kote l etidye Lèt ak Lengwistik. Li resevwa plizyè

bousdetid, enkli The Harvard University Graduate Fellowship (Teyori

Lengwistik), The Indiana University Graduate Scholarship (Lengwistik

Fransè), ak lòt ankò. Otè plis pase yon ventèn liv ak plis pase 70 atik ak

dokiman sou Ayiti e sou kreyòl. Pwofesè lisansye fransè ak espayòl (Grad 7-

12) nan eta Massachusetts (USA). Ansyen pwofesè Syans Sosyal ak Lang

Etranje nan Boston Public Schools, Védrine anseye tou nan lòt enstitisyon

Ameriken (University of RhodeIsland, Indiana University, The Boston

Language Institute …). Fondatè e Redaktè an chèf “E. W. Vedrine Creole

Project” (1993), yon pwojè piblikasyon ak bi pou devlope materyèl didaktik

pou Pwogram Bileng Ayisyen (Ayiti kou nan dyaspora a) e pou moun k ap

aprann kreyòl. Fondatè pi gwo Anyè Elektwonik sou Ayiti, Haiti’s Super

Web Directory (1998). Li kontribye tou a plizyè enstitisyon ki gen pou wè

ak piblikasyon, pwojè sou kreyòl (Boston Public Schools (Chapter 766),

Cambridge Public Schools, Eritaj Foundation, Mason Integrated

Technology (MIT2), Pimsleur Language Training, REKA (Rezo Entènèt

Kreyolis Ayisyen), Simon & Schuster, Somerville Human Rights

Commission, The Boston Language Institute, The Indiana University Creole

Institute, Potomitan.info, Windowsonhaiti.org. Zèv literè l parèt nan

Anthology of Haitian poets of Massachusetts, Bon Nouvèl, Bulletin

Commercial du Massachusetts, Boston Haitian Reporter, Educa Vision,

CreoList Archives, Haiti 2004, Haïti Courrier, Haitionline.com, Haïti en

Marche, Haïti Progrès, Haitian-American Souls, Haitian-American Tribune,

Haitian-American News, Komè, Kreyòl Connection, Le Matin, Le

Nouvelliste, Libète, MIT2, Orèsjozèf Publications, Revolution Revolisyon

Révolution, The Creole Connection, Prisma (Umass-Boston), REKA, Soleil

des Iles, The Nations Tribune, Soup To Nuts, SICRAD, TANBOU.com,

Windowsonhaiti.org, SEDRA. L ap viv Boston (Etazini).